Aprantisaj Anglè
Kisa ki fè EnglishConnect San Parèy?


“Kisa ki fè EnglishConnect San Parèy?,” EnglishConnect pou Enstriktè yo (2023)

“Kisa ki fè EnglishConnect San Parèy?,” EnglishConnect pou Enstriktè yo

twa moun k ap etidye ansanm nan manyèl EnglishConnect la

Kisa ki fè EnglishConnect San Parèy?

Nan EnglishConnect, nou “chèche konesans, menm pa etid epi pa lafwa” (Doktrin ak Alyans 88:118). Ansanm nou devlope konpetans Anglè nan yon anbyans lafwa, kamaradri, ak pwogresyon.

Lafwa

Nan EnglishConnection, nou aji nan lafwa pou chèche èd Senyè a nan aprann Anglè. Pandna n ap chèche èd Senyè a pou aprann ANglè, nou k agrandi pi pre Bondye epi fè eksperyans pouvwa abilitasyon Sovè a. Nan chak leson, nou etidye ak aplike yon prensip spirityèl aprantisaj. Lespri a se vrè enstriktè a, epi nou ka chèche don Lespri yo pou ede nou aprann, sa ki enkli don lang yo (gade Doktrin ak Alyans 46:8–26).

2:7

Kamaradri

Nan EnglishConnect, nou envite Lespri a pandan n ap renmen, anseye, ak soutni youn lòt. Nou bati amitye epi ede youn lòt rete motive. Ansanm nou ogmante konfyans nou, aprann apati erè nou yo, epi selebre pwogrè nou. Pandan n ap aprann nan men Lespri a, nou pral “konprann youn lòt, epi [vin] edifye ak rejwi ansanm” (Doktrin ak Alyans 50:22).

1:55

Devlopman

Nan EnglishConnect, nou fè plis ke aprann Anglè; nou ogmante kapasite nou pou aprann ak anseye tou. Kèlkeswa kote nou kòmanse, nou travay anpil epi nou asosye avèk Bondye pou atenn objektif nou yo. Nou aji avèk lafwa pou pratike Anglè chak jou. Nou fè efò pou aprann“pa letid epi pa lafwa tou” (Doktrin ak Alyans 88:118) nan tout domèn yo nan lavi nou.

2:26