Aprantisaj Anglè
Egzanp pou Referans


“Egzanp pou Referans,” Gid pou Aplikasyon EnglishConnect (2023)

“Egzanp pou Refernas,” Gid pou Aplikasyon EnglishConnect

Egzanp pou Referans

Pi ba a genyen kèk egzanp ki ka sèvi referans pou lòt fichye epi ki telechaje totalman—nan “tiwa Libreri Levanjil la. ”

Gwoup Egzanp 1

Istwa 1—Maria

Maria te aprann kijan pou resevwa èd Bondye pou aprann Anglè. Lafwa l ak konfyans li nan Bondye te grandi, epi li te chèche èd Li nan lòt aspè nan lavi li. Kounyea li itilize prensip aprantisaj yo pou amelyore etid li nan levanjil la.

Istwa 2—Koffi

Koffi pa t aktif nan Legliz la jiskaske yon manm te envite li nan yon gwoup EnglishConnect. Eksperyasn li te fè avèk lòt patisipan yo te ede li relimen dezi li pou l vin pi pre Kris la. Kounyea li asiste legliz regilyèman, li sèvi fidèlman nan yon apèl, epi l ap sèvi lòt moun.

Gwoup Egzanp 2

Istwa 1—Excellent

Excellent nan Repiblik Demokratik Kongo te konplete EnglishConnect 2 epi l te etann biznis li pou sèvi touris entènasyonal yo, sa ki te double revni li. Excellent ede pran swen lòt moun tou nan sèvi kòm yon enstriktè EnglishConnect.

Istwa 2—Zheng Min

Zheng Min te amelyore konpetans Anglè li atravè EnglishConnect epi l te anwole nan BYU–Pathway Worldwide. Paske li konn pale Anglè, li te gen posiblite jwenn yon travay byen peye pandan l t ap etidye nan BYU–Pathway Worldwide la.

Gwoup Egzanp 3

Istwa 1—Lucas

Lucas te envite zanmi l yo sou rezo sosyal yo pou yo te antre nan yon gwoup EnglishConnect avèk li. Maria wè piblikasyon an epi l te deside ale avèk li. Maria te enspire pa lafwa ak fratènite li te santi a epi deside aprann plis konsènan Legliz la nan men misyonè yo. Li te deside pou l batize epi kounyea l ap sèvi kòm yon enstrikè pou EnglishConnect 1.