Mesaj Premye Prezidans lan
Chè jèn frè ak sè nou yo,
Nou renmen ou, epi nou gen konfyans nan ou. Ou reyèlman pami espri espesyal Pè Selès la, ki te voye sou tè a nan moman sa a pou fè bagay ki enpòtan.
Ou pi solid epi ou gen plis kapasite pase w gendwa reyalize. Epi lè w apiye sou Sovè a, fòs ou grandi pi plis toujou. Li se “fòs jèn yo.”
Gid sa a pral ede w bati yon fondasyon solid pou fè chwa pou rete sou chemen alyans ki mennen nan lavi etènèl la. Li pral ede w prepare pou w fè alyans sakre nan tanp, prepare pou w sèvi yon misyon, ak jwenn lajwa nan suiv Jezikri pandan tout lavi ou. Ou gen yon plas enpòtan nan legliz Li a. Jezikri ap ede w akonpli objektif Li yo pou ou.
Nou konnen Bondye vivan. Se priyè nou pou w rete byen fèm sou chemen alyans la—chemen pou fè ak kenbe alyans sakre avèk Bondye. Sa se chemen ki mennen nou tounen al jwenn Papa nou ki nan syèl la. Lè w fè sa, w ap vin yon enfliyans pou byen, w ap pataje levanjil la ak lajwa, epi w ap prepare mond lan pou Dezyèm Vini Sovè a. Sonje: Jezikri se fòs ou!
Premye Prezidans lan