“KIjan pou M Prepare pou yon Konvèsasyon an Gwoup?,” EnglishConnect pou Enstriktè yo (2023)
“Kijan pou M Prepare pou yon Konvèsasyon an Gwoup?,” EnglishConnect pou Enstriktè yo
Kijan pou M Prepare pou yon Konvèsasyon an Gwoup?
Konvèsasyon gwoup la esansyèl pou eksperyans EnglishConnect la. Nan konvèsasyon an gwoup la, etidyan yo genyen opòtinite pou yo pratike konvèsasyon siyifikatif. Pandan yo reyini, etidyan yo ka akeri konfyans, aprann nan men Lespri a, epi sipòte youn lòt.
Pale Anglè ede etidyan yo pwogrese epi se yon mwayen enpòtan pou yo chèche don lang lan. Ou ka itilize Anglè senp pou dirije yon konvèsasyon an gwoup. Si sa nesesè, ou ka fè referans a tradiksyon manyèl etidyan EnglishComnnect yo nan lang natifnatal yo. Tradiksyon yo disponib pou objektif, prensip aprantisaj, vokabilè, ak enstriksyon.
Avan gwoup konvèsasyon w la rankontre, revize chak seksyon nan manyèl etidyan EnglishConnect yo. Anba la a, men kèk etap pou ede ou prepare.
-
Priye epi chèche èd Bondye.
-
Konsidere fason ou pral favorize lafwa, kamaradri, ak pwogresyon nan gwoup la.
-
Kijan mwen ka envite Lespri a?
-
Kijan mwen ka ede etidyan yo chèche ak rekonèt èd Senyè a?
-
Kijan mwen ka ede etidyan yo renmen ak sipòte youn lòt?
-
Kijan mwen ka ede etidyan yo pale Anglè epi amelyore?
-
-
Etidye prensip aprantisaj la.
-
Ki kalite eksperyans mwen fè avèk prensip sa a?
-
Kijan mwen ka ede etidyan yo aplike prensip sa a?
-
Kijan mwen ka aplike prensip la nan ansèyman mwen?
-
-
Revize vokabilè ak modèl yo.
-
Èske mwen ka itilize vokabilè a ak modèl yo avèk konfyans nan yon konvèsasyon?
-
-
Li aktivite 1–3.
-
Kijan m pral demontre chak aktivite?
-
Kijan mwen pral mete etidyan yo depade pou pratike?
-
Kijan mwen pral sipòte etidyan yo pandan y ap pratike?
-
-
Repase seksyon “Evalye” a.
-
Kijan mwen pral ede etidyan yo santi y ap reyisi?
-
Kijan mwen pral ede etidyan yo itilize “Suivi Etid Pèsonèl” nan manyèl etidyan an?
-
-
Repase seksyon “Aji ak Lafwa pou Pratike Anglè Chak jou” a.
-
Kijan mwen pral ankouraje etidyan yo pou konplete seksyon “Etid Pèsonèl” la avan gwoup la rankontre ak pratike Anglè chak jou?
-
Kijan m ka ankouraje etidyan yo konte sou Senyè a?
-
Repase seksyon “Resous pou Gwoup yo” nan manyèl sa a. (Resous sa yo enkli tou nan manyèl etidyan EnglishConnect yo.) Planifye fason ou pral itilize resous sa yo. Seksyon “Fraz Konvèsasyon Gwoup yo” enkli fraz senp ki ka ede gwoup la entèaji an Anglè. “Priye an Anglè” enkli modèl senp pou ede etidyan yo priye an Anglè. Ou ka envite patisipan yo pou yo repase seksyon sa a pou prepare pou ofri priyè ouvèti oswa kloti.
Gen resous ak egzanp ansèyman adisyonèl ki disponib nan Libreri Levanjil la nan englishconnect.org/teacher.
Zanmi nan Lòt Relijyon
Yon fokis sou aprantisaj ki baze sou lafwa se youn nan bagay ki fè EnglishConnect san parèy. Ou ka enkli moun ki soti nan diferan lafwa relijye pou ede yo reflechi sou fason prensip aprantisaj la ka aplike ak yo. Ou ka itilize “Leksik Prensip Aprantisaj” yo nan manyèl EnglishConnect pou etidyan an pou ede w konprann tèm levanjil yo. Selon jan Lespri a gide w, konsidere envite yo pou pataje sa y ap aprann pandan w ap diskite prensip aprantisaj la. Toujou montre respè pou kwayans lòt moun pandan ke ouvètman w ap pataje lafwa ou ke Bondye ka ede yo aprann Anglè a.
Ou ka jwenn ide adisyonèl nan entwodiksyon manyèl Preche Levanjil Mwen an; gade seksyon “Itilizasyon Preche Levanjjl Mwen an pa Manm Legliz yo.”
Travay avèk Jèn yo
EnglishConnect ka beni lavi jèn yo. Pieu yo, pawas, yo, ak misyon yo ka òganize gwoup jis pou jèn yo. Si gwoup jèn ak adilt yo konbine, konsidere gwoupe jèn yo ansanm pou aktivite pratik yo.
Sonje pou suiv prensip Legliz la pou pwoteje jèn yo. Minè (laj 18 oswa pi piti k ap viv lakay yo) dwe genyen yon fòm konsantman parantal siyen avan yo asiste gwoup la. Fòm yo disponib nan anpil lang anliy nan englishconnect.org/resources/leader. Anplis, klas EnglishConnect yo dwe suiv prensip Legliz la ki di ke omwen de adilt responsab toujou dwe prezan pandan reyinyon gwoup yo. Ou dwe suiv prensip sa yo menm si gwoup la ap reyini vityèlman.