Aprantisaj Anglè
Apendis B: Entèvyou Konpetans Oral pou Plasman nan Gwoup 1 ak 2 EnglishConnect


“Apendis B: Entèvyou Konpetans Oral pou Plasman nan Gwoup 1 ak 2 EnglishConnect,” EnglishConnect pou Enstriktè yo (2023)

“Apendis B,” EnglishConnect pou Enstriktè yo

Apendiks B

Entèvyou Konpetans Oral pou Plasman nan Gwoup EnglishConnect yo

Pou Moun yo K ap Administre Entèvyou Oral la

Tès sa a se yon brèf entèvyou ki pa ta dwe pran plis pase senk minit. Entèvyou oral sa a pral detèmine si yon etidyan ta dwe plase nan EnglishConnect 1 oswa EnglishConnect 2. Itilize bouyon sa a pou kondui entèvyou a epi evalye repons kandida a.

Enprimab “Entèvyou Konpetans Oral

Entèpretasyon Rezilta yo pou Entèvyou Oral la

Chak repons ta dwe evalye selon kritè ki pi ba yo:

  • 0 = pa kapab reponn kesyon an ditou

  • 1 = gen yon tikras oswa pa gen abilte pou reponn; reponn ak grenn mo sèlman

  • 2 = ka reponn avèk fraz memorize ak anpil erè

  • 3 = pwodui yon repons elabore avèk fraz ki pa memorize, malgre gendwa gen erè

  • 4 = pwodui yon repons elabore avèk kèk erè

  • Total Pwen: 0–7 = EnglishConnect 1

  • Total Pwen: 8–11 = EnglishConnect 2

  • Total Pwen: 12+ = EnglishConnect 2 epi envite pou aplike pou EnglishConnect 3

Si etidyan yo gen yon majorite 1, yo ta dwe plase nan EnglishConnect 1. Si etidyan yo gen yon majorite 2 oswa 3 yo, yo ta dwe plase nan EnglishConnect 2. Si etidyan yo gen yon majorite 3 oswa 4 yo, yo ka toujou asiste EnglishConnect 2 si yo vle men yo gendwa jwenn envitasyon tou pou aplike pou EnglishConnect 3 (gade englishconnect.org/join).

Entèvyou Oral

Ede kandida a santi li alèz otan sa posib nan etabli yon anbyans amikal. Salye kandida a epi entwodui tèt ou an tout senplisite. Pa egzanp: “Hi. My name is. What’s your name?”

Poze l kesyon yo ki sou lis la nan tablo ki pi ba a.

Kesyon

Pwen (0–4)

Kesyon

1. Tell me about yourself. What do you like to do?

(Si etidyan an pa konprann sa, ou ka eseye mande, “What are your hobbies?”)

Kesyon

2. Tell me about your family. Who is in your family?

Kesyon

3. Where are you from? Tell me about your city.

Kesyon

4. What did you do last weekend?

(Itilize pase konpoze pi difisil, konsa poze kesyon sa sèlman si etidyan an te byen reponn tout lòt kesyon yo.)

Kesyon

Total Pwen