Doctrine and Covenants 2025
17–23 Fevriye: “Sou Noumenm, Sèvitè Asosye m Yo”: Doktrin ak Alyans 12–17; Istwa—Joseph Smith 1:66–75


“17–23 Fevriye: “Sou Noumenm, Sèvitè Asosye M Yo”: Doktrin ak Alyans 12–17; Istwa—Joseph Smith 1:66–75,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: Doktrin ak Alyans 2025 (2025)

“Doktrin ak Alyans 12–17; Istwa —Joseph Smith 1:66–75,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: 2025

Rivyè Susquehanna a

Rivyè Susquehanna a pre Harmony, Pennsylvania

17–23 Fevriye: “Sou Noumenm, Sèvitè Asosye M Yo”

Doktrin ak Alyans 12–17; Istwa—Joseph Smith 1:66-75

Majorite moun nan mond lan pwobableman pa janm tande pale de yon kote ki rele Harmony, nan Pennsilvani. Senyè a souvan chwazi kote enkoni pou pifò nan evenman siyifikatif nan wayòm Li an. Nan yon forè bwa pre Harmony nan 15 Me 1829, Jan Batis te parèt devan Joseph Smith ak Oliver Cowdery. Li te mete men l sou tèt yo epi l te konfere yo Prètriz Aawon an, li te rele yo “sèvitè parèy mwen yo” (Doktrin ak Alyans 13:1.)

Jan Batis te sèvitè Bondye te konfye ki te batize Sovè a ak prepare chemen pou L vini an (gade nan Matye 3:1–6, 13–17). Pou de jèn gason sa yo nan ventèn ane yo, sa te dwe ba yo imilite, petèt menm depase limit, pou Jan rele yo sèvitè konpayon li. Nan epòk la, Joseph ak Oliver te pratikman enkoni, menmjan avèk Harmony te ye. Men, sèvis nan travay Bondye a te toujou konsènan fason nou sèvi, non pa kimoun ki remake nou. Keseswa l piti oubyen enkoni, kontribisyon ou ka sanble l ye pafwa, oumenm tou ou se yon konpayon sèvis nan “gran travay Senyè a” (Doktrin ak Alyans 14:1).

senbò etid

Ide pou Aprantisaj nan Fwaye a ak nan Legliz la

Doktrin ak Alyans 12; 14

M ka patisipe nan “gran travay mèveye” Bondye a.

Joseph Knight ak David Whitmer te vle konn kijan pou yo te ka ede nan travay Senyè a. Pandan w ap li repons Seyè a te ba yo (Doktrin an Alyans 12; 14), panse a kisa sa vle di pou “pou pote ak etabli koz Siyon an” (12:6; gade tou nan 14:6). Ki prensip ak atribi Kris la ou jwenn nan seksyon sa yo ki ka ede w fè sa?

Gade tou nan “Les familles Knight et Whitmer,” Révélations dans leur contexte, 20–24.

Doktrin ak Alyans 13

Jezikri te voye Jan Batis pou retabli Prètriz Arawon an.

Jan Batis te rele Joseph Joseph Smith ak Oliver Cowdery “sèvitè konpayon.” Kisa ou panse sa vle di pou w sèvitè konpayon avèk Jan Batis? (gade nan Matye 3:13–17; Lik 1:13–17; 3:2–20).

Pandan w ap li sa jan Batis te di konsènan Prètriz Arawon an nan seksyon 13, reflechi sou fason kle prètriz la ede akonpli misyon Jan an pou prepare misyon Seyè a. Pa egzanp:

Kòman òdonans Prètriz Arawon an (tankou batèm ak sentsèn nan) ede prepare chemen an pou ou resevwa Sovè a nan lavi ou?

Kisa kle prètriz yo ye?

Èldè Dale G. Renlund ak madanm li, Ruth, te ofri eksplikasyon sa a konsènan kle prètriz yo:

“Yo itilize tèm kle prètriz la nan de fason diferan. Premye a refere a yon dwa oubyen yon privilèj espesyal yo konfere sou tout moun ki resevwa Prètriz Aawon an ou Prètriz Mèlkisedèk la. … Pa egzanp, detantè Prètriz Aawon an resevwa kle ministè zanj yo ak kle levanjil preparatwa a pou repantans ak batèm pa imèsyon pou remisyon peche yo (gade nan Doktrin ak Alyans 13:1; 84:26–27). Detantè Prètriz Mèlkisedèk yo resevwa kle mistè wayòm nan, kle konesans Bondye, ak kle tout benediksyon espirityèl nan Legliz la (gade nan Doktrin ak Alyans 84:19; 107:18.). …

“Dezyèm fason yo itilize tèm kle Prètriz yo fè referans a dirijan yo. Dirijan Prètriz yo resevwa kle prètriz adisyonèl, dwa pou yo prezide sou yon divizyon òganizasyonèl nan Legliz la oswa nan yon kowòm. Nan sans sa a, kle prètriz yo se otorite ak pouvwa Bondye pou dirije, kondui, ak gouvène nan Legliz la” (Prètriz Mèlkisedèk la: Konprann Doktrin nan, Viv Prensip yo [2018], 26).

Joseph Smith k ap batize Oliver Cowdery

Joseph Smith batize Oliver Cowdery, tablo Del Parson

Joseph Smith—Istwa 1:66-75

senbòl seminè
Òdonans yo ban m aksè a pouvwa Bondye.

Èske ou janm mande tèt ou kouman sa t ap ye pou w ta avèk Joseph Smith ak Oliver Cowdery pou evènman prensipal Retablisman yo? Panda w ap li Istwa—Joseph Smith 1:66–75, ansanm avèk nòt ki nan fen vèsè 71, ou ta ka konprann omwen kèk bagay yo te santi. Kisa ki enpresyone w nan pawòl yo? Note an patikilye, benediksyon yo te resevwa poutèt yo te resevwa prètriz la epi yo te batize a. Ki benediksyon Sovè a ba ou atravè òdonans prètriz yo?

Pou w aprann plis, konsidere kreye yon tablo avèk antèt Òdonans yo ak Benediksyon yo. Apre sa, ou ta kapab fouye ekriti tankou sa yo pou w fè lis òdonans ak benediksyon ki sòti nan yo: Jan 14:26; Travay 2:38; Doktrin ak Alyans 84:19–22; 131:1–4; Istwa—Joseph Smith 1:73–74. Ki lòt benediksyon ou ta ka ajoute sou lis sa a? Kouman benediksyon ou resevwa yo pote pouvwa Sovè a nan lavi ou?

Gade tou nan David A. Bednar, “Avèk Pouvwa Bondye nan Gran Laglwa,” Liyawona, Nov. 2021, 28–30; Les Saints, 1:65–68; “Dieu de pouvoir, Dieu de droit,” Cantiques, no. 17; Sijè ak Kesyon, “Alyans ak Òdonans,” Libreri Levanjil la.

Doktrin ak Alyans 15–16

Mennen nanm bay Kris la gen gwo valè.

Èske w pa janm mande tèt ou, tankou John ak Peter Whitmer te fè, kisa “ki ta gen plis valè” nan lavi ou? (Doktrin ak Alyans 15:4; 16:4. Pandan w ap li Doktrin ak Alyans 15–16la, reflechi sou rezon k fè mennen nanm bay Kris la gen si gwo valè konsa. Kisa w ap fè pou w “pote nanm” bay Kris la?

Gade tou nan Les Saints, 1:68–71 tou.

Doktrin ak Alyans 17

Senyè a itilize temwen pou etabli pawòl Li.

Kisa yon temwen ye? Poukisa Senyè a itilize temwen nan travay li? (gade 2 Korentyen 13:1). Medite sou kesyon sa yo pandan w ap li pawòl Bondye te di Twa Temwen yo nan Doktrin ak Alyans 17 la. Gade tou nan “Temwayaj Twa Temwen yo” nan Liv Mòmon an.) Kijan temwen sa yo ede reyalize “objektif ki jis”? (vèsè 4

Sou kisa ou ka rann temwayaj?

Gade tou nan Les Saints, 1:73–75; “Yon Jou pou Etènite yo” (video), Libreri Levanjil la.

23:10

A Day for the Eternities

Pou plis ide, gade nan piblikasyon mwa sa a nan Lyawona a ak revi Pou Fòs Jèn yo.

senbòl 02 seksyon timoun yo

Ide pou Anseye Timoun yo

Doktrin ak Alyans 13; Istwa—Joseph Smith 1:68-74

Jan Batis te retabli Prètriz Aawon an.

  • Travay atistik nan antèt sa a ta ka ede timoun ou yo vizyalize retablisman Prètriz Arawon an (gade tou nan “Chapit 6: Joseph ak Oliver Resevwa Prètriz la,” nan Istwa Doktrin ak Alyans yo, 26–27, oubyen video ki koresponn nan Libreri Levanjil la). Èske yo t ap renmen desine yon foto sou evènman an, ki baze sou sa yo li nan Istwa—Joseph Smith 1:68–74 la?

    2:12

    Angels Restore the Priesthood: Power to do God's work

  • Ou ta ka montre yon foto Jan Baptis tou pandan n ap li ansanm Matye 3:13–17; Istwa—Joseph Smith 1:68–70. Poukisa sa te enpòtan pou Seyè a te voye Jan Batis pou bay Joseph Smith otorite prètriz pou batize?

Prepare timoun ou yo pou tout lavi sou chemen alyans Bondye a. Pou plis ide pou ede timoun ou yo aprann konsènan pouvwa, otorite, ak kle prètriz yo, gade nan appendix A oubyen appendix B.

Jan Batis k ap Batize Jezikri

Ilistrasyon Jezi k ap batize, tablo Dan Burr

Doktrin ak Alyans 13

Pè Selès beni m atravè Prètriz Arawon an.

  • Pou envite yon diskisyon konsènan kle ki mansyone nan Doktrin ak Alyans 13, ou ak timoun ou yo ta ka gade nan gwoup kle ak diskou konsènan kisa kle yo pèmèt nou fè. Petèt ou ta ka ede yo jwenn mo kle yo nan seksyon 13. Ki lòt mo ak fraz nan Doktrin ak Alyans yo ki 13 dekri benediksyon Prètriz Arawon yo? Timoun ou yo ta ka idantifye fason tou kote Pè Selès beni nou atravè prètriz la nan video “Benediksyon Prètriz yo” (Biblyotèk Levanjil la).

3:5

Blessings of the Priesthood

Doktrin ak Alyans 15:4–6; 16:4–6

Ede lòt moun vin jwenn Jezikri se bagay ki “gen plis valè a.”

  • John ak Peter Whitmer te vle konnen kisa k t ap gen plis valè pou yo (Doktrin ak Alyans 15:4; 16:4. Petèt oumenm ak timoun ou yo ta ka pale sou bagay ki gen anpil valè pou nou. Pandan w ap li Doktrin ak Alyans 15:6 oubyen 16:6la, mande yo pou yo leve men yo lè yo tande kisa Senyè a di ki gen “plis valè.”

  • Kisa sa vle di pou “pote nanm bay [Jezikri]”? Ede timoun ou yo fè yon lis ide, tankou lè yo fè zanmi avèk lòt moun, pataje ekriti yo avèk yon zanmi, oubyen priye pou yon moun ki nan bezwen. Timoun ou yo ta ka chèche foto bagay sa yo nan magazin Legliz la oubyen Liv Ilistrasyon Levanjil la. Oubyen yo ta ka desine foto pa yo. Envite yo chwazi yon bagay nan lis yo a ke yo pral fè. Nou ta ka chante ansanm tou katriyèm kouplè “Je ressens l’amour de mon Sauveur” (Chants pour les enfants, 74–75).

Doktrin ak Alyans 17

M ka yon temwen Liv Mòmon an.

  • Chapit 7: Temwen yo Wè Plak Lò yo” (nan Istwa Doktrin ak Alyans, 31–33, oubyen video korespondan an nan Biblyotèk Levanjil la) ka ede timoun ou yo aprann konsènan Twa Temwen yo. Apre w fin li Doktrin ak Alyans 17:5–6, di timoun ou yo konman ou konnen Liv Mòmon an se laverite. Kijan nou ka temwen Liv Mòmon an?

    4:58

    Witnessess See the Book of Mormon Plates: Bearing testimony to the world

Pou plis ide, gade piblikasyon pou mwa sa a pou revi Zanmi an.

Joseph ak Oliver resevwa Prètriz Arawon an nan men Jan Batis

Sou noumenm, sèvitè parèy mwen yo, tablo Linda Curley Christensen

paj aktivite pou timoun yo