Aprantisaj Anglè
Apèsi


“Apèsi,” Gid pou Aplikasyon EnglishConnect (2023)

“Apèsi,” Gid Pou Aplikasyon EnglishConnect

Apèsi

EnglishConnect gen plizyè nivo pou ede etidyan yo pwogrese. EnglishConnect 1 ak 2 ede etidyan yo devlope konesans debaz nan lang-Anglè. EnglishConnect 3 ede etidyan yo devlope konpetans entèmedyè lang Anglè pou anplwa, sèvis, ak opòtinite—edikasyon espesylman BYU–Pathway Worldwide.

EnglishConnect pi efektif lè tout nivo yo disponib pou etidyan yo.

Tablo kiraf montre pwogresyon soti nan EnglishConnect 1, 2, ak 3, rive nan BYU Pathway Worldwide. Li montre tou ke EnglishConnect 1 and 2 anseye Anglè debaz epi EnglishConnect 3 anseye Anglè entèmedyè.

Kondisyon pou patisipasyon

Etidyan yo dwe ka li lang natifnatal yo epi yo dwe omwen 11 ane pou patisipe nan gwoup EnglishConnect yo.

Anba la a, gen konpetans lang-Anglè etidyan yo bezwen pou yo kòmanse nan chak nivo.

EnglishConnect 1: Li alfabè a epi l di kèk mo debaz

EnglishConnect 2: Fòme fraz debaz

EnglishConnect 3: Fè konvèsasyon natirèl; li ak ekri fraz debaz*

*Etidyan yo dwe pase yon egzamen lang-Anglè pou patisipe nan EnglishConnect 3.