Aprantisaj Anglè
Kesyon Yo Poze Souvan


“Kesyon Yo Poze Souvan,” EnglishConnect pou Enstriktè yo (2023)

“Kesyon Yo Poze Souvan,” EnglishConnect pou Enstriktè yo

Kesyon Yo Poze Souvan

Pi ba a genyen kèk kesyon kouran konsènan EnglishConnect. Nou ka jwenn kesyon adisyonèl ki souvan poze pou etidyan yo, enstriktè yo, ak dirijan yo nan englishconnect.org/help.

Èske m bezwen eksperyans ansèyman pou m vin yon enstriktè EnglishConnect?

Kijan pou m anseye etidyan yo si mwen pa konnen lang yo pale a?

Èske nou ka pale lang natifnatal pandan konvèsasyon an gwoup la?

Kijan pou m anseye yon gwoup milti-lang?

Kijan pou m ede etidyan yo pratike Anglè chak jou?

Kijan pou m òganize yon gwoup EnglishConnect?

Konbyen tan yon reyinyon gwoup EnglishConnect dire?

Konbyen fwa gwoup mwen an ta dwe rankontre?

Èske m anseye plis pase yon leson nan yon reyinyon gwoup?

Kijan pou m konnen ki nivo EnglishConnect yon etidyan ta dwe antre?

Kisa EnglishConnect 3 ye?

Kijan pou m ede yon etidyan ki antre nan yon gwoup ki deja an pwogrè?

Sa k pase si yon etidyan manke yon reyinyon gwoup oswa sispann vini?

Kijan pou m sipòte etidyan ki ap aprann a yon rit ki pi dousman pase lòt yo nan gwoup la?

Kijan pou m sipòte etidyan ki ap aprann a yon rit ki pi akselere yo?

Kijan pou m sipòte etidyan ki gen kapasite diferan nan pale Anglè yo?

Kisa pou m fè lè yon etidyan poze kesyon sou gramè?

Èske m ka korije pwononsyasyon yo?

Kijan pou m anrejistre ak jere gwoup EnglishConnect mwen an?

Kijan etidyan yo resevwa sètifika EnglishConnect yo?

Èske mwen bezwen eksperyans ansèyman pou m vin yon enstriktè EnglishConnect?

Ou pa bezwen eksperyans ansèyman pou w vin yon enstriktè EnglishConnect. Petèt ou pa t janm anseye Anglè avan epi w santi ensèten sou fason pou w kòmanse. Sa pa pwoblèm! Leson EnglishConnect yo prepare avèk swen ak atansyon kote yo itilize prensip ansèyman lang ak prensip spirityèl pou ede w gen siksè. Ou pa oblije se yon ekspè. Ou pa oblije konn repons pou chak kesyon. Wòl ou se pou fasilite devlòpman lang nan founi opòtinite pou pratike. Ou pa oblije anseye gramè ni konprann tout bagay konsènan Anglè. Okontrè, fokis sou kreye yon anviwònman kote etidyan yo santi yo konfòtab nan pale Anglè epi aprann apati erè yo.

Kijan pou m anseye etidyan yo si m pa konnen lang yo pale a?

Anseye Anglè nan itilize langaj Anglè sèlman se yon bagay ki komen toupatou nan mond lan. An reyalite, sa ka vin yon benediksyon paske li ogmante kantite Anglè ke etidyan yo tande ak itilize. Sonje pou w pale nan Anglè senp. Itilize èd vizyèl, jès men, ak langaj kò pou ede etidyan yo konprann nouvo vokabilè ak modèl yo. Ou ka montre yon foto, desine yon pòtre, oswa fè mizansèn. Ou ka oryante etidyan yo nan resous ki tradui yo nan EnglishConnect 1 pou Etidyan yo oswa EnglishConnect 2 pou Etidyan yo, oubyen w ka itilize yon diksyonè anliy. Sa a ap anseye etidyan yo tou kijan pou yo itilize resous disponib yo pou yo jwenn repons. Evite eksplikasyon ki long. Olyesa, senpleman montre etidyan yo kisa pou yo fè nan demontre yo.

Sonje ke nou ap aprann ansanm. Regilyèman envite etidyan yo pou al jwenn Senyè a pou sipò. Kòm enstriktè yo, ou ka vin yon egzanp lafwa ak efò. Pale Anglè avèk etidyan yo se yon zak lafwa. Senyè a ap beni oumenm ak etidyan yo pandan n ap aji ak lafwa pou pale Anglè a.

Èske nou ka pale lang natifnatal pandan konvèsasyon an gwoup la?

W ap ede etidyan yo plis lè w fokis sou pale Anglè pandan konvèsasyon an gwoup la: Ou ka fè sa nan tabli yon egzanp. Fè tout sa w kapab pou pale Anglè sèlman. Itilize mo senp ak fraz kout. Pale dousman epi repete mo yo ak fraz yo souvan. Ekri mo ak fraz kle yo sou tablo a. Ou ka itilize èd vizyèl, desine yon pòtre, oswa fè mizansèn tou. Evite eksplikasyon ki long epi tradui tout sa w ap di. Si w dwe itilize lang natifnatal la, mande pèmisyon toudabò epi itilize lang natifnatal la lemwens posib epi apresa retounen nan Anglè. Ankouraje etidyan yo pale Anglè otan yo kapab epi pa pè fè erè. Ede yo fè eksperyans siksè, epi ankouraje tout efò yo. Si etidyan yo bezwen plis èd, oryante yo nan manyèl etidyan yo, kote yo ka jwenn materyèl la nan lang natifnatal yo. Pandan w fokis sou ede etidyan yo aprann nan aji a, ou pral genyen mwens bezwen itilize lang natifnatal la.

Kijan pou m anseye yon gwoup milti-lang?

Anseye yon gwoup milti-lang se yon bèl opòtinite pou ankouraje pale Anglè paske Anglè se lang komen nan gwoup la. Kòm yon enstriktè, itilize vèsyon Anglè manyèl etidyan an. Ede etidyan yo itilize manyèl etidyan an nan lang natifnatal yo, si l disponib, konsa ou ka benefisye de tradiskyon yo. Si posib, mete etidyan yo an ti gwoup pou diskite prensip aprantisaj la nan lang natifnatal to, men asire w ke ou pa eskli pèsonn. Si genyen sèlman yon moun ki pale yon lang patikilye nan gwoup la, fè gwoup la diskite prensip aprantisaj la nan Anglè senp pou tout moun ka enkli.

Kijan pou m ede etidyan yo pratike Anglè chak jou?

Pou aprann Anglè, etidyan yo dwe devlope yon abitid pou pratike chak jou. Ankouraje etidyan yo pou yo etabli abitid sa a nan jwenn mo senp pou entegre Anglè nan aktivite chak jou yo (gade seksyon “Pratike Chak Jou” a). Pa egzanp, etidyan yo ka chwazi pou yo gade pwogram oswa tande mizik an Anglè. Ou ka ankouraje etidyan yo itilize lis ide yo pou amelyore etid kotidyen yo ki disponib apre “Personal Study Tracker” a nan entwodiksyon manyèl etidyan an. Itilize lis sa a pou enspire etidyan yo jwenn fason kreyatif ak enteresan pou yo pratike chak jou.

Pandan reyinyon gwoup la, envite etidyan yo pou yo etidye ak pratike Anglè chak jou epi fè suivi sou efò yo. Ou ka mande kèk nan etidyan yo pou pataje bagay spesifik yo te fè pou pratike chak jou. Ou gendwa konsidere kreye yon espas vityèl, tankou yon gwoup kozri, pou etidyan yo nan gwoup la. Konsilte dirijan w yo pou w ka jwenn fason apwopriye pou ede gwoup la rete konekte pandan semèn nan atravè gwoup mesaj oswa lòt mwayen. Ou ka sipòte etidyan yo pandan y a travay pou atenn bi yo, men sonje, se yomenm ki gen responsablite final pou sa ya p aprann nan.

Kijan pou m òganize yon gwoup EnglishConnect?

Konsilte dirijan lokal Legliz la pou pran desizyon konsènan òganize ak dirije gwoup EnglishConnect yo. Ideyalman, de enstriktè adilt asiyen pou chak gwoup. Konsidere bezwen etidyan yo ak kapasite lokal la pandan n ap fè chwa konsènan lokasyon, orè, ak rit.

Konbyen tan yon reyinyon gwoup EnglishConnect?

Leson EnglishConnect ka varye soti 60 rive 90 minit. Suiv entèval dire tan ki nan lis la pou chak aktivite. Pa retire okenn aktivite; senpleman itilize minimòm tan ki sigjere a pou yon reyinyon gwoup ki pi kout epi itilize pi plis nan tan ki sigjere a si tan an pèmèt sa.

Note: Konsilte moun ki ap sipèvize pwogram nan epi konsidere bezwen etidyan yo ak kapasite lokal la lè nou ap pran desizyon sa yo.

Konbyen fwa gwoup mwen an ta dwe reyini?

Jeneralman, gwoup yo reyini yon fwa pa semèn. Si yo vle, gwoup yo ka reyini pi souvan. Pou reyinyon gwoup yo ka vin pi efikas, etidyan yo bezwen gen ase tan ant reyinyon yo pou yo konplete seksyon “Personal Study” la.

EnglishConnect 1 ak 2 chak genyen 25 leson. Si gwoup yo rankontre yon fwa pa semèn, sa ap pran sis mwa pou konplete yon nivo. Si gwoup yo rankontre de fwa pa semèn, sa ap pran twa mwa. Si w vle, ou ka divize pwogram nan an ti seksyon, oswa modil pi piti. Pa egzanp, ou ka chwazi pou kòmanse yon gwoup ki pral reyini sèlman twa mwa, yon fwa pa semèn pou konplete init 1 rive nan 3. Itilize apwoch sa a ka ede etidyan yo rete angaje.

Note: Lè w ap planifye you reyinyon gwoup ki pa kòmanse avèk inite 1 an, konsidere kòmanse pwogram leson gwoup ou a avèk leson 1. Sa ap ede oryante etidyan yo sou kijan pou yo itilize manyèl la. Konsilte moun ki ap sipèvize pwogram nan epi konsidere bezwen etidyan yo ak kapasite lokal la lè n ap pran desizyon sa yo.

Èske m anseye plis pase yon leson nan yon reyinyon gwoup?

Si yo vle, gwoup yo ka kouvri plis pase yon leson pandan yon reyinyon gwoup. Pou reyinyon gwoup la vin pi efikas, etidyan yo bezwen ase tan avan gwoup la reyini pou konplete seksyon “Personal Study” la pou chak leson.

Gade seksyon “Konbyen fwa gwoup mwen an ta dwe rankontre?” a pou plis enfòmasyon sou pwograme leson ak rit.

Kijan pou m konnen ki nivo EnglishConnect yon etidyan ta dwe antre?

EnglishConnect 1 mande kapasite pou moun nan li nan lang natifnatal li ak kapasite abilite pou l li alfabè Anglè a ak mo Anglè debaz yo. EnglishConnect 2 se pou etidyan ki ka di fraz debaz yo epi ki ka reponn kesyon deaz yo an Anglè. Pou deside si yon etidyan ta dwe antre nan EnglishConnect 1 oswa EnglishConnect 2, ou ka itilize entèvyou konpetans oral la nan apendis B la.

EnglishConnect 3 se yon klas entèmedyè ki ede etidyan yo devlope konpetans akademik nan lang Anglè a. Pou antre nan EnglishConnect 3, etidyan yo dwe aplike epi akonpli rezilta ki kalifye sou egzamen plasman. Etidyan yo ka aplike nan englishconnect.org/join.

Kisa EnglishConnect 3 ye?

EnglishConnect genyen plizyè nivo pou ede patisipan yo pwogrese. EnglishConnect 1 ak 2 ede etidyan yo devlope konpetans debaz yo nan lang Anglè. EnglishConnect 3 se yon klas entèmedyè ki ede etidyan yo devlope konpetans akademik nan lang Anglè a. Li ede etidyan yo prepare pou BYU–Pathway Worldwide. (Aprann plis konsènan BYU–Pathway Worldwide nan byupathway.org.)

EnglishConnect 3 se yon klas anliy, a bon pri avèk yon reyinyon konvèsasyon ki fèt vityèlman oswa nan yon chapèl lokal. EnglishConnect 3 enkli resous aprantisaj anliy avèk fidbak endividyalize nan tande, pale, ak ekri. Etidyan yo ka avanse nan klas la nan pwòp rit pa yo. Etidyan yo ka repete EnglishConnect 3 otan de fwa yo dezire pou akonpli objektif yo. Konplete EnglishConnect 3 pèmèt etidyan yo kontoune evalyasyon Anglè lè y ap aplike pou BYU–Pathway Worldwide.

Pou prepare pou EnglishConnect 3, etidyan yo ta dwe konplete EnglishConnect 1 ak 2—enkli kaye egzèsis aktivite yo, patikilyèman aktivite lekti ak ekriti yo. Ankouraje etidyan EnglishConnect 2 yo pou aplike nan englishconnect.org/join.

EnglishConnect 3 ofri atravè BYU–Pathway Worldwide an kolaborasyon avèk dirijan lokal yo ak sèvis misyonè Legliz la. Dirijan ki enterese ka travay avèk responsab antrèd ak otonomi nan entèrejyon yo a pou ofri EnglishConnect 3 nan rejyon yo a.

Kijan pou m ede yon etidyan ki antre nan yon gwoup ki deja an pwogrè?

Leson yo prepare pou nouvo etidyan yo ka antre nan yon gwoup EnglishConnect nenpòt lè. Si etidyan yo vle antre apre gwoup la te deja kòmanse, akeyi yo, ofri yo EnglishConnect 1 pou Etidyan yo oswa EnglishConnect 2 pou Etidyan yo (oswa montre yo kijan pou aksede nan manyèl la nan Libreri Levanjil la), epi ede yo patisipe. Oumenm oswa yon lòt etidyan ka ede nouvo etidyan yo entegre nan gwoup la nan monrte yo kijan pou yo prepare pou pwochen leson an. Epitou, etidyan yo ka chwazi repete yon nivo si yo bezwen plis pratik.

Sa k pase si yon etidyan manke yon reyinyon gwoup oswa sispann vini?

Pafwa etidyan yo gen difikilte ki rann ni difisil pou asiste gwoup la, epi yo souvan ezitan pou retounen akoz anbarasman oswa krent. Yo ka asime ke yo te manke twòp epi pa ka amelyore. Kontakte epi envite etidyan ki absan yo pou yo vini nan pwochen elson an kèlkeswa fason anpil nan yo te rate. Ofri sipò ak ankourajman. Asire yo ke EnglishConnect te prepare pou etidyan yo ka regwoupe tout tan. Etidyan ka rekòmanse nan asiste gwoup la epi prepare pou pwochen leson an. Konsidere envite youn oswa plis manm nan gwoup la pou kontakte etidyan ki absan yo epi eksprime sipò.

Note: Pinga pataje yon enfòmasyon kontak yon moun san otorizasyon ekri li.

Kijan pou m sipòte etidyan yo k ap aprann a yon rit ki pi dousman pase lòt yo nan gwoup la?

Kèk etidyan bezwen plis tan pou konprann ak pale yon lang. Etidyan sa yo pral benefisye pi plis nan konplete seksyon “Personal Study” la avan yo patisipe nan chak konvèsasyon an gwoup. Envite yo pou pratike vokabilè ak modèl fraz yo avan gwoup la rankontre. Pandan leson an, mete etidyan sa yo an gwoup de avèk lòt etidyan ki ka ofri ankourajman ak sipò. Ankouraje tout etidyan yo fè tout sa yo kapab epi aksepte erè yo kòm yon pati nan pwosesis apratisaj la. Ou ka chwazi tou pou w repase ak repete aktivite yo. Raple tout etidyan yo ke konplete seksyon “Personal Study” la avan yo patisipe nan pwochen gwoup konvèsasyon an vital pou pwogrè yo.

Kijan pou m sipòte etidyan yo k ap aprann a yon rit ki pi akselere?

Lè w angaje avèk etidyan yo, ou gendwa note ke kèk konprann byen epi gen kapasite pou konplete aktivite yo fasilman. Konsidere bay chak etidyan sa yo defi pou yo apwofondi aprantisaj yo nan enkli plis detay oswa fè menm aktivite a nan yon kontèks diferan. Pa egzanp, lè etidyan yo pratike rankontre yon moun, mande yo pratike diferan senaryo tankou rankontre yon nouvo zanmi oswa yon nouvo bòs. Etidyan sa yo ka solidifye konesans yo an Anglè tou nan sipòte etidyan ki ap aprann nan yon rit ki pi dousman yo. Tout etidyan yo ka benefisye nan anseye yon kamarad epi ede lòt pratike vokabilè ak modèl yo an Anglè.

Kijan pou m sipòte etidyan ki gen kapasite diferan nan pale Anglè yo?

Se tou natirèl pou w gen etidyan ki gen nivo ak kapasite diferan nan pale Anglè epi se yon opòtinite pou yo ede youn lòt. Ede youn lòt ka favorize kamaradri ak pwogresyon. Chak moun gen yon bagay pou ofri. Pa egzanp, kèk etidyan ka gen kapasite pou ede lòt yo santi konfyans paske yo dispoze pou fè erè. Mete etidyan yo an gwoup de nan diferan fason. Ou ka mete etidyan yo avèk yon moun nan yon menm nivo pou ede yo elaji kapasite yo ansanm. Ou ka mete etidyan yo avèk yon moun nan yon menm nivo pou ede yo elaji kapasite yo ansanm. Etidyan ki nan nivo pi ba a ap benefisye de fidbak ak sipò a. Etidyan ki nan pi gwo degre a ap benefisye nan anseye yon kamarad epi eksplike an Anglè. Sonje, genyen yon gwoup ki gen kapasite diferan nan pale Anglè a nòmal epi sa kapab vin yon opòtinite pou etidyan yo benefisye nan ede youn lòt.

Kisa pou m fè lè yon etidyan poze kesyon sou gramè?

Olye w founi yon enstriksyon gramè byen long oswa gaspiye anpil tan ap pale konsènan règ yo, oryante etidyan yo retounen nan modèl yo. Etidyan yo pral evite anpil erè nan suiv modèl yo. Li pi efikas pou yo aprann nan pratike lang lan olye de pale konsènan lang lan. Tout eksplikasyon konsènan gramè ta dwe senp, konsi, ak reyalizab. Si w ap anseye yon prensip, bay egzanp fraz epi envite etidyan yo pratike nan aplike prensip la. Etidyan yo benefisye plis nan aprann ak pratike Anglè.

Èske m ta korije pwononsyasyon?

Pa pase anpil tan nan korije pwononsyasyon. Raple etidyan yo ke pèmèt moun konprann ou pi enpòtan pase genyen yon pwononsyasyon pafè. Ankouraje etidyan yo pratike pwononsyasyon pandan etid pèsonèl yo pou yo ka pratike nan pwòp rit pa yo. Pa bliye ke si etidyan yo gen anpil sousi pou pwononsyasyon yo, yo ka ezitan pou yo pratike konvèsasyon. Ankouraje etidyan yo pou yo itilize modil pwononsyasyon anliy yo nan englishconnect.org/learner/resources.

Kijan pou m anrejistre ak jere gwoup EnglishConnect mwen an?

Itilize zouti QuickReg la (quickreg.englishconnect.org) pou anrejsitre ak jere gwoup EnglishConnect ou a. QuickReg se yon zouti anrejsitreman ke Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo ofri. Ou ka itilize QuickReg pou:

  • Kreye yon gwoup: Seleksyone yon jou, ak lokalizasyon goup ou a.

  • Jere gwoup la: Gade enfomasyon patisipan an epi fè mizajou nan enfòmasyon gwoup la.

  • Envite moun yo patisipe: Gwoup ou a ap parèt nan lis la anliy nan englishconnect.org/join. Ou ka pataje yon lyen pou envite moun yo anrejistre pou yon gwoup.

  • Distribye sètifika yo: Alafen gwoup ou a, ou kapab gen aksè nan sètifika yo ak enprime yo.

Kijan pou etidyan yo resevwa sètifika EnglishConnect yo?

EnglishConnect 1 ak 2: Nan konklizyon gwoup la, etidyan yo ka resevwa sètifika patisipasyon. Dirijan yo, spesyalis yo, oubyen enstriktè yo ka distribye sètifika yo. Kèk peyi gen dwa pa gen otorizasyon pou yo distribye sètifika EnglishConnect yo. Tanpri repase kondisyon legal lokal yo avan w bay sètifika yo (gade englishconnect.org/leader/approved-locations).

Note: Pou akese ak distribye sètifika yo, gwoup ou a dwe anrejistre nan zouti QuickReg la nan quickreg.englishconnect.org. (Gade “Kijan pou m anrejistre ak jere gwoup EnglishConnect mwen an?” nan seksyon KSP (Kesyon yo souvan poze) sa a.)

Etidyan EnglishConnect 3: Etidyan yo ka reyalize sètifika akonplisman lè yo konplete nivo obligatwa yo nan klas la. Konplete EnglishConnect 3 pèmèt etidyan yo kontoune evalyasyon Anglè lè y ap aplike pou BYU–Pathway Worldwide.