“3–9 Fevriye: ‘Sa Se Lespri Revelasyon an”: Doktrin ak Alyans 6–9” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: Doktrin ak Alyans 2025 (2025)
“Doktrin ak Alyans 6–9.” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: 2025
3–9 Fevriye: “Sa Se Lespri Revelasyon an”
Doktrin ak Alyans 6–9
Nan otòn 1828, yon jèn pwofesè lekòl ki te rele Oliver Cowdery te pran yon jòb ansèyman nan Manchester Nouyòk, epi li te rete lakay Lucy ak Joseph Smith, Papa a. Oliver te tande pale de pitit gason yo Joseph ak eksperyans remakab li yo, epi Oliver, ki te konsidere tèt li kòm yon chèchè laveritek, te vle konnen plis. Smith yo te dekri vizit zanj yo, yon anal tan lontan, ak don pou tradui pa pouvwa Bondye. Olivye te trè enterese. Èske sa te ka vre? Lucy ak Joseph, papa a, te ba l yon konsèy ki aplike pou tout moun ki ap chèche laverite: priye epi mande Senyè a.
Oliver te fè sa, epi Senyè a te reponn, kote l te pale “lapè nan lespri [li]”Doktrin ak Alyans 6:23). Oliver te dekouvri ke revelasyon se pa sèlman pou pwofèt tankou Joseph Smith. Se pou nenpòt moun ki vle li api ki chèche l ak dilijans. Oliver te gen anpil pou l te aprann toujou, men li te konn ase pou l te pase nan pwochen etap la. Li te konnen ke Senyè a t ap fè yon bagay enpòtan pa lentèmedyè Joseph Smith, epi Oliver te vle patisipe ladan l.
Gade tou Les Saints, 1:58–64; “Days of Harmony,” (video), Bibliyotèk Levanjil.
Days of Harmony
Ide pou Aprantisaj nan Fwaye a ak nan Legliz la
Papa nou ki nan Syèl la pale avèk mwen pa lentèmedyè Sentespri a.
Nan prentan 1829 Oliver Cowdery te eksprime volonte l pou l te vin sekretè Joseph Smith pandan l t ap kontinye tradui Liv Mòmon an. Eksperyans lan te fè l anpil plezi, epi li te mande tèt li si l te ka resevwa benediksyon don pou tradui a tou. Men premye esè la pa t pase byen.
Si w janm lite pou w resevwa oubyen konprann revelasyon, petèt ou ka koprann eksperyans Oliver a—epi aprann de li. Pandan w ap li Doktrin ak Alyans 6, 8, ak 9, note sa Senyè a te anseye Oliver sou revelasyon pèsonèl. Pa egzanp:
-
Kisa Doktrin ak Alyans 6:5–7; 8:1; 9:7–8 sigjere sou sa Senyè a mande w anvan pou l revele w volonte li?
-
Kisa w aprann nan Doktrin ak Alyans 6:14–17, 22–24; 8:2–3; 9:7–9 sou fason diferan revelasyon ka vini? Kijan w ka rekonèt laverite?
-
Ki lòt bagay ou aprann konsènan libabit nan pawòl Nefi yo?
Eksperyans Oliver yo ta ka fè w “reflechi” sou moman kote ou konn santi ke Senyè a t ap pale avèk ou (Doktrin ak Alyans 6:22). Èske w janm konn ekri panse oswa santiman w sou eksperyans sa yo? Si wi, anvizaje li sa w te ekri yo. Si non, pran yon tit an pou w ekri sa w sonje. Reflechi sou kijan w ka kontinye jwenn fòs nan eksperyans sa yo. Pou kèk ide, gade nan mesaj Èldè Neil L. Andersen nan “Souvni Espirityèlman Desizif” (Lyawona, Me 2020, 18–22).
Plizyè dirijan nan Legliz la pataje eksperyans yo avèk revelasyon nan koleksyon videyo “Hear Him (Koute Li)” yo. Apre w fin gade youn oubyen plis nan videyo sa yo, ou ta gen dwa santi w enspire pou w ekri pwòp eksperyans pa w, pandan w ap pataje kijan Senyè a pale avèk ou.
Gade Sijè ak Kesyon tou, “Revelasyon Pèsonèl,” Libreri Levanjil; “Le don d’Oliver Cowdery,” nan Révélations dans leur contexte, 15–19.
Doktrin ak Alyans 6:18–21, 29–37
Gade sou Kris la nan chak panse.
Senyè a te konnen ke Joseph Smith tap travèse “sikonstans difisil” nan ane ki t ap vini yo (Doktrin ak Alyans 6:18). Li konnen ke eprèv ap nan fiti ou tou. Kisa w jwenn nan konsèy Li bay Joseph ak Oliver la nan Doktrin ak Alyans 6:18–21, 29–37 ki ede w mete konfyans nan Li?
Kisa w santi sa vle di pou nou “kontanple Kris la] nan chak panse”? (vèsè 36). Kijan w ka fè sa avèk plis konsistans—nan bon tan ak nan “sikonstans difisil”? Panse a konsèy sa a Prezidan Russel M. Nelson bay la: “Li difisil mantalman pou nou fè efò pou nou kontanple L nan chak panse. Men lè nou fè sa, dout ak krent nou yo disparèt” (“Atire Pouvwa Jezikri nan Lavi Nou,” Lyawona, 41).
Gade tou Neil L. Andersen, “Lespri M Te Kapte Panse a Jezikri a,” Lyawona, Me 2023, 91–94.
Detay Gade Men Mwen, pa Jeffrey Ward
“Pa pè fè byen.”
Poukisa pafwa nou “pè … fè byen”? (vèsè 33). Kisa w jwenn nan Doktrin ak Alyans 6:29–37 ki ba w kouraj pou w fè byen? Anvizaje chante oswa koute yon kantik ki enspire w pou w gen kouraj nan Kris la, tankou “Mettons de l’ardeur” (Recueil de Cantiques, no. 159).
“Se pou sa fèt jan w vle l nan menm nan.”
Remake konbyen fwa pawòl tankou “vle” oswa “ta vle” yo repete nan seksyon 6 ak 7 la. Kisa w aprann nan seksyon sa yo sou enpòtans Bondye mete nan dezi nou? Poze tèt ou kesyon Senyè a poze nan Doktrin ak Alyans 7:1 an: “Kisa ou vle?”
Youn nan dezi jis Oliver yo—pou tradui jan Joseph Smith t ap fè a—pa t akonpli. Pandan w ap li Doktrin ak Alyans 9:3, 7–14, ki enpresyon w resevwa ki ta kapab ede w lè dezi jis ou yo pa akonpli?
Gade tou nan Doktrin ak Alyans 11:8; Dallin H. Oaks, “Desire,” Ensign, oswa Lyawona, Me 2011, 42–45.
Pou plis ide, gade nimewo magazin Lyawona ak Pou Fòs Jèn yo pou mwa sa a.
Ide pou Anseye Timoun yo
Doktrin ak Alyans 6:5, 15-16, 22-23; 8:2; 9:7-9
Papa nou ki nan Syèl la gide gras a Sentespri a.
-
Verite Oliver Cowdery te aprann konsènan revelasyon pèsonèl yo ka ede timoun yo pandan y ap devlope kapasite yo pou yo rekonèt Sentespri a. Ou ta ka itilize “Chapit 5: Joseph Smith ak Oliver Cowdery” (nan Istwa Doktrin ak Alyans yo, 22–25, oswa videyo ki koresponn avèk yo nan Libreri Levanjil) pou anseye yo sou Oliver ak sa l te aprann. Pataje pati nou pi renmen nan istwa a youn ak lòt. Pandan y ap fè sa, mete aksan sou sa Senyè a te anseye Oliver sou fason pou l koute vwa Bondye, epi li vèsè ki gen rapò avèk yo, tankou Doktrin ak Alyans 6:23 oswa 9:7–9.
3:11The Lord Sends Oliver Cowdery: Learning about how God speaks to us
Oliver Cowdery te aprann osijè revelasyon pandan l t ap ede Joseph Smith tradui Liv Mòmon an.
-
Envite timoun ou yo pou yo manyen tèt yo ak lestomak yo pandan w ap li mo “lespri” ak “kè” yo nan Doktrin ak Alyans 8:2. Rakonte yo, apati de eksperyans pa w, kijan sa ye lè Sentespri a pale avèk lespri w ak kè w. Ede yo jwenn repons pou kesyon “Kijan Sentespri a pale avèk nou?” an nan vèsè sa yo: Doktrin ak Alyans 6:15–16, 22–23; 8:2; 9:7–9.
Itilize istwa. Istwa yo ede timoun yo konprann prensip levanjil la paske yo demontre kijan lòt moun viv prensip sa yo. Lè w ap ansenye, chèche fason pou w enkli istwa—ki soti nan ekriti yo, nan istwa Legliz la, oubyen nan pwòp lavi pa w— ki ilistre prensip yo nan ekriti yo.
Akoz de Jezikri, mwen kapab “pa pè.”
-
Senyè a te di Joseph ak Oliver, “Pa pè, ti twoupo” (Doktrin ak Alyans 6:34). Envite timoun yo pou yo repete pawòl sa yo plizyè fwa. Yo ta ka kontan pretann ke yo se yon twoupo mouton ki pè. Kisa ki ta kapab fè mouton pè pafwa? Apre sa oumenm ak timoun ou yo ta ka gade yon foto Sovè a kòm yon bèje (gan youn nen fen plan leson sa a) epi pale de fason Li veye sou nou tankou yon bèje veye sou monton L yo.
-
Chante ansanm yon chan sou kouraj nan Kris la, tankou “Fais donc le bien” (Chants Pour Les Enfants, 80) oubyen “Mettons de l’ardeur” ( Recueil de Cantiques, no 159). Kisa kantik sa a anseye sou fason Sovè a ede nou pou nou pa pè?
Mwen ka vire gade Jezikri nan chak panse.
-
Apre nou fin li ansanm Doktrin ak Alyans 6:36, oumenm ak timoun yo ta ka fè desen pou ede nou sonje pou nou “vire gade [Jezikri] nan chak panse.” Se pou youn pataje desen avèk lòt, epi ede timoun ou yo panse a kote yo ta kapab mete yo pou yo ka wè yo souvan.
Pou plis ide, gade nimewo magazin Zanmi pou mwa sa aan.