Fanmi K ap Gade nan Direksyon yon Limyè, tablo Lovetta Reyes Cairo Koutwazi Heavenlight
10.
Kò ou sakre
1 Korentyen 6:18–20
Kò ou se yon kado mèveye Papa nou ki nan Syèl la ba ou. Lefèt ke w gen yon kò a ogmante pouvwa pou w egzèse libète pou w chwazi ant byen ak mal. Levanjil retabli Jezikri a kapab ede w wè kò ou selon pèspektiv Bondye. Epi sa fè yon gwo diferans nan chwa w konsènan kisa pou w fè avèk kò ou ak kijan pou w pran swen li.
Verite Etènèl yo
Kò ou kreye daprè imaj Bondye—Pèsonaj ki pi gloriye ak pi majestye nan inivè a. Ekriti yo konpare kò ou avèk yon tanp sakre, yon andwa kote Lespri a kapab abite. Natirèlman, kò ou pa pafè pou kouneya. Men eksperyans w ap fè avèk kò w yo kapab ede w prepare pou w resevwa yon kò pafè, resisite, ak glorifye yon jou.
Nanm ou fèt avèk kò ou ak lespri ou. Pou rezon sa a, sante fizik ak sante espirityèl makònnen ansanm. Sovè a te revele Pawòl Sajès la pou anseye prensip sou kijan pou pran swen kò ou epi pou pwomèt benediksyon fizik ak espirityèl.
Santiman seksyèl yo se yon pati enpòtan nan plan Bondye pou kreye maryaj ki gen bonè ak fanmi etènèl la. Sansasyon sa yo se pa peche—yo sakre. Paske sansasyon seksyèl si sakre ak si puisan konsa, Bondye ba ou lwa chastete Li a pou prepare w pou w itilize sansasyon sa yo nan fason Li prevwa a. Lwa chastete a deklare ke Bondye apwouve aktivite seksyèl sèlman ant yon gason ak yon fi ki marye. Anpil moun nan mond lan inyore oswa menm moke lwa Bondye yo, men Senyè a envite nou pou nou vin disip Li epi viv yon prensip ki pi elve.
Envitasyon
Trete kò ou—ak kò lòt moun—avèk respè. Lè w ap pran desizyon konsènan fason pou w abiye, kwafi, ak aparans ou, mande tèt ou, “Èske m ap onore kò mwen kòm yon don sakre Bondye ban mwen?” Papa nou ki nan Syèl la vle nou youn konsidere lòt pou sa nou reyèlman ye a: non pa jis kò fizik men kòm pitit byeneme Li ki gen yon destine divin. Evite lamòd ki mete aksan oubyen atire atansyon inapwopriye sou kò fizik ou olye de kiyès ou ye kòm yon pitit Bondye ki gen yon avni etènèl. Kite purte moral ak lanmou pou Bondye gide chwa w yo. Chèche konsèy nan men fanmi ou.
Fè bagay ki pral fòtifye kò ou, non pa bagay ki pral blese l oubyen domaje li. Avèk rekonesans, jwi pil bon bagay Bondye ofri w yo. Sonje ke alkòl, tabak, kafe, te, ak lòt dwòg ak sibstans danjere se pa pou kò ou ni pou lespri ou. Menm sibstans ki ede, tankou medikaman yo preskri ou, kapab destriktè si ou pa itilize yo kòrèkteman.
Kenbe seksyalite ou ak sansasyon seksyèl yo sakre. Ou pa dwe itilize yo kòm bagay pou fè plezantri oubyen divètisman. Andeyò maryaj ant yon gason ak yon fi, li pa kòrèk pou w touche pati prive ak sakre kò yon lòt moun, menmsi li abiye. Lè w ap chwazi sa pou ou fè, pou gade, li, koute, ak panse, ak poste, oubyen tèks, evite tout bagay ki ka volontèman reveye emosyon seksyèl nan lòt moun oubyen nan oumenm. Sa enkli pònografi sou tout fòm. Si ou twouve ou nan sitiyasyon oswa aktivite ki fè tantasyon yo vin pi fò, evite yo. Ou konnen kisa sitiyasyon ak aktivite sa yo ye. Epi, si ou pa sèten, Lespri a, fanmi ou, ak dirijan ou yo kapab ede ou konnen yo. Montre Papa nou ki nan Syèl la ke ou onore ak respekte pouvwa sakre pou kreye lavi a.
Pwomès Benediksyon yo
Respè ou pou tèt ou ak pou lòt moun ap ogmante pandan w ap onore kò ou atravè konpòtman, aparans, ak abiman ou.
Senyè a pwomèt gwo trezò konesans pou moun ki kenbe Pawòl Sajès la. Yon kò ansante, lib anba adiksyon, ogmante kapasite ou pou resevwa revelasyon pèsonèl, panse ak klète, ak pou sèvi Senyè a tou.
Viv lwa chastete a pote apwobasyon Bondye ak pouvwa espirityèl pèsonèl. Li pwoteje ou ak fanmi alavni ou. Lè ou marye, lwa sa a pral pote pi gwo lanmou, konfyans, ak inite nan maryaj ou. Obeyi lwa sa a pral rann posib pou ou pwogrese etènèlman epi vin pi plis sanble avèk Papa nou ki nan Syèl la. Konfyans ou pral grandi pandan w ap viv antanke yon disip Jezikri.
Kesyon ak Repons
Kisa prensip Senyè a ye sou abiman, aparans ou, tatwaj, ak pèse kò? Prensip Senyè a se pou ou onore karaktè sakre kò ou, menm lè sa vledi pou ou diferan de mond lan. Kite verite sa a ak Lespri a vin gid ou lè w ap pran desizyon—espesyalman desizyon ki gen efè dirab sou kò ou. Se pou ou saj ak fidèl, epi chèche konsèy nan men fanmi ak dirijan ou yo.
Kijan mwen kapab simonte tantasyon ak move abitid yo? Papa nou ki nan Syèl la ak Jezikri gen pouvwa pou Yo ede ou. Ranpli lavi ou avèk bagay ki envite pouvwa Yo nan lavi ou, tankou lapriyè, etid ekriti, ak sèvi lòt moun. Vire al jwenn Jezikri ak levanjil Li a, epi w ap vin rann ou kont ke feblès yo kapab vin tounen pwenfò. Chèche èd nan men fanmi, dirijan, ak konseye pwofesyonèl yo si nesesè. Yo ka ede ou reprann kontwòl lavi ou. Sa ka pran tan, konsa, se pou ou rete pasyan, epi pa janm abandone.
Mwen atire pa moun ki gen menm sèks avèk mwen. Nan ki fason prensip sa yo aplike pou mwen? Santiman atirans pou moun menm sèks avèk ou se pa yon peche. Si ou gen santiman sa yo epi ou pa suiv oswa aji sou yo, w ap viv lwa chastete sakre Papa nou ki nann Syèl la. Ou se yon pitit byeneme Bondye ak yon disip Jezikri. Sonje ke Sovè a konprann tout sa w ap travèse. Atravè koneksyon alyans ou avèk Li, w ap jwenn fòs pou w obeyi kòmandman Bondye yo ak resevwa benediksyon Li pwomèt yo. Mete konfyans nan Limenm ak levanjil Li a.
Mwen te viktim anba abi, e mwen santi m wont. Èske mwen koupab de peche? Non Moun ki viktim anba nenpòt abi oubyen atak yo pa koupab ni peche. Senyè a renmen ou. Li se fòs ou. Li vle ede ou, geri ou, ak ba ou lapè. Konseye pwofesyonèl fyab, manm fanmi ou, ak dirijan ou yo kapab ede tou.
gade Jenèz 1:27 (nou nan imaj Bondye); Jan 14:18 (Sovè a pwomèt konsolasyon); Filipyen 4:7 (lapè Bondye a depase konpreyansyon); Mozya 2:41 (moun ki kenbe kòmandman Bondye yo beni tanporèman ak espirityèlman); Doktrin ak Alyans 88:15 (lespri a ak kò a se nanm nan); 89 (Pawòl Sajès la; 121:45 (panse vètye mennen nan plis konfyans).
Kesyon Rekòmandasyon Tanp yo
-
Senyè a di ke tout bagay gen pou “fèt nan pwòpte” devan Li (Doktrin ak Alyans 42:41). Èske ou fè efò pou purte moral nan panse ou ak konpòtman ou?
-
Èske ou obeyi lwa chastete a?
-
Èske ou konprann epi obeyi Pawòl Sajès la?