Aprantisaj Anglè
Kisa Etidyan An Fè?


“Kisa Etidyan An Fè?,” EnglishConnect pou Enstriktè yo (2023)

“Kisa Etidyan An Fè?,” EnglishConnect pou Enstriktè yo

gason ak fi k ap etidye nan manyèl EnglishConnect la pandan yon konvèsasyon an gwoup

Kisa Etidyan An Fè?

Kòm yon enstriktè EnglishConnect, ou dwe konprann kisa etidyan yo pral fè pou w ka ede yo gen siksè. Etidyan yo pral genyen plis siksè lè yo konplete aktivite etid pèsonèl yo, patisipe nan konvèsasyon an gwoup, epi devlope yon abitid pou pratike Anglè chak jou. Chak leson nan EnglishConnect 1 pou Etidyan yo ak EnglishConnect 2 pou Etidyan yo divize an de seksyon: “Personal Study” (Etid Pèsonèl) ak “Conversation Group” (Konvèsasyon an Gwoup). Repase “Entwodiksyon” an nan manyèl EnglishConnect pou etidyan yo pou ede w konprann eksperyans etidyan an.

grafik ki montre ke etid pèsonèl ak konvèsasyon an gwoup se yon pwosesis ki fèt peryodikman

Chèche konesans pa Etid epi pa Lafwa

Fondasyon eksperyans EnglishConnect la se ede etidyan yo “chèche konesans, menm pa etid epi pa lafwa tou” (Doktrin ak Alyans 88:118). Chak leson nan EnglishConnect santre sou yon prensip aprantisaj. Sa yo se prensip spirityèl ki ede nou konte sou Senyè a pou ogmante kapasite nou pou n aprann ak anseye. Prensip aprantisaj yo ka ede nou konprann vrè potansyèl nou ak kapasite Sovè a pou ede nou. Prensip aprantisaj yo ke nou pral etidye ak demontre nan eksperyans EnglishConnect la gen ladan yo:

Ou Se yon Pitit Bondye

M se yon pitit Bondye avèk potansyèl ak objektif etènèl.

(Gade Women 8:16–17; “Fanmi An: Yon Pwoklamasyon pou Mond lan.”)

Egzèse Lafwa nan Jezikri

Jezikri ka ede mwen fè tout bagay si mwen egzèse lafwa nan Li.

(Gade Filipyen 4:13; Etè 12:27; Mowoni 7:33.)

Pran Responsablite

Mwen gen pouvwa pou m chwazi, epi mwen responsab pwòp aprantisaj mwen.

(Gade 2 Nefi 2:14, 16; Doktrin ak Alyans 58:27–28.)

Renmen ak Anseye Youn Lòt

Mwen ka aprann apati Lespri a pandan m ap renmen, anseye, ap aprann avèk lòt moun.

(Gade Jan 13:34–35; Jan 14:26–27; Doktrin ak Alyans 84:106; 88:77, 122–23.)

Kontinye Avanse

Avèk èd Bondye, mwen ka kontinye avanse menm lè m rankontre obstak yo.

(Gade 2 Nefi 31:20; 32:9; Doktrin ak Alyans 50:41–42.)

Konsilte Senyè a

Mwen amelyore aprantisaj mwen nan konsilte Bondye chak jou konsènan efò m yo.

(Gade Pwovèb 3:5–6; Matye 7:7–8; Alma 37:37.)

Etid Pèsonèl

Avan pou yo asiste konvèsasyon an gwoup la, etidyan yo dwe konplete seksyon “Personal Study” (Etid Pèsonèl) la nan manyèl etidyan an. Nan seksyon sa a, etidyan yo etidye yon prensip aprantisaj, memorize vokabilè, epi fè pratik sou itilize modèl fraz yo.

Memorize vokabilè ak pratike modèl yo se aktivite ki fèt pi byen nan etid pèsonèl. Sa pèmèt etidyan yo metrize konsèp yo nan pwòp rit pa yo.

Konvèsasyon an Gwoup

Nan konvèsasyon gwoup, etidyan yo konplete aktivite “Conversation Group” (Konvèsasyon Gwoup) yo ki nan manyèl etidyan an. Pandan y ap travay an ti gwoup oswa depade, etidyan yo diskite sou yon prensip aprantisaj, revize vokabilè ak modèl fraz yo, epi pratike konvèsasyon. Chak aktivite prepare etidyan yo pou pwochen aktivite a. Nan fen chak konvèsasyon an gwoup, etidyan yo evalye pwogrè yo epi yo fikse bi pou yo pratike chak jou.

Pratik Kotidyen

Pou pi byen aprann Anglè, etidyan yo dwe devlope yon abitid pou pratike chak jou. Pou etabli abitid sa a, etidyan yo bezwen jwenn fason pou yo entegre Anglè nan aktivite kotidyèn yo. Pa egzanp, lè y ap koute mizik, yo ka koute l an Anglè. Etidyan yo ka fè konvèsasyon senp an Anglè lakay yo, nan travay, oswa Legliz la tou. (Gade ide adisyonèl nan seksyon “Sigjesyon pou Etid” la nan manyèl etidyan EnglishConnect yo.) Rezon pou pratike chak jou a se pou ede etidyan yo jwenn fason pou yo itilzie Anglè nan woutin nòmal yo.

Kòm yon apti nan pratik kotidyen yo a, etidyan yo ka konplete seksyon “Personal Study” (Etid Pèsonèl) korespondan an nan manyèl etidyan an. Yo ka konplete aktivite leson ak evalyasyon yo anliy tou nan englishconnect.org/learner/resources ak nan Kaye Egzèsis EnglishConnect 1 an ak Kaye Egzèsis EnglishConnect 2 a.