34
Fè Sa Ki Byen
Avèk rezolisyon
1. Fè sa ki byen; Jounen an ap pase,
Anonse limyè avèk libète.
Zanj yo anlè a ap pran nòt sekrètman,
Konsènan zèv ou yo; fe sa ki byen!
[Chorus]
Fè sa ki byen kèlkeswa konsekans la.
Batay pou libète avèk tout fòs;
Ak kè kontan prepare ou pou demen.
Bondye ap gide ou fè sa ki byen!
2. Fè sa ki byen; Gen fwa, pa pè anyen.
Mache annavan, ak yon objektif.
Je ki plen dlo yo yon jou gen pou seche.
Ou a’ jwenn benediksyon, fè sa ki byen!
[Chorus]
Fè sa ki byen kèlkeswa konsekans la.
Batay pou libète avèk tout fòs;
Ak kè kontan prepare ou pou demen.
Bondye ap gide ou fè sa ki byen!
Tèks: Anon., The Psalms of Life, Boston, 1857
Mizik: George Kaillmark, 1781–1835
Detewonòm 6:17–18