Mizik
Anlè Sou Tèt Mòn Nan


30

Anlè Sou Tèt Mòn Nan

Avèk rezolisyon

1. Anlè sou tèt mòn nan

genyen yon gwo drapo,

yo koke li anlè

pou tout nasyon ka wè.

An nou leve tèt nou, pounou kapap gade

peyi Siyon kote genyen lapè.

2. Bondye pap janm bliye

pwomès li te fè yo.

Nan mòn peyi Siyon

ap gen anpil limyè,

k’ap klere tout peyi nenpòt kote yo ye,

nan dènye jou bagay sa yo pral fèt.

3. Kay Bondye pral tabli,

glwa li pral byen vizib.

Moun nan tout lòt peyi

yo prale di konsa:

an nou tout vwayaje pou n’al sèvi Bondye

obeyi verite li aprann nou.

4. Se la n’a pral aprann

lwa Bondye pral mete,

verite ak jistis

pou gouvè ne tè a. Pou tout tan n’ap ansanm,

pou nou swiv chemen li

pou sove tèt nou ak zansèt nou yo.

Tèks: Joel H. Johnson, 1802–1882

Mizik: Ebenezer Beesley, 1840–1906

Ezayi 2:2–3

Ezayi 5:26