Mizik
Nwèl Rive!


53

Nwèl Rive!

Pèzibman

1. Yon bèl nwit! Jezi fèt!

Tout bagay byen trankil

Kote vyèj Mari ak Jezi.

Ti Bebe Sen epi janti a

Tap repoze trankil;

Tap repoze trankil

2. Yon bèl nwit! Jezi fèt!

Bèje yo te tranble!

Zetwal te parèt nan syèl la;

Syèl la tap chante alelouya!

Kris, Sovè nou te fèt!

Kris, Sovè nou te fèt!

3. Yon bèl nwit! Jezi fèt!

Lamou Pitit Bondye

Te klere tout figi li nèt;

avèk limyè gras li te pote

Jezi lè ou te fèt;

Jezi lè ou te fèt.

Tèks: Joseph Mohr, 1792–1848

Mizik: Franz Gruber, 1787–1863

Lik 2:7–14

Alma 7:10–12