21
Papa Bondye Tande Vwa Nou
Avèk adorasyon
1. Papa Bondye tande nou
Voye gras ou jodi a.
Pandan n’ap pran sent sèn nan
N’ap repoze nou nnan Kris.
2. Papa Bondye fè nou gras
Fè souri ou klere nou.
Pandan n’ap manje pen an
Nou mande ou apwouve l’.
3. Kan n’ap bwè dlo beni an
Voye Lespri ou sou nou.
Padone tout fot nou yo
Beni efò nou chak jou.
Tèks: Annie Pinnock Malin, 1863–1935
Mizik: Louis M. Gottschalk, 1829–1869; adaptasyon: Edwin P. Parker, 1836–1925