Aprantisaj Anglè
Espesyalis Otonomi ak Komite yo


“Espesyalis Otonomi ak Komite yo,” Gid pou Aplikasyon EnglishConnect (2023)

“Otonomi,” Gid pou Aplikasyon EnglishConnect

moun k ap pale ak ri

Espesyalis Otonomi ak Komite yo

EnglishConnect ede moun ogmante otonomi espirityèl ak tanporèl atravè devlòoman konpetans nan Anglè nan yon anviwònman lafwa, fratènite, ak devlopman. Atravè lapriyè, konsidere kiyès ki ta ka benefisye nan patisipe kòm yon espesyalis, enstriktè, oubyen etidyan.

Ou ka adapte EnglishConnect pou satisfè bezwen moun ou aple pou sèvi yo. Atravè lapriyè, konsidere bezwen moun w ap sèvi yo pandan w ap konplete etap ki anba la yo.

Ofri gwoup EnglishConnect 1 ak 2

Gwoup EnglishConnect ka òganize ak administre tankou lòt gwoup otonomi yo. Abityèlman, li siyifi ke administrasyon EnglishConnect 1 ak 2 delege a yon komite otonomi oubyen yon lòt komite ki deziye.

Yon koudèy

EnglishConnect 1 ak 2 prepare pou nenpòt moun ka antre ladan l epi li enkli:

  • Yon gwoup konvèsasyon chak semèn ke manm lokal yo oswa misyonè yo dirije.

  • Leson 90-minit.

  • 25 leson òganize an inite.

  • Prensip aprantisaj “pa etid epi pa lafwa” (Doktrin ak Alyans 88:118).

  • Resous pratik kotidyen.

  • Aksè nan odyo ak tradiksyon nan Bibliyotèk Levanjil la.

Longè ak rit leson yo ka adapte a sitiyasyon lokal yo (gade “Egzanp”).

Avan w Kòmanse yon Gwoup

  • Chita an konsèy avèk dirijan prètriz yo sou vizyon ak objektif yo (plis).

  • Aple ak fòme enstriktè (plis).

  • Founi materyèl (plis).

  • Deside sou lokasyon ak frekans (plis).

  • Anrejistre gwoup la nan QuickReg (plis).

  • ENvite ak akeyi patisipan (plis).

Pandan yon Gwoup

  • Favorize yon anviwònman lafwa, fratènite, ak devlopman (plise).

  • Sipòte pwogresyon enstriktè yo (plis).

  • Ede etidyan yo prepare pou pwochen nivo EnglishConnect la (plis).

  • Entwodui lòt resous Leglis yo (plis).

  • Jere gwoup ou a nan QuickReg (plis).

Finalite yon Gwoup

  • Enprime ak distribye sètifika yo nan finisman gwoup la (plis).

  • Ede etidyan yo prepare pou pwochen nivo EnglishConnect oswa pou BYU–Pathway Worldwide (plis).

  • Idantifye etidyan ki ka jwenn apèl kòm enstriktè yo (plis).

  • Envite etidyan yo pou yo patisipe nan lòt pwogram Legliz yo (plis).

  • Konkli gwoup la nan QuickReg (plis).

  • Fè Rapò bay dirijan prètriz yo (plis).

Konekte Etidyan yo avèk Gwoup EnglishConnect 3 yo

EnglishConnect 3 ede etidyan yo devlope konpetans entèmedyè nan Anglè alafwa pou opòtinite travay ak edikasyon—spesifikman BYU–Pathway Worldwide. Misyonè sèvis yo nan Legliz la se fasilitatè pou gwoup EnglishConnect 3 yo.

Genyen de fason ou ka ede etidyan yo gen aksè nan EnglishConnect 3:

  1. Ede yo antre nan yon gwoup ki deja egziste. EnglishConnect 3 gen gwoup nan pifò kote nan mond lan. Ou ka ede yo anwole nan yon gwoup EnglishConnect 3 nan gide yo atravè pwosesis aplikasyobn an nan englishconnect.org/join. Refere etidyan ki gen kesyon adisyonèl oubyen pwoblèm pou enskri yo a byupathway.org/help/contact-us.

  2. Ofri yon gwoup an EnglishConnect 3 Si w ta renmen kòmanse yon gwoup an EnglishConnect 3, voye yon imèl nan learn@englishconnect.org. Yon misyonè sèvis nan Legliz la ap kontakte ou apresa.