Jèn yo
1. Plan Bondye a se pou ou


Kris k ap mache nan yon jaden

1.

Plan Bondye a se pou ou

Alma 22:13

Anvan nou te vin sou tè a, nou te viv avèk paran selès nou yo. Ou se pitit byeneme yo. Nan syèl la, ou te aprann konsènan plan Bondye pou fanmi Li a. Ou te resevwa plan sa a ak kè kontan paske li tapral ede ou grandi epi pwogrese pou vin pi sanble ak Bondye nan resevwa yon kò fizik, vin fè pati yon fanmi terès epi fè eksperyans lavi sou tè a. Kèk nan eksperyans sa yo tapral difisil. Papa nou te konnen sa, donk, kòm yon pati nan plan Li a, Li te voye yon Sovè, Jezikri, pou ede ou. Nou rele sa plan sali a oswa plan kontantman an.

Verite Etènèl yo

Papa nou ki nan Syèl la se otè plan an. Li se Papa lespri ou, epi Li renmen ou. Li vle ba ou pi gwo benediksyon Li a—lavi etènèl avèk Li. Nan lòt mo, Li vle ou vin pi plis tankou L epi viv lavi kè kontan, gloriye L ap viv la. Li gen tout pouvwa epi Li konnen tout bagay. Ou ka mete konfyans nan Li, menm lè lavi a difisil.

Jezikri rann plan an posib. Anvan mond lan te kreye, Papa nou ki nan Syèl la te chwazi L pou L vin Sovè nou. Jezikri se sèl moun ki ka mennen nou tounen jwenn Papa nou ki nan syèl la. Se poutèt sa nou chwazi suiv Li. Tout bagay depann de chwa sa a!

Maryaj ak fanmi esansyèl nan plan Bondye a. Nou fè pati fanmi Bondye a, epi tout pitit lespri Li yo vin sou latè atravè yon manman ak yon papa. Bondye vle pitit fi ak pitit gason Li yo pwogrese ansanm nan direksyon pèfeksyon etènèl. Gason ak fi chak kontribye egalman nan yon maryaj lanmou, inifye. Lavi fanmi isit la sou tè a—menm avèk tout enpèfeksyon li yo—kapab pote gwo lajwa. Li fèt pou ede w prepare pou lavi etènèl avèk Bondye.

Envitasyon

Kenbe yon pèspektiv etènèl. Chak fwa ou fè fas ak tantasyon, eprèv, desepsyon, oswa chwa difisil, raple tèt ou plan Bondye a. Gade kijan verite etènèl ou konnen yo konsènan plan Li a kapab ede w wè difikilet w yo nan yon fason diferan.

Chèche men Bondye nan lavi ou. Remake fason Bondye ap beni ou. Li gendwa se yon aksyon janti nan men yon moun, yon moman lapè, oswa yon repons pou priyè.

Chwazi suiv plan Bondye. Aprann konsènan sa Papa nou ki nan Syèl la vle w fè. Chèche gidans Li pandan w ap etidye ekriti yo, pawòl pwofèt vivan yo, pwoklamasyon fanmi an, ak benediksyon patriyakal ou. Sa ap ede w prepare pou sèvi Senyè a, antanke misyonè e pandan tout lavi ou. Fè sèvis pou Senyè a, maryaj etènèl, ak elve timoun vin yon gwo priyorite. Fè pati pa w la pou w gen yon fanmi ki kontan kounyea nan suiv ansèyman Jezikri yo.

Jezikri ap mache nan yon jaden zèb ak limyè k ap klere soti nan li

Pwomès Benediksyon yo

Ou kapab fè fas a eprèv lavi yo avèk kouraj ak espwa nan Kris la. Paske ou konnen plan etènèl Bondye a, ou gen yon zouti enpòtan ki kapab ede ou nan moman difisil yo. Ou konnen gen pi plis toujou nan lavi a pase sa k ap pase ant nesans ak lanmò. Ou konnen kiyès ou ye toutbon, kisa objektif ou ye, epi kiyès ou kapab devni avèk èd Sovè a. Jezikri se fòs ou!

Ou kapab resevwa lavi etènèl pandan w ap suiv Jezikri. Li pral ba ou pouvwa pou vin pi plis tankou Li, retounen jwenn paran selès ou yo, epi viv nan lajwa avèk moun ou renmen yo etènèlman. Fè Jezikri Konfyans.

Kesyon ak Repons

Poukisa lavi a difisil konsa pafwa? Kijan mwen kapab jwenn fòs? Eksperyans ou yo nan lavi sa a—menm sa ki pi difisil yo—kapab se pou byen ou. Yo kapab ede ou grandi ak pwogrese pandan w ap vin jwenn Sovè a. Pa gen anyen w ap travèse ke Jezikri pa konprann akoz sakrifis ekspyatwa Li a. Li konnen egzakteman kijan pou L ede ou. Konsantre lavi ou sou Li, epi L ap leve w anlè tout dout ak krent.

Pafwa, ide lajwa nan fanmi ak maryaj la sanble yo lwen anpil. Kijan m kapab jwenn konfyans? Kèlkeswa sitiyasyon ou, pa abandone plan Papa nou ki nan Syèl la. Li p ap abandone ou. Si w fidèl anvè Sovè a ak alyans ou yo, w ap jwenn repons nan ansèyman Jezikri yo. Li konprann tout bagay w ap fè eksperyans yo. Atravè Li, w ap jwenn fòs pou obeyi kòmandman Bondye yo ak resevwa benediksyon Li pwomèt yo. Mete konfyans nan Li ak nan levanjil Li a.

Gade 2 Nefi 9:13 (ala plan Bondye nou an gran!); Mozya 2:41 (moun ki kenbe kòmandman yo ka viv avèk Bondye nan yon kontantman ki pa p janm fini); Alma 12:28–34 (Bondye te fè pitit Li yo konnen plan redanmsyon an); Abraram 3:22–26 (Plan Bondye a te enkli voye nou sou tè a, kote nou te ka chwazi pou tèt nou pou suiv kòmandman Li yo).

Kesyon Rekòmandasyon Tanp

  • Èske w gen lafwa ak yon temwayaj nan Bondye, Papa Etènèl la; nan Pitit Gason Li a, Jezikri, ak nan Sentespri a?