“27 Janvye–2 Fevriye: ‘Travay Mwen an Pral Avanse’: Doktrin ak Alyans 3–5,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: Doktrin ak Alyans yo 2025 (2025)
“Doktrin ak Alyans 3–5,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: 2025
27 Janvye–2 Fevriye: “Travay Mwen an Pral Avanse”
Doktrin ak Alyans 3-5
Pandan premye ane l yo kòm pwofèt Senyè a, Joseph Smith potko konn tout bagay konsènan “travay mèveye” li te aple pou l fè a. Men, yon bagay premye eksperyans li yo te anseye l sete ke, pou l fè travay Bondye a, li te bezwen vrèman gen “je l fikse sou laglwa Bondye” (Doktrin ak Alyans 4:1, 5). Pa egzanp, si Senyè a te konseye l pou fè yon bagay li pa t sèten li te fle fè, li te bezwen suiv konsèy Senyè a. Epi, menmsi li te gen “anpil revelasyon, ak … pouvwa pou l fè anpil gwo travay,” si li te santi ke sa li te vle a te pi enpòtan pase volonte Bondye, li “t ap tonbe” (Doktrin ak Alyans 3:4). Men, Joseph te aprann yon lòt bagay ki te osi enpòtan tou konsènan akonpli travay Bondye a: “Bondye gen mizèrikòd,” epi, si Joseph te repanti sensèman, li t ap “toujou chwazi l” (vèsè 10). Apre tou, travay Bondye a se yon travay redanmsyon. Epi, travay sa a “pa kapab kontrarye” (vèsè 1).
Ide pou Aprantisaj nan Fwaye a ak nan Legliz la
Mwen ka fè Bondye konfyans.
Nan kòmansman ministè Joseph Smith la, li te difisil pou l jwenn bon zanmi—espesyalman zanmi tankou Martin Harris, yon mesye respektab ak rich, ki te gwo sakrifis pou sipòte travay Joseph la. Konsa lè Martin te mande l pèmisyon pou montre madanm li 116 premye paj maniskri yo nan tradiksyon Liv Mòmon an, Joseph natirèlman te vle onore rekèt li a, malgre Senyè a te avèti l kont sa. Trajikman, paj yo te pèdi pandan l te nan men Martin, epi Senyè a te reprimande Joseph ak Martin sevèman (gade Les Saints,, 1:51–53).
Pandan w ap li Doktrin ak Alyans 3:1–15, medite sou sa Senyè a vle ou aprann apati eksperyans yo a. Pa egzanp, kisa w konnen aprann konsènan:
-
Travay Bondye? (gade vèsè 1–3, 16).
-
Konsekans nan krenn lòm olye mete konfyans nan Bondye? (gade vèsè 4–8).
-
Benediskyon yo ki vini nan rete fidèl? (gade vèsè 8).
-
Fason Senyè a te alafwa korije ak ankouraje Joseph? (gade vèsè 9–16).
Nnan mesaj li a “Nan ki Direksyon W ap Gade?,” Eldè Lynn G. Robbins bay anpil egzanp nan ekriti yo sou moun ki te krenn Bondye ak moun ki te sede anba presyon lòt moun (Lyawona, Nov. 2014, 9–11). Konsidere li egzanp sa yo nan ekriti li nan referans li yo. Kisa w aprann apati resi sa yo? Ki eksperyans ou te fè kote ou te mete konfyans nan Senyè a lè ou te fè fas avèk presyon pou fèyon bagay diferan? Ki rezilta aksyon ou yo te bay?
Gade tou Dale G. Renlund, “Yon Kad pou Revelasyon Pèsonèl,” Lyawona, Nov. 2022, 16–19; “Kontribisyon Martin Harris yo,” nan Revelations in Context (2016), 1–9; Sijè ak Kesyon yo, “Chèche Laverite epi Evite Twonpri,” Libreri Levanjil la; “Oui tes Commendements,” Cantiques, no. 66.
Mwen ka sèvi Bondye avèk tout kè m, kapasite, panse, ak fòs mwen.
Seksyon 4 la souvan aplike pou misyonè aplentan yo. Sepandan, li enteresan pou nou note ke revelasyon sa a te adrese a Joseph Smith, papa a, ki pa t aple pou l t al nan misyon men ki te toujou gen “dezi pou l sèvi Bondye” (vèsè 3).
Yon fason pou w li seksyon sa a se imajine l kòm yon deskripsyon tach pou yon moun ki vle fè travay Senyè a. Kisa Senyè a ap chèche? Ki benefis Li ofri?
Kisa nou aprann konsènan sèvi Senyè a apati revelasyon sa a?
Prezidan Russell M. Nelson te rele rasanbleman Izrayèl la “pi gwo defi, pi gran kòz, ak pi gwo travay sou tè a” (“Espwa Izrayèl” [devosyon mondyal pou jèn, 3 Jen, 2018], Libreri Levanjil la). Kisa w twouve nan mesaj sa a yo ki enspire w pou w patisipe nan travay sa a?
Tout moun ki gen dezi pou ou sèvi Bondye, ou resevwa apèl pou ou travay.
Atravè Sentespri a, mwen kapab akeri yon temwayaj sou Liv Mòmon an.
An Mas 1829, madanm Martin Harris, Lucy, te depoze yon plent nan tribinal ke Joseph Smith t ap twonpe moun yo nan pretann ke l tradui plak yo (gade Sen yo,, 1:56–58). Konsa, Martin te mande Joseph pou l te ba l plis prèv ke plak lò yo te reyèl. Doktrin ak Alyans 5 se yon revelasyon an repons ak demann Martin an. Kisa nou aprann nan seksyon sa a konsènan bagay sa yo:
-
Kisa Senyèa te di ki t ap rive si plak annò yo te ekspoze pou mond la wè yo (gade Doktrin ak Alyans 5:7). Poukisa w panse se kosan sa ye?
-
Wòl temwen yo nan travay Senyè a (gade vèsè 11–15; gade tou 2 Korentyen 13:1).
-
Kijan pou w akeri yon temwayaj konsènan Liv Mòmon an pou tèt pa w (gade vèsè 16, 24, gade tou Mowoni 10:3–5.
Jezikri te ba nou pawòl Li atravè Joseph Smith.
Kisa Doktrin ak Alyans 5:1–10 anseye nou konsènan wòl enpòtan Joseph Smith nan epòk nou an—ak nan lavi nou? Gade tou 2 Nefi 3:6–24.
Pou plis ide, gade piblikasyon mwa sa a nan revi Lyawona a ak Pou fòs jèn yo.
Ide pou Anseye Timoun yo
Doktrin ak Alyans 3:5-10; 5:21-22
Mwen ka chwazi fè sa ki bon lè lòt moun ap eseye fè m fè sa ki mal.
-
Pou kòmanse yon diskisyon konsènan aprann fè Pè Selès la konfyans, ou gendwa vle repase istwa a sou paj maniskri ki te pèdi yo (gade Istwa Doktrin ak Alyans yo, 18–21). Ou ka apresa monte teyat avèk timoun yo sou sitiyasyon kote yo gendwa jwenn tantasyon pou yon bagay yo konnen ki pa kòrèk. Ki mo oswa fraz nan Doktrin ak Alyans 3:5-8; 5:21-22 ki ka ede yo nan sitiyasyon sa yo?
4:39Martin Harris Helps Joseph: Learning to trust the Lord
Senyè a envite m antre ede avèk travay Li a.
-
Chak vèsè nan Doktrin ak Alyans 4 genyen verite presye ki ka ede timoyn ou yo aprann konsènan sèvi Bondye. Men kèk ide pou ede yo dekouvri verite sa yo:
-
Nou ka li ansanm Doktrin ak Alyans 4:1 epi montre foto ki dekri travay “mèvèye” Bondye nan dènye jou yo (tankou travay misyonè yo, tanp, ak Liv Mòmon an).
-
Timoun ou yo ka refelchi sou aksyon yo oswa desinen pòtre ki dekri fraz “sèvi li avèk tout kè nou, pouvwa, panse ak fòs nou” (Doktrin ak Alyans 4:2).
-
Ou ka gade ansanm zouti moun itilize pou travay nan jaden. Nan ki fason zouti sa yo ede nou? Apresa timoun ou yo ka chèche jwenn bagay yo nan Doktrin ak Alyans 4:5-6 ki ta ka tankou zouti pou fè travay Bondye a.
-
Pi gran timoun yo ka nan Doktrin ak Alyans 4 pou kont yo epi fè yon lis sou bagay yo aprann konsènan kisa l vledi pou sèvi Bondye.
-
Chante yon kantik konsènan travay misyonè ansanm, tankou “Je voudrais déjà partir en mission” (Chants pour les enfants,, 90).
-
M kapab ede avèk travay Bondye a nan sèvi lòt moun.
Adapte aktivite yo pou akomode moun ki andikape yo. Ti adaptasyon nan aktivite yo kapab bay asirans ke tout moun gen yon opòtinite pou aprann. Pa egzanp, si yon aktivite sigjere pou w montre yon foto, ou ta ka fè yo chante yon chan pito pou enkli timoun ki pa wè byen yo.
Doktrin ak Alyans 5:1–7, 11, 16, 23–24
Mwen ka vin yon temwen ke Liv Mòmon an vrè.
-
Pou anseye timoun yo konsènan temwen yo, ou ta ka mande yo pou imajine ke yon zanmi te di yo yo te wè yon chat k ap mache sou de pye devan l yo. Eske yo t ap kwè sa? Kisa k t ap pase si yon lòt zanmi te di yo menm bagay la? Pale konsènan kisa yon “temwen” ye ak poukisa temwen yo enpòtan. Kijan ou t aka ede timoun chèche nan Doktrin ak Alyans 5: 1–3, 7, 11 pou jwenn repons pou kesyon tankou sa yo?
-
Kisa Martin Harris te vle konnen?
-
Kiyès Joseph Smith te ka montre plak annò yo?
-
Poukisa wè plak yo pwobableman pa t ap konvenk yon moun Liv Mòmon an vrè?
-
Kisa nou ka fè pou n vin temwen pou Liv Mòmon an? (gade Doktrin ak Alyans 5:16; Mowoni 10:3-5).
-
Pou plis ide, gade piblikasyon pou mwa sa a pou revi Zanmi an.