“Egzanp,” Gid pou Aplikasyon EnglishConnect (2023)
“Egzanp,” Gid pou Aplikasyon EnglishConnect
Egzanp
Anba a, gen kèk egzanp sou fason pou òganize gwoup yo pou satisfè bezwen lokal.
Gwoup Aktif yo
Yon konsèy pieu vle bay gwoup EnglishConnect ke manm pieu ak kominote a ka rejwenn nenpòt lè. Yo espere gwoup EnglishConnect yo pral bay manm Legliz yo opòtinite pou sèvi. Yo espere tou gwoup sa yo pral bay manm kominote yo opòtinite pou yo aprann plis konsènan Jezikri epi eksperimante amou manm Legliz yo.
Yo seleksyone yon kay ki pipre moun ki plis ka patisipe yo. Yo deside fè gwoup yo rankontre Madi swa soti 7:00 rive 8:30 aswè. Yo aple kat enstriktè, de EnglishConnect 1 ak de pou EnglishConnect 2. Yo mande pou yonn nan enstriktè yo sèvi kòm kowòdonatè tout pwogram nan epi pou bay enstriktè sa a pozisyon espesyalis byennèt ak otonomi nan Resous Dirijan ak Grefye. Nan pozisyon sa a, koòdonatè a ka anrejistre gwoup yo nan QuickReg.
Apresa, pou fè piblisite pou gwoup la, konsèy pieu a distribye feyè nan legliz la, ak poste sou platfòm medya sosyal yo epi mande misyonè yo envite moun yo rankontre. Inisyalman, pieu a refere etidyan yo pou patisipe nan yon gwoup EnglishConnect 3 sou entènèt pou zòn pa yo a lè yo pare pou pase sou EnglishConnect 2. Apre kèk tan, pieu a gen ase patisipan pou sipòte yon gwoup EnglishConnect 3 nan menm batiman Legliz la ansanm avèk gwoup EnglishConnect 1 ak 2. Yo travay avèk kontak BYU–Pathway Worldwide yo pou aple misyonè PathwayConnect pou jere gwoup EnglishConnect 3 a.
Gwoup De-Inite
Yon konsèy pawas vle bay manm yo nan pawas la ak kominote a yon opòtinite pou aprann Anglè. Yo te eseye jere yon gwoup EnglishConnect anvan sa, men, majorite patisipan yo te wè l difisil pou yo angaje yo pou patisipe nan tout 25-semèn ki ofri yo. Yo deside ofri gwoup ki sèlman kouvri de inite.
Dirijan yo planifye pou fè gwoup yo rankontre madi ak vendredi de 7:30 a 9:00 aswè. Yo aple kat enstriktè, de EnglishConnect 1 ak de pou EnglishConnect 2. Yo anrejistre gwoup yo nan QuickReg epi yo mete yon siy deyò batiman Legliz la pou fè piblisite. Yo fè paj piblisite manm yo ka bay zanmi yo oubyen pataje nan medya sosyal.
Alafen mwa a, dirijan yo konkli gwoup yo nan QuickReg yo epi fè yon plan pou kouvri de inite suivan yo nan yon avni pwòch.
Gwoup Jèn yo
Yon konsèy pieu vle ede jèn yo gen aksè a opòtinite edikasyon apre yo fini pwogram jèn yo epi yo retounen lakay yo soti nan misyon. Dirijan yo espere tou lè etidyan yo apran Anglè avèk EnglishConnect sa pral ede yo aprann kouman pou yo asosye avèk Bondye pou yo akonpli objektif mondyal. Yo deside kòmanse gwoup EnglishConnect pou jèn nan pawas yo.
Jèn yo abite lwen yonn lòt, poutèt sa, dirijan yo deside fè gwoup yo rankontre sou entènèt madi de 8:00 a 9:00 aswè. Yo aple misyonè ki soti nan misyon ak jèn ki konnen enpe Anglè pou anseye gwoup la. Dirijan yo asire yo ke y ap suiv règleman Legliz yo pou pwoteje jèn yo. Pa egzanp, yo asire yo ke de granmoun ki te konplete klas pwoteksyon jèn yo prezan nan chak reyinyon sou entènèt epi chak jèn gen yon fòm konsantman paran.
Dirijan yo tabli yon enstriktè tou- oubyen dirijan-gwoup WhatsApp ki siveye pou jèn yo ka pratike Anglè yo chak jou. Gwoup WhatsApp la ede anwole jèn ki pa ka patisipe nan reyinyon madi yo.
Dirijan yo travay avèk manadjè byennèt ak otonomi yo pou kòmanse yon gwoup jèn EnglishConnect 3 nan zòn yo a pou moun ki gen abilte Anglè ki depase EnglishConnect 2.
Gwoup Misyonè yo Dirije
Dirijan misyon yo ta vle itilize EnglishConnect pou pataje levanjil Jezikri a. Yo konnen ke gwoup EnglishConnect yo travay pi byen lè manm yo jere yo epi misyonè yo sipòte yo. Nan konsèy avèk prezidan pieu yo nan misyon an, yo deside ke misyon an pral kòmanse gwoup EnglishConnect yo epi travay pou remèt yo nan men pieu a.
Misyonè yo deside lè pou reyinon yo pou gwoup ki travay byen pou pataje orè yo epi ogmante aksè pèp la nan kominote a. Pandan misyonè yo kòmanse kòm enstriktè EnglishConnect, yo travay avèk dirijan prètriz tou pou yo jwen manm lokal pou ranplase yo, kèk ladan yo ka ansyen etidyan EnglishConnect 1 ak 2. Apre kèk tan, misyonè yo pral fè tranzisyon al jwe yon wòl sipò. Misyonè yo kontinye patisipe regilyèman, pou sipòte gwoup yo, yo refere nouvo elèv, epi yo ankouraje etidyan yo chèche èd Bondye pou aprann Anglè.