Mizik
Gen Yon Mòn Jaden Byen Lwen


24

Gen Yon Mòn Jaden Byen Lwen

Avèk reverans

1. Gen yon mòn jaden ki byen lwen,

Li andeyò vil la,

Kote krisifiksyon Jezi

te fèt pou souve nou.

2. Nou pa konnen, Nou pa ka di

ki doulè l’ te soufri,

Men nou ka kwè se te pou nou

li te soufri sou kwa.

3. Pat gen lòt moun ki ase bon,

Pou peye dèt peche,

Se li sèlman ki te kapab,

ouvri syèl la pou nou.

4. Li renmen nou anpil, anpil!

Nou dwe renmen li tou,

Mete konfyans nan san Jezi,

Epi fè zèv li yo.

Tèks: Cecil Frances Alexander, 1818–1895

Mizik: John H. Gower, 1855–1922

Jan 19:16–20

Ebre 13:12