6.
Renmen Bondye, renmen pwochen ou
Matye 22:37–40
Pou ede w fè bon chwa, Bondye bay kòmandman. Li fè sa paske Li renmen ou. Epi pi bon rezon pou w obeyi kòmandman Bondye yo se paske ou renmen Li. Lanmou se eleman santral kòmandman Bondye yo.
Verite Etènèl yo
Bondye renmen ou. Li se Papa ou. Lanmou pafè Li ka enspire ou pou renmen Li. Lè lanmou ou pou Papa nou ki nan Sysl la se enfliyans ki pi enpòtan nan lavi ou, anpil desizyon vin pi fasil.
De pi gran nan tout kòmandman yo se renmen Bondye ak renmen pwochen ou. Epi kiyès ki pwochen ou? Tout moun! Tout lòt bagay nan ekriti yo ak sa pwofèt yo anseye konekte avèk de kòmandman sa yo.
Tout moun se frè ak sè ou—enkli, natirèlman, moun ki diferan de ou oubyen ki pa dakò avèk ou. Papa nou ki nan Syèl la vle pitit Li yo renmen youn lòt. Lè ou sèvi pitit Li yo, se Limenm w ap sèvi.
Envitasyon
Montre lanmou pou Bondye nan kenbe kòmandman Li yo. Pa egzanp, si ou santifye jou Saba a, enkli fidèlman prepare pou pran sentsèn, ou montre Bondye ke ou dispoze konsakre yon jou nan semèn nan pou Li. Lè ou jene ak peye dim ak ofrann yo, ou montre Bondye ke travay Li a pi enpòtan pou ou pase bagay materyèl. Lè ou itilize non Bondye ak Kris la avèk reverans, pa janm anven ni avèk ensousyans, ou montre ke ou rekonesan pou tout sa Yo fè pou ou.
Trete tout moun kòm pitit Bondye. Antanke yon disip Jezikri, ou kapab sèvi kòm modèl nan trete moun tout ras, relijyon, ak nenpòt lòt gwoup avèk lanmou, respè—espesyalman moun ki pafwa viktim anba pawòl ak aksyon ki blesan. Lonje lamen bay moun ki santi yo solitè, izole, oswa san defans. Ede yo santi lanmou Papa nou ki nan Syèl la atravè oumenm. Pataje avèk yo benediksyon Li bannou, epi envite yo suiv Jezikri.
Veye pou langaj ou reflete lanmou pou Bondye ak pou lòt moun—keseswa w ap kominike avèk yon moun an pèsòn oubyen virtyèlman. Di bagay ki edifyan—pa di anyen ki ta ka divize, blese, oubyen ofanse moun, menm si se yon plezantri. Pawòl ou kapab puisan. Kite yo vin puisan pou fè bon bagay.
Montre amou pou fanmi ou. Lanmou pou tout pitit Bondye kòmanse nan fwaye a. Fè pati pa w pou fè fwaye ou vin yon andwa kote chak moun ka santi lanmou Sovè a.
Pwomès Benediksyon yo
Relasyon ou avèk Bondye ap vin pi pwofon si w eksprime lanmou Li atravè obeyi kòmandman Li yo ak kenbe alyans ou fè avèk Li yo.
Relasyon ou avèk lòt moun ap vin pi apwofondi si ou eksprime lanmou ou atravè sèvis Kretyen. W ap jwenn lajwa nan fè mond lan vin yon kote ki gen plis lanmou.
Kesyon ak Repons
Kijan mwen kapab santi lanmou Bondye? Lanmou Pè Selès la toujou disponib. Pale avèk Li souvan atravè lapriyè. Pataje sa w santi avèk Li, epi pote atansyon avèk enpresyon ki soti de Li yo atansyon. Li pawòl Li yo nan ekriti yo. Panse avèk tout sa Li fè pou ou. Pase tan nan andwa ak aktivite kote Lespri Li prezan.
Èske Senyè a atann pou m renmen tout moun, menm moun ki trete m mal? Senyè a atann ke ou renmen enmi ou yo epi priye pou moun ki maltrete ou. Sepandan, sa pa vledi ou dwe rete nan yon sitiyasyon ki ka lakòz ou blese emosyonèlman, fizikman, oswa spirityèlman. Etabli bon kalite limit pou kenbe tèt ou an sekirite. Si w ap sibi abi oubyen move tretman, oubyen ou konnen sa ap rive yon lòt moun, pale avèk yon grandèt ou fè konfyans.
Kilè ak kijan mwen ta dwe aprann konnen manm sèks opoze yo? Pi bon fason ou ka aprann konnen lòt moun se atravè amitye ki sensè. Pandan ou jèn, bati bon amitye avèk anpil moun. Nan kèk kilti, jèn yo aprann konnen manm sèks opoze yo pa mwayen bon jan aktivite an gwoup. Pou devlòpman ak sekirite emosyonèl ak spirityèl ou, ranvwaye aktivite tètatèt yo pou jiskaske ou rive atenn matirite—laj 16 an se yon bon rekòmandasyon. Fè konsèy avèk fanmi ak dirijan ou yo. Kite relasyon esklizif yo pou lè ou vin pi gran. Pase tan avèk moun ki ap ede ou kenbe angajman ou yo ak Jezikri.
Kisa mwen kapab fè si fwaye mwen pa yon kote ki gen lanmou? Sovè ou konn sitiyasyon ou, epi Li renmen ou. Rete pasyan, kontinye kenbe kòmandman Bondye yo, epi rete yon bon egzanp pou fanmi ou. Aksyon lanmou senp ou yo kapab fè yon gwo diferans. Ou kapab bati relasyon nan fanmi pawas ou a tou. Prepare kounyea pou w bati pwòp fanmi pa ou ki fonde sou ansèyman Jezikri yo. Sonje: Jezikri se fòs ou!
Gade Ezayi 58:3–11 (objektif jèn); 58:13–14 (benediksyon nan onore Saba a); Malachi 3:8–10 (benediksyon nan peye dim); Lik 6:27–28 (renmen enmi nou); 10:25–37 (kiyès ki pwochen mwen?); Jan 3:16–17 (Bondye renmen nou, se pou sa Li te voye Pitit Gason L lan); 14:15 (nou kenbe kòmandman yo paske nou renmen Bondye); 1 Jan 4:19 (nou renmen Bondye paske Li renmen nou); Mozya 2:17 (lè nou sèvi lòt moun, se Bondye n ap sèvi).
Kesyon Rekòmandasyon Tanp yo
-
Èske w suiv ansèyman Legliz Jeziki pou Sen Dènye jou yo nan konpòtman w an prive ak an piblik avèk manm fanmi ou ak lòt moun?
-
Èske w peye yon dim konplè?