Aprantisaj Anglè
Apendis A: Enfòmasyion Legal


“Apendis A: Enfòmasyion Legal,” EnglishConnect pou Enstriktè yo (2023)

“Apendis A,” EnglishConnect pou Enstriktè yo

Apendis A

Enfòmasyon Legal

Kondisyon Legal Jeneral pou Apwobasyon Lokasyon yo

Biwo Konsèy Jeneral (OGC) a apwouve machasuiv operasyonèl sa yo pou pwogram EnglishConnect la. Machasuiv sa yo pral aplike nan tout mond lan pou EnglishConnect 1 ak 2, yo dwe respekte tout kondisyon legal spesifik a yon peyi jan yo souliyen yo nan rezime legal EnglishConnect pou chak peyi a (gade kondisyon spesifik a yon peyi nan englishconnect.org/leader/approved-locations).

  • Itilize fòm konsantman parantal la pou jwenn konsantman parantal pou chak patisipan ki gen laj 18 an oswa pi jèn. Fòm yo disponib nan anpil lang anliy nan englishconnect.org/resources/leader.

    • Jwenn siyati toude paran yo si posib. Si yon moun 18 an oswa pi jèn ap viv poukont li, konsantman parantal la pa nesesè.

    • Fòm ki konplete yo ta dwe konsève pa dirijan lokal yo epi rete disponib pou odit.

  • Fè enstriktè yo konplete fòmasyon Legliz la sou “Pwoteje Timoun ak Jèn yo.” Suiv tout prensip peyi a pou byen evalye ak aple enstriktè pou jèn yo pou tout enstriktè ki pral anseye tout jèn ki pi piti pase 21 an.

  • Pa chaje patisipan yo okenn frè oswa kou pou patisipasyon nan pwogram nan.

    • Patisipan EnglishConnect yo ka telechaje materyèl pwogram lan anliy gratis, oubyen inite lokal yo ka achte materyèl yo pou gwoup la atravè kanal distribisyon regilye yo nan store.churchofjesuschrist.org. Patiscipan yo ka achte materyèl atravè kanal sa a tou si yo vle.

    • Enstriktè EnglishConnect yo pa ta dwe bay ni resevwa lajan oswa kado kòm yon pati nan relasyon sipò ak ansèyman yo avèk patisipan EnglishConnect yo.

  • Enkli kontni relijye sibstansyèl nan omwen yon-tyè nan tout ansèyman yo. (Kontni relijye ta dwe pran jiska 20 minit nan chak èdtan enstriksyon oswa 30 minit nan chak 90 minit enstriksyon.) Note: Si leson yo delivre jan yo prepare a epi enstriktè a toujou enkli aktivite “Diskite Prensip Aprantisaj la” pandan konvèsasyon an gwoup la, sa ap satisfè kondisyon sa a.

  • Suiv tout machasuiv pwogram nan ki nan Gid Enplantasyon pou EnglishConnect la ak manyèl enstriktè a, enkli itilizasyon sistèm anrejistreman anliy QuickReg (quickreg.englishconnect.org) la pou asire konfidansyalite enfòmasyon yo.

  • Pou evite mete viza misyonè yo oswa stati legal Legliz la an danje nan yon peyi, tout misyon ki pa t janm itilize ansèyman Anglè kòm yon metòd kontak yo dwe jwenn apwobasyon spesifik OGC avan yo itilize mateyèl EnglishConnect yo.

EnglishConnect 3 opere ak enplante pa BYU–Pathway Worldwide. Konsa, li opere anba menm kondisyon legal avèk pa BYU–Pathway yo.

Piblisite

Nan peyi kote piblisite pou EnglishConnect 1 ak 2 yo otorize, pieu, pawas, ak misyon lokal yo ka fè pwomosyon gwoup EnglishConnect 1 ak 2 yo bò kot kominote a an jeneral, konfòmeman a tout direktif pou piblisite spesifik pou chak peyi (gade kondisyon spesifik peyi yo nan englishconnect.org/leader/approved-locations). Piblisite yo ta dwe genyen tout bagay sa yo:

  1. Mete non Legliz la byen aklè.

  2. Yon deklarasyon ke pa genyen anyen pou peye pou EnglishConnect 1 ak 2.

  3. Yon deklarasyon ke EnglishConnect 1 ak 2 pa gen okenn andosman ofisyèl.

Copyright ak Lisans

EnglishConnect se yon pwogram ki founi pa Legliz Jezikri pou Sen dènye Jou yo. Tout dwa pou materyèl EnglishConnect yo, se Intellectual Reserve, Inc. ki posede yo oubyen bay lisans pou yo, pou itilizasyon inite yo nan Legliz la, tankou, pieu, distri, ak misyon yo. Nenpòt lòt itilizasyon pou materyèl EnglishConnect yo mande pèmisyon ekri alavans. Pou mande pèmisyon pou itilize materyèl EnglishConnect yo, tanpri konplete yon fòm demand nan Permissions.ChurchofJesusChrist.org.

Minè yo

Gwoup EnglishConnect yo dwe toujou suiv Prensip Legliz la pou pwoteje jèn yo (ki enkli patisipan laj 18 an oswa pi piti). Minè yo dwe genyen yon fòm konsantman parantal avan pou yo vini nan yon gwoup EnglishConnect. Fòm yo disponib nan anpil lang anliy nan englishconnect.org/resources/leader. Fòm ki konplete yo ta dwe konsève pa dirijan lokal yo epi disponib pou odit.

Paske etidyan EnglishConnect ka enkli minè, dirijan eklezyastik yo ta dwe entèvyouve chak enstriktè potansyèl epi repase rejis manm kandida a pou wè si gen anotasyon avan pou yo ofri yon apèl. Adisyonèlman, omwen de adilt responsab ta dwe prezan tout tan an pandan reyinyon gwoup yo. Enstriktè yo pa ta dwe travay an tètatèt avèk yon patisipan minè an prive. Ou dwe suiv prensip sa yo menm si gwoup la ap reyini vityèlman.

Patisipan Minè nan Gwoup Konsèsasyon Vityèl yo

Minè yo ka patisipe nan gwoup konvèsasyon vityèl EnglishConnect 1 ak 2 yo sèlman avèk pèmisyon paran yo epi lè gwoup la ap fasilite pa omwen de enstriktè.

Pou priorize sekirite, konvèsasyon an gwoup anliy ki enplike minè yo dwe mete anplas pou evite entèraksyon dirèk endividyèl ant minè yo ak enstriktè yo. Minè yo ka patisipe nan konvèsasyon an gwoup anliy yo sèlman si genyen de oswa plis enstriktè ki prezan nan reyinyon gwoup la.

Anplis, okenn enstriktè EnglishConnect pa ta dwe voye tèks, imel, oswa kontakte yon minè san yon lòt moun pa kopye nan kominikasyon an. Pou vizit an-pèsòn yo oswa apèl telefonik yo, yon lòt adilt ta dwe prezan. Kote sa posib, yon enstriktè ta dwe sipèvize entèraksyon an ti gwoup pandan konvèsasyon an gwoup anliy nan.

Konfidansyalite

EnglishConnect se yon pwogram ki founi pa Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo. Pou detay sou kijan enfòmasyon pèsonèl ou yo trete, tanpri vizite ChurchofJesusChrist.org epi klike sou Avi Konfidansyalite nan anba paj la.

Tout patisipan yo dwe aksepte kondisyon patisipasyon yo, ke nou ka jwenn nan ChurchofJesusChrist.org/legal/englishconnect-terms-of-participation. Patisipan yo ka aksepte kondisyon patisipasyon yo elektwonikman lè yon fasilitatè EnglishConnect anrejistre yo nan QuickReg.

Enstritè EnglishConnect pa ta dwe poste foto nan medya sosyal sou moun y ap sipòte oswa anseye.

Akreditasyon

EnglishConnect pa bay okenn tip kredi, diplòm, oswa inite pou okenn pwogram etid oswa enstitisyon k ap bay fòmasyon. Patisipasyon an se yon bagay volontè. Patisipan yo ka kite pwogram nan oubyen sispann vini asiste nenpòt kilè.