Aprantisaj Anglè
Objektif


“Objektif,” Gid pou Aplikasyon EnglishConnect (2023)

“Objektif,” Gid pou Aplikasyon EnglishConnect

moun k ap pale ak ri

Objektif

EnglishConnect se yon pwogram Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo ofri pou aprann lang Anglè. Objektif EnglishConnect se pou ede moun ogmante otonomi espirityèl ak tanporèl atravè devlòpman konpetans Anglè nan yon anviwònman lafwa, fratènite, ak devlopman.

EnglishConnect Sipòte Travay Sali ak Egzaltasyon Bondye a

EnglishConnect ka ede pitit Bondye yo:

  • Viv Levanjil Jezikri a. Nan EnglishConnect, patisipan yo aplike prensip aprantisaj “pa etid epi pa lafwa” yo (Doktrin ak Alyans 88:118). Enstriktè ak etidyan yo fòtifye lafwa yo pandan y ap chèche ak resevwa èd Senyè a. (Egzanp yo)

  • Pran swen moun ki nan nesesite yo. Konpetans lang-Anglè kapab elaji opòtinite pou otonomi ak sèvis. EnglishConnect ede patisipan yo prepare pou opòtinite sèvis, anplwa, ak edikasyon. Anplis, patisipan yo sèvi ak renmen youn lòt pandan y ap anseye ak aprann ansanm. (Egzanp yo)

  • Envite tout moun pou yo resevwa levanjil la. Nan gwoup EnglishConnect yo, patisipan yo aprann ak aplike prensip levanjil yo epi yo bati amitye. Pandan tan EnglishConnect la, patisipan yo genyen anpil opòtinite pou yo suiv Lespri a pandan y ap renmen, pataje, ak envite lòt moun pou yo vin fè eksperyans benediksyon levanjil yo. (Egzanp yo)