“Direksyon adisyonèl,” Gid pou Aplikasyon EnglishConnect (2023)
“Direksyon adisyonèl,” Gid pou Aplikasyon EnglishConnect
Direksyon adisyonèl
Lafwa, Fratènite, ak Devlopman
Favorize lafwa, fratènite, ak devlopman. Ede kreye yon anviwonnman kote etidyan yo ka ogmante lafwa yo, fè eksperyans fratènite, epi devlope kapasite yo. Pou fè sa, ou ka aple enstriktè, ofri espas, epi asire ke etidyan yo ak enstriktè yo gen resous ki nesesè yo. Ou ta ka kowòdone avèk lòt moun ki ka sipòte etidyan yo tou, tankou misyonè yo ak lòt gwoup otonomi.
Dirijan Prètriz yo
Fè konsèy avèk dirijan prètriz yo. Asire ke pwogram ou a gen apwobasyon ak sipèvizyon dirijan prètriz yo. Dirijan prètriz yo enkli moun ki sipèvize otonomi, seminè, ak enstiti, ak efò misyonè yo. Fè konsèy avèk dirijan prètriz sou:
-
Fikse bi epi fè suivi sou bi ak objektif yo (gade “EnglishConnect Sipòte Travay Sali ak Egzaltasyon Bondye a”).
-
Amelyore rezilta pwogram nan.
-
Aple nouvo enstriktè (gade “Enstriktè”).
-
Envite plis etidyan pou patisipe (gade “Envite ak Konsyantize”).
-
Elaji aksè (gade “Lokalite ak Frekans”).
-
Envite etidyan yo eksplore resous adisyonèl Legliz yo (gade “Konekte avèk Lòt Resous Legliz yo”).
Rapòte bay dirijan prètriz yo. Rapòte bay dirijan prètriz yo sou siksè ak difikilte gwoup EnglishConnect yo.
Asire obeyisans legal. Asire ke pwogram EnglishConnect la aliyen avèk demand legal lokal yo nan englishconnect.org/leader/approved-locations.
Nòt: Resous EnglishConnect yo pwoteje pa dwa otè legal epi yo pa dwe modifye san pèmisyon.
Asosye Misyon
Planifye pou itilize EnglishConnect pou pataje levanjil la. EnglishConnect ka vin tounen yon pati siyifikatif nan plan misyon yon pawas. Gwoup EnglishConnect ka:
-
Ogmante opòtinite dekouvèt ak ansèyman pou misyonè-aplen tan yo.
-
Ranfòse relasyon ant manm yo, zanmi Legliz yo, ak misyonè yo.
-
Ede manm k ap retounen ak moun k’ap aprann yo re-entegre nan yon pawas.
-
Ede manm yo aplike prensip renmen, pataje, ak envite yo (gade Manyèl Jeneral, 23.1).
Efò ki dirije pa manm yo epi soutni pa misyonè- yo ap pi byen ede ede nou atenn rezilta sa yo. Lè manm yo dirije gwoup EnglishConnect yo, patisipan yo ka pi fasilman bati amitye avèk manm yo epi pataje eksperyans ki bati sou lafwa. Misyonè yo, dirijan misyon yo, ak komite otonomi yo dwe chita ansanm an konsèy pou fè gwoup EnglishConnect yo tounen yon andwa kote pataje ak viv levanjil la senp ak natirèl.
Envite misyonè yo pou ede. Nan zòn kote pieu ak pawas yo gen gwoup EnglishConnect, envite misyonè yo pou yo ede nan:
-
Patisipe nan gwoup yo epi pratike avèk yo pandan aktivite yo.
-
Pratike avèk etidyan yo ant konvèsasyon an gwoup yo.
-
Anseye kèk leson, si sa nesesè.
Enstriktè
Wòl Enstriktè yo
Enstriktè yo jwe yon wòl enpòtan nan envite Lespri a ak nan favorize lafwa, fratènite, ak devlopman nan gwoup EnglishConnect yo. Yo pa bezwen pou yo se ekspè nan Anglè ni gen eksperyans nan anseye. Yo pa bezwen pale menm lang avèk etidyan yo. Leson EnglishConnect yo prepare kote nou itilize prensip aprantisaj lang ki teste, epi enstriktè yo ap gen siksè si yo gide etidyan yo avèk jantiyès atravè leson yo. Enstriktè yo ede etidyan yo vin pipre Bondye pandan y ap aprann Anglè.
Kalite yon Enstriktè
Bon enstriktè yo genyen:
-
Antouzyas, ankourajman, ak pasyon pou anseye Anglè.
-
Amou ak pasyans pou etidyan yo ak yon gran anvi pou wè yo gen siksè.
-
Yon atitid pozitif ki optimis.
-
Depandablite ak disponiblite pou dirije gwoup.
Aple enstriktè yo. Paske etidyan EnglishConnect yo enkli minè, dirijan prètriz lokal yo ta dwe entèvyouve chak enstriktè potansyèl epi revize rejis manm yo anvan yo ofri yo yon apèl. Grwoup ki gen minè yo dwe gen de adilt ki prezan epi suiv Règleman Legliz pou pwoteje jèn yo. Li rekòmande pou gwoup ki pa gen jèn genyen de enstriktè tou pou yo ka anseye kòm ekip oubyen pou yonn ka ranplase lòt si yonn pa la oubyen malad.
Antrene enstriktè yo. Ou ka itilize EnglishConnect pou Enstriktè yo ak resous yo nan englishconnect.org/teacher. Ou ta dwe bay enstriktè yo yon kopi manyèl etidyan yo tou ak yon kaye egzèsis (gade “Materyèl yo”). Nou ankouraje enstriktè yo pou yo rankontre regilyèman pou konseye ansanm, pataje pibon pratik, reponn kesyon yonn lòt, epi revize materyèl edikatif.
Ede etidyan yo pwogrese pou yo tounen enstriktè. Enstriktè yo ka idantifye etidyan nan gwoup la ki ta ka prepare pou anseye yon gwoup nan lavni. Ansèyman ede etidyan yo kontinye grandi ak epi elaji aksè a pwogram nan.
Materyèl yo
Bay etidyan yo materyèl. Etidyan yo pral bezwen aksè a EnglishConnect 1 pou etidyan oubyen EnglishConnect 2 pou etidyan oubyen dijitalman nan Biblyotèk Levanjil la oubyen ki enprime atravè magazen Legliz la anliy store.ChurchofJesusChrist.org. Resous adisyonèl disponib tou pou amelyore aprantisaj yo, ansanm avèk kaye egzèsis ak aktivite anliy yo. Pou deskripsyon tout resous ki dispionib pou etidyan yo, gade “Kisi ki genyen kòm materyèl etidyan ak enstriktè pou EnglishConnect?” nan seksyon “Kesyon Yo Poze Souvan” yo.
Resous Enprime
Si w bay resous enprime, inite lokal yo dwe sipòte efò sa a avèk bidjè yo deja genyen. Si w bezwen finans, prezidan pieu yo ta dwe suiv pwosesis ki apwouve a pou mande finans lan. Pa mande etidyan yo okenn frè patisipasyon. Si etidyan yo dwe achte resous enprime pou tèt pa yo, yo ka fè sa atravè sant distribisyon lokal yo oubyen magazen Legliz la anliy.
Nòt: Manyèl yo ka pran jiska sis semèn pou yo rive.
Bay enstriktè yo materyèl. Enstriktè yo ta dwe etidye EnglishConnect pou enstriktè yo nan Biblyotèk Levanjil la asanm avèk lòt resous antrènman nan englishconnect.org/teacher.
Prezantasyon leson Vityèl
Enstriktè yo ka itilize resous prezantasyon EnglishConnect yo pou ede yo gide konvèsasyon gwoup vityèl yo. Prezantasyon leson yo disponib sou englishconnect.org/resources/teaching-materials.
Espas ak Prezans
Deside si w ap ofri gwoup fasafas oubyen vityèl. Gwoup an-pèsòn nan batiman Legliz la rekòmande pou bay opòtinite pou fratènize. Si aksè nan batiman Legliz la difisil pou patisipan yo, konsidere ofri gwoup yo anliy. “Gid pou Dirije Gwoup Vityèl yo” ak “Gid pou Gwoup Patisipan Vityèl yo” ka ede dirijan yo, enstriktè yo, ak etidyan yo kreye yon anviwònman aprantisaj anliy ki enspire. Prezantasyon leson vityòl yo disponib sou englishconnect.org/resources/teaching-materials.
Deside konbyen fwa gwoup yo ap reyini. Majorite gwoup reyini defwa chak semèn, men, leson yo ekri pou gwoup yo ka reyini pi souvan si yo vle. Sonje ke etidyan yo bezwen tan pou yo konplete aktivite etid pèsonèl anvan chak leson.
Deside kilè ak pou konbyen tan gwoup yo pral reyini. Chwazi yon dat ak yon lè ki ka pi bon pou etidyan ak enstriktè yo. Majorite gwoup reyini pou 90 minit, men, gwoup yo ta ka reyini pou diferan kantite tan si yo vle.
Deside dire gwoup la ak ki inite yo vle etidye. Anpil gwoup ap mache, ki vle di yo rekòmanse avèk leson 1 lè yo fini manyèl la. Lòt gwoup etidye manyèl la yon fwa oubyen yo sèlman etidye yon pòsyon nan inite yo nan manyèl la.
Gade nan seksyon “Egzanp yo” pou fason dirijan yo òganize gwoup yo.
Anrejistreman ak Sètifika (QuickReg)
Kreye ak jere gwoup nan QuickReg. QuickReg se yon zouti Legliz la apwouve pou jere gwoup otonòm yo. Pou Kreye gwoup nan QuickReg ale sou quickreg.englishconnect.org. Apresa, kontinye itilize QuickReg pou:
-
Fè piblisite pou gwoup.
-
Chanje dat, lè, ak pozisyon gwoup.
-
Enprime sètifika patisipan yo.
-
Chanje estati yon etidyan.
-
Acheve gwoup.
Gade egzèsis QuickReg sou englishconnect.org/leader pou fòmasyon.
Nòt: Pou itilize QuickReg, yon manm dwe (1) genyen yon apèl nan Legliz la epi (2) fè anrejistre apèl yo a nan Resous Dirijan ak Grefye yo.
Enprime ak prezante sètifika nan QuickReg. Enstriktè ak espesyalis otonomi ka enprime ak prezante sètifika patisipasyon a etidyan ki anwole nan QuickReg.
Envitasyon ak Rekonesans
Itilize materyèl pou rekonesans. Materyèl pou pwomosyon yo disponib nan magazen sou entènèt Legliz la sou store.ChurchofJesusChrist.org ak sou englishconnect.org/resources/leader#publicity.
Envite etidyan. Ou ka itilize kanal kominikasyon abityèl pou fè piblisite pou gwoup EnglishConnect, tankou sè ak frè sèvis patoral, misyonè, bilten nan pawas, feyè, eksetera. Kote inite lokal yo otorize ak finanse, gwoup yo ka konsidere fè piblisite tou sou medya sosyal oubyen sou paj entènèt lokal yon pawas oubyen pieu. Anvan w kòmanse nenpòt nan metòd piblisite sa yo, revize règleman lokal yo sou englishconnect.org/leader/approved-locations.
Akeyi etidyan yo. Etabli yon plan pou ou ka envite etidyan yo lè yo anresjistre nan gwoup la.
Envite zanmi ki nan lòt legliz. Nou ankouraje w enkli moun nan diferan relijyon. Toujou montre respè pou kwayans lòt moun lè w ap pataje relijyon w ouvètman pou Bondye ka ede patisipan yo aprann Anglè.
Konsidere pou w envite jèn moun. Ou ka òganize gwoup sèlman pou jèn moun, oubyen ou ka envite jèn pou patisipe avèk granmoun yo. Nan EnglishConnect, jenerasyon k ap leve a aprann fason pou yo resevwa èd Bondye pou yo aprann Anglè. Leson sa yo ka ede yo gen lafwa ke Bondye pral ede yo nan tout aspè nan lavi yo.
Suiv Règleman Legliz yo pou Pwoteje jèn moun yo. Minè yo (sa ki gen laj 18 oubyen pijèn epi ki abite lakay paran yo) dwe gen yon papye konsantman paran ki siyen anvan yo patisipe nan gwoup. Dokiman yo disponib nan plizyè lang sou englishconnect.org/resources/leader. Anplis, gwoup EnglishConnect dwe toujou suiv règleman Legliz ki di omwen de granmoun ki rsponsab dwe prezan tout tan pandan reyinyon gwoup yo. Règleman sa yo dwe obsève menmsi gwoup la ap reyini vityòlman.
Pwogrese al nan Pwochen Nivo a
Edike etidyan yo sou EnglishConnect ak BYU–Pathway Worldwide education and career path. EnglishConnect ak BYU–Pathway Worldwide bay yon chemen pou etidyan yo gen konesans nan yon anviwònman fratènize ak lafwa. Ou ka jwenn resous sou byupathway.org/englishconnect.
Ede etidyan yo anwole nan EnglishConnect 3. Gade seksyon “Konekte Etidyan yo pou EnglishConnect 3 Groups.”
Konekte avèk BYU–Pathway Worldwide service missionaries lokal ou a. Diskite fason pou sipòte etidyan yo pandan y ap fè tranzisyon sòti nan EnglishConnect 3 al nan BYU–Pathway Worldwide.
Konekte avèk Lòt Resous Legliz yo
Konekte avèk Resous adisyonèl Legliz yo. Fè plan pou w konekte avèk resous adisyonèl Legliz yo tankou lòt gwoup otonòm, aktivite jèn moun, ak opòtinite pou aprann plis konsènan levanjil Jezikri a. Gade paj “Resous Emosyonèl, Edikasyonèl, ak Anplwa” sou ChurchofJesusChrist.org pou plis enfòmasyon.