Aprantisaj Anglè
Kijan Pou M Dirije yon Konvèsasyon Gwoup?


“KIjan Pou M Prepare pou yon Konvèsasyon an Gwoup?,” EnglishConnect pou Enstriktè yo (2023)

“Kijan pou M Prepare pou yon Konvèsasyon an Gwoup?,” EnglishConnect pou Enstriktè yo

etidyan EnglishConnect yo akeyi youn lòt

Kijan Pou M Dirije yon Konvèsasyon an Gwoup?

Ou pral itilize EnglishConnect 1 pou Etidyan yo oswa EnglishConnect 2 pou Etidyan yo pou dirije gwoup la. Chak leson suiv menm fòma sa a:

Byenveni: Akeyi etidyan yo chalerezman epi entwodui nouvo patisipan yo. Etabli atant la ke ou pral pral pale Anglè epi envite tout moun pou itilize Anglè osi souvan ke posib. Briyèvman entwodui sijè leson an.

Priyè: Envite yon etidyan pou priye awotvwa. Eseye chwazi yon etidyan ki santi l konfòtab pou priye an Anglè. Ou ka envite moun nan pou prepare alavans nan etidye “Priye an Anglè” nan apendis pou manyèl etidyan yo.

Prensip Aprantisaj: Li ak diskite sou prensip aprantisaj la ki nan seksyon “Personal Study” (Etid Pèsonèl) la nan manyèl etidyan an. Objektif prensip aprantisaj la se pou envite Lespri a pandan n ap pataje ak aprann ansanm “pa letid epi pa lafwa tou” (Doktrin ak Alyans 88:118).

Demontre kijan pou diskite prensip la nan briyèvman pataje kijan w t ap reponn youn nan kesyon diskisyon yo. Itilize mo ak fraz senp.

Envite etidyan yo pou yo pataje panse ak eksperyans yo youn ak lòt. Etidyan yo ka diskite nan lang natifnatal yo. Si yo santi yo konfòtab, etidyan yo ka chwazi pou itilzie mo oswa fraz an Anglè lè y ap diskite.

Aktivite 1: Dirije etidyan yo atravè aktivite yo nan seksyon “Conversation Group” (Konvèsasyon an Gwoup) la nan manyèl etidyan an. Chak aktivite prepare etidyan yo pou pwochen aktivite a. Aktivite yo ede etidyan yo pwogrese soti nan pratike repetisyon rive nan kreye pwòp konvèsasyon pa yo.

Nan aktivite 1 an, ede etidyan yo repase vokabilè a ak modèl ki nan seksyon “Etid Pèsonèl” la nan manyèl etidyan an. Objektif la se prepare etidyan yo pou aktivite 2 ak 3 nan ede yo konprann kèk mo kle epi repete modèl yo.

Aktivite 2: Nan aktivite 2 a, etidyan yo itilize vokabilè a ak modèl pou pratike poze ak reponn kesyon avèk yon patnè k ap itilize enfòmasyon ki disponib la. Objektif la se pou etidyan yo kreye pi plis fraz posib an Anglè ke yo kapab.

Ankouraje etidyan yo chanje patnè pou ogmante opòtinite pou pratike. Pandan w ap entèrak avèk etidyan yo, eseye jwenn sa ki bezwen sipò adisyonèl yo. Montre w ankourajan ak edifyan.

Aktivite 3: Nan aktivite 3 a, etidyan yo gen yon opòtinite pou yo itilize vokabilè a ak modèl pou gen yon konvèsasyon konplè nan yon senaryo lavi reyèl. Objektif la se pou etidyan yo fè konvèsasyon enteresan an Anglè.

Ankouraje etidyan yo chanje patnè yo souvan pou ba yo plis opòtinite pou pratike. Nan fen aktivite 3 a, ideyalman tout etidyan yo ap pale Anglè san referans ak manyèl yo. Gwoup la ta dwe genyen enèji ak mouvman pandan etidyan yo ap entèraji ak pratike ansanm. Lè w angaje avèk etidyan yo, ou gendwa note ke kèk konprann byen epi ap eksele nan aktivite sa a. Konsidere pou w teste etidyan sa yo pou apwofondi aprantisaj yo nan enkli plis detay oswa fè menm aktivite a nan yon kontèks diferan. Pa egzanp, lè etidyan yo pratike rankontre yon moun, mande yo pou yo pratike diferan senaryo tankou rankontre yon nouvo zanmi oswa yon nouvo bòs.

Pou chak aktivite:

  • Demontre kijan pou fè aktivite a.

  • Plase etidyan yo pa gwoup de oswa ti gwoup pou pratike.

  • Obsève chak gwoup epi founi sipò.

Evalye: Ede etidyan yo evalye pwogrè ak efò yo. Ede yo santi y ap reyisi nan fè remake sa yo ka fè pou amelyore. Ede etidyan yo itilize “Personal Study Tracker” (Lojisyèl Suivi sou Etid Pèsonèl) la pou fikse bi pou yo pratike chak jou.

Aji ak LAfwa pou Pratike Anglè Chak Jou: Li sitasyon an awotwa avèk gwoup ou a. Eksprime lafwa ou ke Senyè a ka ede yo aprann Anglè. Envite yo pou pratike Anglè chak jou epi prepare pou pwochen leson an nan konplete aktivite “Personal Study” (Etid Pèsonèl) yo.

Priye: Envite yon etidyan pou ofri yon priyè kloti an Anglè. Chwazi yon etidyan ki santi l konfyan oswa youn ou te envite alavans.

Leson EnglishConnect yo prepare nan itilize prensip aprantisaj lang ki epwouve. W ap reyisi si w suiv leson yo epi kreye yon anviwònman lafwa, kamaradri, ak pwogresyon.

Gwoup Vityèl

Si nesesè, gwoup yo ka itilize yon paltfòm reyinyon adistans pou reyini anliy. Pa bliye ke EnglishConnect gen plis siksè lè tout etidyan yo ap entèraji ak pratike konvèsasyon yo. Asire w ke genyen yon entèraksyon pandan tout eksperyans lan. Pi bon fason pou fasilite entèraksyon se pou mete etidyan yo an gwoup de oswa ti gwoup. Itilize sal diskiyon yo ak lòt zouti pou ede etidyan yo pale youn ak lòt otan sa posib. Pa egzanp, olye pou w fè iyon etidyan ap pale pandan tout gwoup la ap tande, separe etidyan yo an gwoup de ou plis pou fè konvèsasyon. Apresa regwoupe pou pwochen aktivite a. Ankouraje tout moun pou yo itilize videyo si posib.

Itilize “Gid pou Dirije Gwoup Vityèl yo” la pandan w ap prepare ak dirije gwoup EnglishConnect anliy yo.

Pataje “Gid Patisipan Gwoup Vityèl” la avèk etidyan ou yo nan mete lyen an nan chat la pandan reyinyon w yo. Fè referans a li si sa nesesè.

Itilize “Prezantasyon Konvèsasyon Gwoup” EnglishConnect 1 ak 2 nan englishconnect.org/resources/teaching-materials. Ou ka afiche prezantasyon an pou ede gide etidyan yo atravè aktivite yo nan chak leson.