Mizik
Aprann Mwen Mache Nan Limyè A


66

Aprann Mwen Mache Nan Limyè A

Avèk reverans

1. Aprann mwen mache nan limyè amou l’;

Aprann mwen priye Papa mwen nan syèl;

Aprann mwen konnen tout bagay ki bon;

Montre m’, Montre m’ mache nan limyè.

2. Vini, timoun an nou aprann ansanm;

Kòmandman li, pou nou ka retounen;

Lakay li pou nou ka viv avèk li

Tout tan, Montre m’ mache nan limyè.

3. Papa, nou remèsye ou jodi a

Poutèt ou gide nou nan chemen an.

Nou louwe non ou avèk bèl chan yo!

Konsa, Nou vle mache nan limyè.

Tèks ak mizik: Clara W. McMaster, b. 1904 © 1958 SDJ

Ezayi 2:5

Efezyen 5:8