“Kisa EnglishConnect Ye?,” EnglishConnect pou Enstriktè yo (2023)
“Kisa EnglishConnect Ye?,” EnglishConnect Pou Enstriktè yo
Kisa EnglishConnect Ye?
EnglishConnect se yon pwogram aprantisaj Anglè Legliz Jezikri pou Sen dènye jou yo mete disponib. Objektif EnglishConnect se pou ede moun devlope konpetans Anglè nan yon anbyans lafwa, kamaradri, ak pwogresyon.
EnglishConnect enkli plizyè nivo. EnglishConnect 1 ak 2 ede etidyan yo devlope konpetans debaz yo nan lang Anglè a. Gade “Entwodiksyon” an nan manyèl etidyan yo pou plis detay. EnglishConnect 3 prepare etidyan yo pou opòtinite akademik yo—spesifikman BYU–Pathway Worldwide. ou ka aprann plis konsènan BYU–Pathway Worldwide nan byupathway.org/englishconnect.
EnglishConnect ofri yon wout pou ede etidyan yo pwogrese pandan y ap prepare pou anplwa, edikasyon, ak sèvis. Aprann plis nan EnglishConnect.org