Doctrine and Covenants 2025
Vwa Retablisman yo: Temwen Liv Mòmon yo


“Vwa Retablisman yo: Temwen Liv Mòmon yo,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: Doktrin ak Alyans 2025 (2025)

“Temwen Liv Mòmon yo,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: 2025

senbòl vwa retablisman yo

Vwa Retablisman yo

Temwen Liv Mòmon yo

Anj Mowoni te montre plak lò yo bay Joseph Smith, Oliver Cowdery, David Whitmer, ak Martin Harris nan boskè tou pre lakay Whitmer yo nan Fayette, Nouyòk. Paran Joseph yo t ap vizite fanmi Whitmer lè sa a. Lucy Mack Smith, manman Joseph, te dekri efè eksperyans mirakile sa a te genyen sou temwen yo:

“Sa te rive ant twa ak katrè. “Mis Whitmer ak Mr. Smith avèk mwen te chita nan yon chanm. M te chita bò kabann nan. Lè Joseph te rantre, li te lage kòl bò kote m nan. ‘Papa! Manman’ li te di. ‘Nou pa konn kijan m kontan. Senyè a pèmèt ke yo montre twa lòt moun plak yo anplis de mwen, ki yomenm tou te wè yon zanj epi y ap gen pou yo temwaye verite nan sa m di yo. Paske yo kennen pou tèt pa yo ke m pa p mache ap twonpe moun. E m santi m vrèman soulaje anba yon gwo fado lou, ki te prèske twò difisil pou m sipòte. Men kounyeya, yo dwe pote yon pati nan fado a, epi nanm mwen rejwi dèske m pa poukont mwen ankò nan tout mond lan.’ Apresa Martin Harris te rantre. Li te sanble l prèske anvayi pa yon lajwa ekstrèm. Apresa li te temwaye sou sa l te wè ak tande, epi Oliver, ak David te fè menm bagay la tou. Temwayaj yo a sete esansyèlman menm avèk sa k ekri nan Liv Mòmon an. …

“Martin Harris te patikilyèman sanble l pa t kapab eksprime sa l te santi yo an pawòl. Li te di: ‘Kounyeya, m wè yon zanj soti nan syèl la ki te vrèman temwaye verite tout sa m te tande konsènan anal yo, epi je m te wè yo. Mwen te gade plak yo epi kenbe yo nan menm epi m ka temwaye men m epi m ka temwaye menm bagay la bay tout mond lan. Men m te resevwa yon temwayaj pou tèt mwen ke mo pa kapab eksprime, ke okenn lang pa ka dekri, epi m beni Bondye nan senserite nanm mwen dèske l konsanti pou l fè m, mwen menm, vin yon temwen sou grandè travay li ak desen li yo pou pitit lèzòm yo.’ Oliver ak David te ini yo avèk li nan louwanj solanèl pou Bondye pou bonte l ak mizèrikòd li. Nou te retounen lakay nou [nan Palmira, Nouyòk,] nan demen, ansanm kòm yon ti gwoup plen lajwa, ak kè kontan.”

Oliver Cowdery, David Whitmer, ak Martin Harris

Oliver Cowdery, David Whitmer, ak Martin Harris

Lucy Mack Smith te prezan tou lè Yuit Temwen yo te tounen soti nan eksperyans yo a:

A painting depicting Lucy Mack Smith, mother of Joseph Smith.

“Apre temwen sa yo te retounen nan kay la, zanj lan te parèt devan Joseph ankò; se lè sa a Joseph te remèt li plak yo nan men. Jou swa sa a, nou te fè yon reyinyon, kote tout temwen yo te rann temwayaj de bagay ki mansyone anwo la a yo; epi tout fanmi nou, menm Don Carlos [Smith], ki te gen 14 ane sèlman, te temwaye de verasite dispansasyon dènye jou a—ki te totalman ouvri lèsa a.”

estati anrelyèf Joseph Smith ak Yuit Temwen yo pa

Estati anrelyèf Joseph Smith ak Yuit Temwen yo pa

Anplis Twa Temwen yo ak Yuit Temwen yo, Mary Whitmer, manman David Whitmer, te jwenn benediksyon pou l yon temwen sou plak lò yo. Anj Mowoni te montre l yo kòm rekonesans pou sakrifis li te fè pandan Joseph, Emma, ak Oliver t ap viv lakay li a. “Ou te rete fidèl ak dilijan nan travay ou,” Mowoni te di li. “Se pousa, li apwopriye pou ou ka resvwa yon temwayaj pou lafwa ou ka fòtifye.”