“Apendis B: Entèvyou Konpetans Oral pou Plasman nan Gwoup 1 ak 2 EnglishConnect,” EnglishConnect pou Enstriktè yo (2023)
“Apendis B,” EnglishConnect pou Enstriktè yo
Apendiks B
Entèvyou Konpetans Oral pou Plasman nan Gwoup EnglishConnect yo
Pou Moun yo K ap Administre Entèvyou Oral la
Tès sa a se yon brèf entèvyou ki pa ta dwe pran plis pase senk minit. Entèvyou oral sa a pral detèmine si yon etidyan ta dwe plase nan EnglishConnect 1 oswa EnglishConnect 2. Itilize bouyon sa a pou kondui entèvyou a epi evalye repons kandida a.
Enprimab “Entèvyou Konpetans Oral”
Entèpretasyon Rezilta yo pou Entèvyou Oral la
Chak repons ta dwe evalye selon kritè ki pi ba yo:
-
0 = pa kapab reponn kesyon an ditou
-
1 = gen yon tikras oswa pa gen abilte pou reponn; reponn ak grenn mo sèlman
-
2 = ka reponn avèk fraz memorize ak anpil erè
-
3 = pwodui yon repons elabore avèk fraz ki pa memorize, malgre gendwa gen erè
-
4 = pwodui yon repons elabore avèk kèk erè
-
Total Pwen: 0–7 = EnglishConnect 1
-
Total Pwen: 8–11 = EnglishConnect 2
-
Total Pwen: 12+ = EnglishConnect 2 epi envite pou aplike pou EnglishConnect 3
Si etidyan yo gen yon majorite 1, yo ta dwe plase nan EnglishConnect 1. Si etidyan yo gen yon majorite 2 oswa 3 yo, yo ta dwe plase nan EnglishConnect 2. Si etidyan yo gen yon majorite 3 oswa 4 yo, yo ka toujou asiste EnglishConnect 2 si yo vle men yo gendwa jwenn envitasyon tou pou aplike pou EnglishConnect 3 (gade englishconnect.org/join).
Entèvyou Oral
Ede kandida a santi li alèz otan sa posib nan etabli yon anbyans amikal. Salye kandida a epi entwodui tèt ou an tout senplisite. Pa egzanp: “Hi. My name is. What’s your name?”
Poze l kesyon yo ki sou lis la nan tablo ki pi ba a.
|
Kesyon |
Pwen (0–4) |
|---|---|
Kesyon 1. Tell me about yourself. What do you like to do? (Si etidyan an pa konprann sa, ou ka eseye mande, “What are your hobbies?”) | |
Kesyon 2. Tell me about your family. Who is in your family? | |
Kesyon 3. Where are you from? Tell me about your city. | |
Kesyon 4. What did you do last weekend? (Itilize pase konpoze pi difisil, konsa poze kesyon sa sèlman si etidyan an te byen reponn tout lòt kesyon yo.) | |
Kesyon Total Pwen |