Aprantisaj Anglè
Kisa Wòl Enstriktè a Ye?


“Kisa Wòl Enstriktè a Ye?,” EnglishConnect pou Enstriktè yo (2023)

“Ki Wòl Enstriktè a Ye?,” EnglishConnect pou Enstriktè yo

Enstriktè EnglishConnect k ap ede de etidyan nan gwoup EnglishConnect yo a

Kisa Wòl Enstriktè a Ye?

Wòl ou kòm yon enstriktè EnglishConnect se pou ede etidyan yo devlope konpetans konvèsasyon an Anglè nan yon anbyans lafwa, kamaradri, ak pwogresyon. Lespri a se vrè enstriktè a. Ou ka ede etidyan yo santi Lespri a, santi yo entegre, epi santi yo konfyan ke avèk èd Selès la yo ka aprann Anglè. Ou pral ede etidyan yo pandan ou fokis sou bagay sa yo:

Favorize Lafwa

Ankouraje etidyan yo pou yo chèche ak rekonèt èd Senyè a nan aprann Anglè. Ankouraje yo pou yo aplike prensip aprantisaj “pa etid epi pa lafwa” yo (Doktrin ak Alyans 88:118). Ede etidyan yo rekonèt lanmou, pouvwa, ak mizèrikòd Senyè a nan lavi yo. Envite yo pou yo pataje eksperyans ki ap bati lafwa yo. Pataje eksperyans ou konsènan resevwa èd Senyè a. (Gade seksyon “Ede Etidyan yo Vin jwenn Jezikri” a nan Anseye nan Fason Senyè a [2022].)

Favorize Kamaradri

Envite Lespri a nan ede etidyan yo renmen ak soutni youn lòt. Ede yo santi lanmou Bondye. Kreye yon anviwònman akeyan kote etidyan yo santi yo entegre. Aprann konnen etidyan yo epi ede yo aprann konnen youn lòt. Ede yo bati konfyans pandan y ap pratike, fè erè, epi amelyore ansanm. (Gade seksyon “Renmen Moun W ap Anseye yo” nan Anseye nan Fason Senyè a [2022].)

Favorize Pwogresyon

Ede etidyan yo aji ak lafwa pou pratike Anglè epi amelyore. Kèk etidyan gendwa manke konfyans nan kapasite yo pou aprann Anglè. Ou ka ede. Lè w pale Anglè avèk yo, ou montre lafwa w ke Bondye ka ede yo aprann. Ankouraje etidyan yo pale Anglè. Fè louwanj pou efò yo. Ede etidyan yo sonje poukisa y ap aprann Anglè. Ankouraje yo pou yo pou yo fikse bi epi pratike Anglè chak jopu. (Gade seksyon “Envite Aprantisaj Dilijan” an nan Anseye nan Fason Senyè a [2022].)

Wòl Mwen

  • Mwen favorize lafwa nan ede etidyan yo chèche ak rekonèt èd Senyè a nan aprann Anglè.

  • Mwen favorise kamaradri epi envite Lespri a nan ede etidyan yo renmen ak soutni youn lòt.

  • Mwen favozrize pwogresyon nan ede etidyan yo aji ak lafwa pou pratike Anglè epi amelyore.