Aprantisaj Anglè
Dirijan yo


“Dirijan yo,” Gid pou Aplikasyon EnglishConnect (2023)

“Dirijan yo,” Gid pou Aplikasyon EnglishConnect

dirijan k ap pale ak ri ansanm

Dirijan yo

EnglishConnect opere sou direksyon prètriz pou asiste nan travay sali ak egzaltasyon Bondye a. Pawas, pieu, konsèy kowòdinasyon, misyon ak entèrejyon yo ka enplante EnglishConnect.

Prensip suivan yo ap ede w kòmanse:

  • Etabli yon vizyon. Nan konsèy yo, detèmine kijan w pral itilize EnglishConnect pou sipòte moun yo ak fanmi yo nan travay sali ak egzaltasyon Bondye a.

  • Delege Responsablite. EnglishConnect ka òganize tankou lòt pwogram otonòmi oubyen edikasyon yo. Enplantasyon EnglishConnect la ka delege a yon mam gran konsèy oubyen yon espesyalis otonomi.

  • Asire responsablite. Planifye mizajou peryodik sou enpak pwogram nan. Konsantre sou moun yo ak fanmi yo.

Dirijan Misyon yo

Nan zòn kote pieu oubyen pawas yo pa gen gwoup EnglishConnect, dirijan misyon yo ka planifye avèk dirijan prètriz lokal yo pou fè misyonè yo anseye gwoup yo pandan dirijan lokal Legliz yo ap prepare manm yo pou ranpli wòl sa a. Dirijan misyon yo ak misyonè yo ta dwe itilize enfòmasyon nan gid sa a epi inif efò yo avèk efò dirijan lokal yo ak manm yo (gade nan “Asosye Misyon”).