Mizik
Pitit Bondye An N’ Chante


4

Pitit Bondye An N’ Chante

Avèk jwa

1. Pitit Bondye an n’ chante

an n’chante ak yon sèl vwa

pou Sovè nou k’ap vini

gouvène sou tout tè a.

Tout tè a pral netwaye.

Lèzòm ap sispann peche.

Lèzòm ap viv ak lamou,

epi y’ap viv nan lapè.

2. Tout moun ap kontan anpil

lè nou wè Sovè nou an

k’ap sòti anlè nan syèl

avèk kò li glorifye.

Tout mechanste ap fini.

N’ap chante bèl chan pou li.

Tan pou tèt nou ta chaje,

kè tout moun ap plen ak jwa.

3. Rad blan nou pap genyen tach,

nan verite ak limyè

N’ap chante louwanj pou li,

n’ap rele ak kè kontan.

Tè a ap vin san peche,

epi tout moun ki sou li

genyen pou viv ak lamou.

Tout kè ap vin plen ak jwa.

Tèks: James H. Wallis, 1861–1940

Mizik: Mizik espayòl; Aranjman: Benjamin Carr, 1768–1831

Doktrin ak Alyans 133:25, 33, 56

Apokalips 7:9–17