Doctrine and Covenants 2025
10–16 Fevriye: “Pou Ou Kapab Gen Viktwa”: Doktrin ak Alyans 10–11


Doktrin ak Alyans 10–16: ‘Pou Ou Kapab Gen Viktwa,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: Doktrin ak Alyans 2025 (2025)

“Doktrin ak Alyans 10–11,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: 2025

Maniskri Liv Mòmon an ekspoze sou yon tab

Replika maniskri orijinal Liv Mòmon an

10–16 Fevriye: “Pou Ou Kapab Gen Viktwa”

Doktrin ak Alyans 10–11

Pandan tradiksyon Liv Mòmon an t ap kontinye, yon kesyon te soulve: Kisa Joseph Smith ak Oliver Cowdery ta dwe fè osijè paj tradiksyon ki te pèdi yo? Li te sanble fè sans pou retradui pòsyon sa a, men Senyè a te yon bagay yo pat ka wè: ènmi yo t ap planifye pou altere pawòl yo nan paj sa yo pou jete dout sou travay enspire Jospeh yo. Bondye te gen yon plan pou l te eveite pwoblèm sa a epi pèmèt travay la kontinye pouse pou pi devan. Dè milye ane avansa, Bondye te enspire Nefi pou l ekri yon dezyèm rejis ki te kouvri menm peryòd tan an “pou yon rezon saj nan Li” (1 Nefi 9:5).

Senyè a te di Joseph: “Sajès mwen pi gran pase mètdam dyab la” (Doktrin ak Alyans 10:43). Sa se yon mesaj rasiran nan yon epòk tankou pa nou an, kote advèsè ap entasifye efò li yo pou afebli lafwa. Tankou Joseph, nou ka rete “fidèl epi kontinye avanse” nan travay Bondye te aple nou pou fè a (vèsè 3). Lèsa nou pral reyalize ke Li te deja founi yon mwayen pou, “pòt lanfè yo p ap gen viktwa” sou nou (vèsè 69).

Gade Les Saints, 1:51–61.

senbòl etid

Ide pou Aprantisaj nan Fwaye a ak nan Legliz la

Doktrin ak Alyans 110:1–33

Bondye “pa p kite Satan akonpli plan malen li an.”

Satan ta prefere pou nou ta bliye ke l egziste—oubyen pou nou ta omwen pa rekonèt tantatif l ap fè pou enfliyanse nou yo (gade 2 Nefi 28:22–23). Men pawòl Senyè a nan Doktrin ak Alyans 10 konfime ke Satan reyèl—epi li aktivman opoze ak travay Senyè a. Nan vèsè 1–33, idantifye sa Bondye te konnen konsènan efò Satan yo (gadee tou vèsè 62–63). Ou ta ka mande Senyè a tou pou ede ou wè kijan Satan gendwa ap tante ou. Pandan w ap li seksyon 10, medite sou fason Sovè a ka ede ou reziste efò Satan yo.

Doktrin ak Alyans 10:34–52

senbòl seminè
Sajès Senyè a “pi gran pase mètdam dyab la.”

Nefi pa te konnen poukisa li te enspire pou fè de gwoup rejis sou pèp li a. Epi Mòmon pa te konnen poukisa li te enspire pou enkli dezyèm gwoup la avèk plak lò yo. Men toude pwofèt yo te gen konfyans ke Bondye te gen “yon rezon saj” (1 Nefi 9:5; Pawòl Mòmon yo 1:7). Jodia nou konnen omwen yon pati nan rezon sa a: pou ranplase 116 paj ki te pèdi yo nan Liv Mòmon an. Kisa w panse Senyè a vle w aprann apati tout sa a? Medite sou kesyon sa a pandan w ap li Doktrin ak Alyans 10:34–52. Ou ta kapab fè yon lis tou sou verite ou aprann yo konsènan Senyè a apati vèsè sa yo. Kijan verite sa yo afekte relasyon w avèk Li? Kisa ki enpresyone w apwopo sajès Senyè a ak prevwayans nan prepare pou pèt 116 paj yo?

Ou gendwa santi w enspire tou pou chèche evidans sajès Li ak prevwayans li nan lavi nou. Li resi yo nan mesaj Èldè Ronald A. Rasband “Pa Dekrè Diven”—yo gendwa pote egzanp nan espri w (Lyawona, Nov. 2017, 55–57). Panse pou w ekri yo pandan y ap vin jwenn ou. Kijan Senyè a kontinye travay nan lavi ou? Pa egzanp, ki “cowensidans” Li te prepare? Ki fondasyon Li te tabli pou benediksyon ou yo? KIlè Li te dirije ou pou rann sèvis pastoral a yon moun nna nesesite?

Gade tou Women 8:28; Doktrin ak Alyans 90:24; Sijè ak Kesyon, “Plan Sali a,” Libreri Levanjil la.

pwofèt Mòmon ki chita sou tab la avèk plak lò yo

Detay apati Mòmon ap Fè Rezime Plak yo, pa Tom Lovell

Doktrin ak Alyans 11

“Mete konfyans ou nan Espri [Senyè] a.”

Pi gran frè Joseph Hyrum pa t ka tann pou l konnen volonte Senyè a pou li, donk li te mande Joseph pou chèche revelasyon an favè li. Pwofèt la te kontan pou fè sa, men omwen yon mesaj nan revelasyon sa a (Doktrin ak Alyans 11) lan sèke Hyrum ta ka chèche revelasyon an pou tèt pa li. Epi “tout moun ki gen bon dezi, epi ki manche kouto digo yo pou yo rekòlte” ka fè sa tou (vèsè 27). Pandan w ap li sesyon 11, kisa ou santi Senyè a ap anseye ou konsènan revelasyon pèsonèl? KIjan sa a an rapò ak sa Li te anseye Oliver Cowdery nan sesyon 6–9? Ki lòt mesaj Li genyen pou ou?

Gade tou “Que l’Esprit soit avec nous,” Cantiques, no. 78.

Envite etidyan yo pou poze kesyon. Kesyon sa yo souvan kondui nan revelasyon. Si w ap anseye yon fanmi oswa yon klas nan Legliz la, ankouraje yo pou poze kesyon, epi ede yo jwenn repons nan ekriti yo. Pa egzanp, si yo gen kesyon konsènan konsènan revelasyon pèsonèl, chèche ansanm pou jwenn repons yo nan Doktrin ak Alyans 11:12–14.

Doktrin ak Alyans 11:15–26

Pandan m ap chèche “jwenn pawòl [Bondye] a,” m ap resevwa Lespri Li ak pouvwa li.

Menm anvan Liv Mòmon an te tradui, Hyrum Smith pa t ka tann pou l te asiste nan travay Retablisman an. Pandan w ap li repons Senyè a pou dezi l yo, reflechi sou kisa “jwenn pawòl [Bondye] a” vledi pou ou (vèsè 21). Nan ki fason jwenn pawòl Bondye a ede w sèvi Li avèk pouvwa?

Pou plis ide, gade piblikasyon mwa sa a nan revi Lyawona a ak Pou Fòs Jèn yo.

seksyon timoun senbòl 01

Ide pou Anseye Timoun yo

Doktrin ak Alyans 10:5

Lè m toujou priye, m ka resevwa fòs ki soti de Bondye.

  • Pou entwodui vèsè sa a pou timoun yo, ou ta ka mande yo kosnènan bagay yo “toujou” fè. Kisa Senyè a di nou t adw etoujou fè nan Doktrin ak Alyans 10:5? Poukisa Li vle pou nou fè sa?

  • Kijan w ka ede yo ede timoun yo sonej pou toujou priye? Petèt yo te ka kolekte kèk ti wòch, lis epi dekore yo avèk “Doktrin ak Alyans 10:5” oswa “Toujou Priye.” Yo ta ka mete tiwòch yo nan diferan plas kote yo vle pou yo sonje priye, tankou nan moman yo pral nan kabann, avèk liv lekòl ou yo, oswa kote yo manje manje yo. Dapre Doktrin ak Alyans 10:5, kijan Bondye beni nou lè nou priye? Timoun ou yo ka jwenn repons adisyonèl nan yon chan tankou “La prière d‘un enfant” (Chants pour les enfants, 13).

jènfi k ap pentire tiwòch

Doktrin ak Alyans 11:12–13

Sentespri a dirije m pou m fè byen.

  • Timoun yo ka aprann rekonèt lè Lespri a ap aple ak yo. Pou ede yo, ou kapab kache yon anpoul oswa flach ak yon foto vizaj yon moun ki kontan nan yon sal; apresa mande timoun ou yo pou jwenn bagay sa yo. Li Doktrin ak Alyans 11:13, epi ede timoun yo idantifye mo ki gen rapò ak bagay yo jwenn yo. Kisa pawòl sa yo ansenye konsònan fason Sentespri a ede nou?

  • Pataje pwòp eksperyans espirityèl ka ede timoun ou yo rekonèt enfliyans Sentespri a nan lavi yo. Pandan w ap pataje, mande yo pou yo pataje eksperyans yo tou. Nou ta ka li ansanm tou Doktrin ak Alyans 11:12–13, chèche jwenn kijan nou ka rekonèt lè Sentespri a ap gide nou. Temwaye ke Papa nou ki nan Syèl la la vle gide nou atravè Sentespri a.

Doktrin ak Alyans 11:21, 26

Mwen bezwen konnen levanjil la pou m ka ede lòt moun jwenn verite a.

  • Menjan ak Hyrum Smith, timoun ou yo pral pwobableman genyen anpil opòtinite pou pataje levanjil la avèk lòt moun. Nou ta ka li ansanm Doktrin ak Alyans 11:21, 26 epi mande timoun yo pou yo jwenn kisa Senyè a te di Hyrum li te bezwen fè pou li te ka anseye levanjil la. Kisa sa vledi pou “jwenn” pawòl Bondye a? Kijan nou ka fè sa? Kijan nou ka fè pawòl Bondye a “yon trezò” nan kè nou? Petèt timoun ou yo ka jwe wòl pataje yon bagay konsènan Jezikri oswa Liv Mòmon an avèk lòt moun.

Pou plis ide, gade piblikasyon pou mwa sa a pou revi Zanmi an.

pòtrè Joseph ak Hyrum Smith

Joseph ak Hyrum Smith, pa Ken Corbett

paj aktivite pou timoun