Aprantisaj Anglè
Kesyon Yo Poze Souvan


“Kesyon ki Pose Souvan,” Gid pou Aplikasyon EnglishConnect (2022)

“Kesyon,” Gid Aplikasyon EnglishConnect

Kesyon Yo Poze Souvan

Ki modifikasyon m ka pote a resous pwomosyonèl ak aprantisaj yo?

Konbyen enstriktè m bezwen?

Ki materyèl ki genyen pou etidyan ak enstriktè EnglishConnect?

Kouman m ap fè konnen si gwoup yo gen siksè?

Kouman m ap fè konnen si yon etidyan ta dwe pran EnglishConnect 1 oswa 2?

Ki modifikasyon m ka pote a resous pwomosyonèl ak aprantisaj yo?

Resous EnglishConnect proteje atravè lwa dwadotè epi yo pa dwe modifye san pèmisyon. Gade nan seksyon “Apendis A: Enfòmashyon Legal” pou enfòmasyon sou mande pèmisyon pou modifye resous yo.

Konbyen enstrikt m bezwen?

Li rekòmande pou chak gwoup gen omwen de enstriktè. Konsa, yo ka anseye an ekip oubyen ranplase lòt si yonn pa la oubyen malad.

Enpòtan: Gwoup EnglishConnect yo dwe suiv règleman Legliz yo ki di omwen, de granmoun ki responsab ta dwe toujou prezan pandan chak reyinyon gwoup. Si gen yon sèl enstriktè, asiyen yon adilt ki manm gwoup la pou asiste nan chak leson. Pa reyini gwoup si pa gen omwen de adilt responsab ki prezan.

Ki materyèl ki genyen pou etidyan ak enstriktè EnglishConnect?

Materyèl pou Etidyan yo

Etidyan yo ap bezwen gen aksè nan EnglishConnect 1 pou Etidyan yo oswa EnglishConnect 2 pou Etidyan yo. Gen resous adisyonèl ki disponib pou ogmante aprantisaj. Gade lis la anba a pou deskripsyon tout resous ki disponib yo.

  • EnglishConnect 1 pou Etidyan ak EnglishConnect 2 pou Etidyan yo: Etidyan yo itilize manyèl sa yo pou prepare ak patisipe nan gwoup konvèsasyon. Chak manyèl etidyan divize a sis inite ki gen kat a senk leson. Chak leson enkli seksyon “Etid Pèsonèl” ak “Gwoup Konvèsasyon”. Etidyan yo ankouraje pou yo konplete aktivite “Etid Pèsonèl” anvan yo vin nan gwoup konvèsasyon an. Ou ka gen aksè a manyèl edidyan yo ak resous odyo ki akonpaye l yo nan Biblyotèk Levanjil la oubyen kòmande yo nan store.ChurchofJesusChrist.org (nimewo atik 18489 & 19563).

  • EnglishConnect 1 Kaye Egzèsis ak EnglishConnect 2 Kaye Egzèsis: EnglishConnect gwoup 1 ak 2 yo chak gen liv travay pa yo. Etidyan yo itilize aktivite nan kaye egzèsis sa yo pou kont yo oubyen avèk yon asosye kòm pratik adisyonèl andeyò gwoup konèsasyon an. Ou ka gen aksè a kaye egzèsis yo nan Biblyotèk Levanjil la oubyen kòmande yo nan store.ChurchofJesusChrist.org (nimewo atik 17140 & 17323).

  • EnglishConnect.org: websit EnglishConnect la gen aktivite pou pratik entèaktif pou chak leson.

  • App Bibloyotèk Levanjil (Gospel Library App): Etidyan yo ka li oubyen koute diskou konferans jeneral, Liv Mòmon, ak kantik yo.

  • Lòt Liv ak App: Gen anpil resous ki devlope pou ede moun aprann Anglè. Etidyan yo ta dwe “chèche … pawòl sajès nan pi bon liv yo; chèche konesans, menm nan etid epi avèk lafwa” (Doktrin ak Alyans 88:118).

Enstriktè yo ta dwe ankouraje etidyan yo pou yo eseye yon varyete resous epi evalye kijan yo chak aplike pou yo.

Nimewo materyèl nan magazen Legliz

EnglishConnect 1 pou Elèv yo

18489

EnglishConnect 2 pou Elèv yo

19563

EnglishConnect 1 Kaye Egzèsis

17140

EnglishConnect 2 Kaye Egzèsis

17323

Materyèl pou Enstriktè

Enstriktè yo ta dwe etidye EnglishConnect pou Enstriktè nan Biblyotèk Levanjil la ansanm avèk lòt materyèl resous fòmasyon nanu englishconnect.org/teacher/training. Enstriktè yo ka itilize resous prezantasyon EnglishConnect tou pou gide aktivite pou konvèsasyon gwoup. Resous prezantasyon yo disponib sou englishconnect.org/resources/teaching-materials.

Kouman m ap fè konnen si gwoup yo gen siksè?

Objektif EnglishConnect se pou ede etidyan yo ogmante otonomi espirityèl ak tanporèl yo pandan y ap chèche èd Seyè a pou yo aprann Anglè. Aprann Anglè ka ede yo laji opòtinite yo pou opòtinite edikasyon ak anplwa. Klas EnglishConnect te prepare pou ede etidyan yo aplike prensip levanjil yo pandan y ap travay ansanm pou akonpli objektif aprantisaj yo.

Ou pral konnen enstriktè yo gen siksè lè yo:

  • Envite Lespri a atravè temwayaj, priyè, ak ekspresyon amou ak ankourajman.

  • Dedye 20 a 30 minit tan gwoup la pou diskite prensip aprantisaj ki nan leson an.

  • Pase majorite tan gwoup la pou ede etidyan yo angaje nan pratik aktivite konvèsasyon entèaktif yo.

Ou pral konnen etidyan yo gen siksè lè yo:

  • Asiste regilyèman epi patisipe aktivman nan sesyon gwoup chak semèn.

  • Anseye yonn lòt, eksprime lafwa, epi pataje temwayaj.

  • Aji avèk lafwa pou etidye ak pratike chak jou andeyò gwoup la.

Kouman m ap fè konnen si yon etidyan ta dwe pran EnglishConnect 1 oswa 2?

Ou ka itilize tibout evalyasyon oral la nan “Apendis B: Entèvyou Konpetans Sifizans Oral pou Plasman nan Gwoup EnglishConnect” la pou detèmine si yon etidyan ta dwe plase nan EnglishConnect 1 oubyen EnglishConnect 2. Si yo ofri yon sèl gwoup, etidyan ki nan de nivo yo ka travay ansanm pou yo bay ak resevwa sipò.