Aprantisaj Anglè
Byenveni nan EnglishConnect


“Byenveni nan EnglishConnect,” EnglishConnect pu Enstriktè yo (2023)

“Byeveni nan EnglishConnect,” EnglishConnect pou Enstriktè yo

fi k ap souri nan ti gwoup anplennè

Byenveni nan EnglishConnect

Mèsi pou volonte w pou sèvi kòm yon enstriktè EnglishConnect. Nou espere ou pral santi lanmou Pè Selès ou a pandan w ap sèvi. Ede lòt moun aprann Anglè ka ogmante opòtinite yo pou edikasyon, anplwa, ak sèvis. Efò ou yo pral beni lavi etidyan yo kounya ak nan lavni.

Pandan w ap chèche gidans ak fòs Bondye, Li pral ede w renmen ak sèvi etidyan yo nan gwoup ou a. Ou pa oblije pale menm lang ak moun w ap anseye yo. Ou pa oblije yon ekspè nan Anglè ni genyen eksperyans nan anseye Anglè pou w dirije yon gwoup EnglishConnect. Materyèl EnglishConnect yo genyen sa ou bezwen pou w gen siksè. Pandan w ap chèche Lespri a epi gide etidyan yo nan lanmou atravè leson yo, ou ka ede yo vin pi pre Bondye atravè aprantisaj Anglè a.