“Kijan Mwen Ka Amelyore Ansèyman Mwen?,” EnglishConnect pou Enstriktè yo (2023)
“Kijan Mwen Ka Amelyore Ansèyman Mwen?,” EnglishConnect pou Enstriktè yo
Kijan Mwen Ka Amelyore Ansèyman Mwen?
Menm jan etidyan yo pral amelyore avèk letan, konfyans ou pral grandi epi w ap amelyore avèk letan tou. Senyè a ap soutni ou pandan w ap sèvi ak ede etidyan yo nan gwoup ou a. LI pral anseye ou “liy apre liy, presèp apre presèp” (2 Nefi 28:30). Gen konfyans ke Papa nou ki nan syèl la pral ede ou si w chèche Lespri a epi travay pou w amelyore.
Strateji pou Anseye yon Lang
Pi ba a genyen kèk strateji pou anseye Anglè. Kontrèman a klas lang ki fokis sou enstriksyon gramè, metriz vokabilè, oswa pratike pwononsyasyon yo, gwoup konvèsasyon EnglishConnect yo fokis sou ede etidyan yo itilize lang lan nan fason ki siyifikatif. Lè w aplike strateji sa yo, w ap gen posiblite pou w pi byen ede etidyan yo.
Pale Anglè
Pale Anglè ede etidyan yo pwogrese epi se yon mwayen enpòtan pou chèche akeri don lang yo. Fè tout sa w kapab pou w pale Anglè sèlman epi envite etidyan yo fè menm bagay la tou. Itilize vokabilè senp ak fraz kout. Pale dousman epi repete mo ak fraz yo lè sa nesesè. Apre w fin poze yon kesyon, bay etidyan yo anpli tan pou yo reflechi ak reponn. Itilize mo ak modèl ke etidyan yo ap pratike aktyèlman yo. Pandan w ap dirije aktivite yo, ou ka referans a enstriksyon pou aktivite ki tradui yo ki disponib nan manyèl EnglishConnect pou etidyan an.
Demontre Aktivite yo
Montre etidyan yo kisa pou yo fè souvan pi itil pase di yo kisa pou yo fè. Itilize egzanp konvèsasyon nan kòmansman chak aktivite pou modle sa etidyan yo pral fè lè y ap pratike. Ou ka jwe toulède wòl yo alafwa nan konvèsasyon an, oubyen ou ka mande etidyan yo pou yo ede w fè demosntrasyon.
Ankouraje Konvèsasyon
Etidyan yo pral akeri konfyans epi aprann pi rapidman lè yo fè pratik itilize lang lan. Pa enkyete w pou w korije chak erè; jis ede yo etidyan yo angaje nan konvèsasyon an. Jere tan ou yon fason pou pifò tan gwoup la pase nan konvèsasyon ant patnè.
Sipòte Repetisyon
Pratik repetitif bati konfyans ak alèz nan pale. Ankouraje etidyan yo chanje patnè epi kontinye pratike. Chanje patnè ap bay etidyan yo plis opòtinite pou yo tande ak di bagay nouvo. Lè etidyan yo itilize sa yo konnen avèk moun diferan, sa ede yo solidifye sa y ap aprann nan. Li ogmante konfyans epi favorize kamaradri tou.
Bay Etidyan yo Responsablite
Etidyan yo bezwen santi lanmou w ak ankourajman ou. Ede etidyan yo simonte krent nan selebre chak efò yo pou pale Anglè a. Obsève ak angaje avèk chak gwoup epi koute pandan etidyan yo ap pratike youn avèk lòt. Fè louwanj pou efò yo. Pratike avèk yo epi ede yo fè eksperyans siksè. Mete aksan sou tout jan yo ap aprann ak amelyore. Pandan w ap renmen ak ankouraje etidyan yo, ou kreye yon anbyans lafwa, kamaradri ak pwogresyon.
Amelyore kòm yon Enstriktè nan fason Kris la
Kòm yon enstriktè EnglishConnect, ou genyen yon opòtinite san parèy pou sèvi lòt moun. Prensip anseye tankou Kris la aplike a oumenm. Ou ka aprann ak aplike prensip ki nan resous Anseye nan Fason Sovè a (2022). Sou direkyon dirijan prètriz ou, ou ka patisipe nan reyinyon konsèy enstriktè yo. Ou ka peryodikman evalye kijan w ap debwouye w epi idantifye domèn ou ka amelyore nan itilize “Amelyore kòm yon Enstriktè nan fason Kris la—Yon Evalyasyon Pèsonèl” (Anseye nan Fason Sovè a, 37). Rekonèt sa w ap fè byen. Identifye domèn ou vle amelyore yo epi fè plan spesifik pou aplike sa w ap aprann yo.
Sonje, bagay ki pi enpòtan w ka fè se renmen etidyan yo epi chèche pou Lespri a gide ou pandan w ap favorize lafwa, kamaradri, ak pwogresyon.