Mizik
Oumenm Papa Letènèl


18

Oumenm Papa Letènèl

Avèk adorasyon

1. Oumenm Papa Letènèl,

ki rete nan syèl la;

Nou mande nan non Jezi,

pou beni, sanntifye,

Pen sa epi diven sa,

si kè nou pwòp devan ou.

Pou nou tout nèt ka sonje

ofrann diven nou an.

2. Lèzòm pa ka janm konprann

ofrann sakre sila.

Nou pran kò ak san Jezi,

pou padone fot nou.

Pou nou kapab temwaye,

soufrans Pitit ou a,

Epi pou Lespri li ka,

reyini kè nou tout.

3. Lè Jezi Kris, Sovè nou

te desann sòt nan syèl,

Pou l’ vin sakrifye tèt li,

pou nanm nou ka rachte.

Li pat gen gran aparans;

pou atire lèzòm

Li te Sovè pwomiz la,

pou pirifye nanm nou.

4. Ala yon plan etènèl,

se plan sentete a!

Ki pèfèksyone sali,

ki degize Bondye!

Pou l’ vin mache sou tè a,

kòm yon moun òdinè

Ki te deja egzalte,

li mouri pou vi nou.

Tèks: William W. Phelps, 1792–1872. Te parèt nan premye liv chan SDJ, 1835.

Mizik: Felix Mendelssohn, 1809–1847

Doktrin ak Alyans 20:77, 79

Ezayi 53:2–5