Doctrine and Covenants 2025
20–26 Janvye: “Kè Pitit yo Pral Retounen Sou Papa Yo”: Doktrin ak Alyans 2; Joseph Smith—Istwa 1:27–65


20–26 Janvye: ‘Kè Pitit yo Pral Retounen Sou Papa yo’: Doktrin ak Alyans yo 2; Istwa—Joseph Smith 1:27–65,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: Doktrin ak Alyans 2025 (2025)

Doktrin ak Alyans 2; Istwa—Joseph Smith 1:27–65,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: 2025

Joseph ap resevwa yon vizyon sou anj Mowoni.

Detay sou Li te Rele m Pa Non m, tablo Michael Malm

20–26 Janvye: “Kè Pitit yo Pral Retounen Sou Papa yo”

Doktrin ak Alyans 2; Istwa—Joseph Smith 1:27–65

Sa te fè twa mwa depi Bondye Papa a ak Pitit Gason l lan, Jezikri, te parèt devan Joseph Smith nan boskè a, men Joseph pa t resevwa okenn lòt revelasyon depi lèsa. Li te kòmanse ap mande si Senyè a pa te kontan ak li. Menmjan ak nou tout, li te fè erè, epi li te santiyo te kondane li. Men, Bondye te gen yon travay pou l te fè. Epi travay Joseph te aple pou l fè a konekte avèk sa Senyè a mande nou. Joseph ta pral fè Liv Mòmon an parèt; nou jwenn envitasyon pou pataje mesaj li a. Joseph ta pral resevwa kle prètriz yo pou tounen kè pitit yo sou papa yo; kounya nou ka resevwa òdonans pou zansèt nou yo nan tanp yo. Yo te pale Joseph de pwofesi ki ta pral akonpli avan lontan yo; nou jwenn apèl pou ede akonoplki pwofesi sa yo. Pandan n ap patisipe nan travay Bondye a, nou ka atann pou nou rankontre opozisyon e menm pèsekisyon, menmjan ak Pwofèt la. Men nou ka gen lafwa tou ke Senyè a ap fè nou vin enstriman nan men li, menmjan Li te fè pou Joseph la.

Gade tou Les Saints,, 1:20–48.

senbòl etid

Ide pou Aprantisaj nan Fwaye a ak nan Legliz la

Istwa—Joseph Smith 1:27–33

senbòl seminè
Bondye gen yon travay pou mwen pou m fè.

Se yon bagay pou kwè ke Bondye te gen yon travay pou Joseph Smith fè —nou ka egzamine lavi pase li epi wè klèman kisa li te akonpli. Men eske ou te janm konsidere ke Bondye gen yon travay pou ou tou? Pandan w ap li Istwa—Joseph Smith 1:27–33, reflechi konsènan kisa travay sa ka ye? Kijan sa kontribye nan dewoulman Retablisman levanjil Sovè a?

Eldè Gary E. Stevenson te anseye: “Lè nou vin jwenn Kris la epi ede lòt moun fè menm bagay la, nou patisipe nan travay sali ak egzaltasyon Bondye a, ki fokis sou responsablite ki divinman deside. … Responsablite sa yo senp, se sous enspirasyon, motivasyon, epi fezab. Men yo:

  • Viv levanjil Jezikri a

  • Pran swen moun ki nan nesesite yo.

  • Envite tout moun pou yo resevwa levanjil la

  • Ini fanmi yo pou letènite” (“Senpleman Mayifik—Mayifikman Senp,” Lyawona, Nov. 2021, 47).

Medite sou eksperyans ou te fè nan patisipe nan chak nan responsablite ki doivinman deside sa yo. Ki pwochen bagay Sovè a ta p vle ou fè? Genyen yon paj Sijè ak Kesyon yo pou chak nan responsablite sa yo (gade “Wòl Nou nan Travay Sali ak Egzaltasyon Bondye a,” Libreri Levanjil la). .Ou gendwa eksplore paj sa yo pou ede ou reponn kesyon sa yo.

Ou ka pafwa santi tankou Senyè a pa ka itilize ou akòz erè ou te fè yo. Kisa nou aprann apati eksperyans Joseph Smith lan nan Istwa—Joseph Smith 1:28–29? Kijan ou ka konnen kote “ou kanpe devan [Bondye]”?

Poze kesyon ki ankouraje diskisyon siyifikatif. Kesyon ki gen plis pase yon repons kòrèk yo envite moun k ap aprann yo pou yo reponn sou baz panse pèsonèl yo, sa yo santi, ak eksperyans yo. Kesyon yon nan plan sa a se egzanp sou sa.

Gade tou “Responsablite Jèn yo nan Travay Sali a” (videyo), ChurchofJesusChrist.org; “Travay Sali ak Egzaltasyon an,” Manyèl Jenereal, 1.2.

3:15

Youth Responsibility in the Work of Salvation

Istwa—Joseph Smith 1:34–47

Nan retabli levanjil Li a, Sovè a te akonpli pwofesi ansyen yo.

Lè Mowoni te parèt kote Joseph Smith, li te site plizyè pwofesi Ansyen ak Nouvo Testaman an, tankou Ezayi 11; Travay 3:22–23; ak Jowèl 2:28–32. Pandan w ap li Istwa—Joseph Smith 1:34–47, reflechi konsènan poukisa pwofesi sa yo gendwa te enpòtan pou Joseph Smithte konnen yo. Poukisa yo enpòtan pou w konnen yo?

Ou t aka li tou sa Eldè David A. Bednar te anseye konsènan premye vizit Mowoni kote Joseph Smith nan “Avèk Pouvwa Bondye nan Anpil Glwa” (Lyawona, Nov. 2021, 28).

13:17

Avèk Pouvwa Bondye nan Anpil Glwa

Gade tou: “Un ange saint de Dieu,” Cantiques, no 8

Istwa—Joseph Smith 1:48–60

Bondye pral prepare mwen pou travay nan wayom Li a.

Joseph te gen sèlman 17 ane lè li te premye wè plak lò yo. Yo pa te ba li kontwòl sou yo, toutfwa jis kat ane apresa. Li Istwa—Joseph Smith 1:48–60, pou chèche jwenn sa ki te pase nan lavi Joseph pandan tan sa a. Kijan ou panse evenman sa yo te prepare li pou travay Bondye te aple li pou fè a? Ki eksperyans ou te fè kite prepare ou pou sèvi Bondye ak lòt moun? Ki eksperyans w ap fè aktyèlman ki ka ede ou prepare pou sèvis alavni?

yon tablo souHill Cumorah, toupre Manchester, New York

Hill Cumorah, pa Al Rounds

Doktrin ak Alyans 2

Senyè a te voye Eli pou vire kè m nan direksyon zansèt mwen yo.

Kisa mo tankou “plante,” “kè yo,” ak “vire” nan seksyon sa a anseye nou konsènan misyon Eli a ak benediksyon kle prètriz yo li te retabli a? Èske w konn santi kè w tounen sou zansèt ou yo? Panse a fason w ka santi kalite santiman sa yo pi souvan. Chèche zansèt ou yo epi akonpli òdonans pou yo nan tanp lan se yon fason (gade FamilySearch.org). A ki lòt bagay ou kapab panse?

Gade tou Doktrin ak Alyans 110:13–16; Gerrit W. Gong, “Kontan e Ajamè,” Lyawona, Nov. 2022, 83–86.

Pou plis ide, gade piblikasyon mwa sa a nan revi Lyawona a ak Pou fòs jèn yo.

seksyon timoun senbòl 01

Ide pou Anseye Timoun yo

Istwa—Joseph Smith 1:28–29

Mwen ka repanti epi jwenn padon.

  • Nou tout pafwa santi nou “kondane akoz feblès ak enpèfeksyon [nou] yo,” jan Joseph Smith te santi l la. Ou ak timoun ou yo ta ka etidye Istwa—Joseph Smith 1:29 ansanmpou chèche jwenn sa Joseph te fè lè li te santi l konsa. Kisa nou ka aprann apati egzanp li a ki ka ede nou lè nou komèt erè? Poukisa li enpòtan pou n konnen ke Joseph te aple pa Bondye malgre li pa te pafè?

Istwa —Joseph Smith 1:27–54

Papa nou ki nan Syèl la te aple Joseph Smith pou ede Li fè travay Li a.

  • Timoun ou yo gendwa amize yo nan pretann ke yo se Joseph Smith pandan w ap rakonte istwa vizit Mowoni an nan Istwa—Joseph Smith 1:27–54 oswa “Chapit 3: Anj Mowoni ak Plak Lò yo” (nan Istwa Doktrin ak Alyans yo, 13–17, oswa videyo korespondan an nan Libreri Levanjil la). Pa egzanp, yo ka kwaze bra yo tankou lè y ap priye oswa pretann y ap grenpe monte Hill Cumorah a, ak plis toujou. Apreas ou ka mande yo pou pale konsènan sa Bondye te aple Joseph Smith pou fè ak kijan nou jwenn benediksyon kòm rezilta. Pa egzanp, kijan nou te beni paske Joseph te tradui Liv Mòmon an? Kijan travay li a te ede nou vin pi pre Papa nou ki nan Syèl la ak Jezikri?

    2:29

    The Angel Moroni Visits Joseph Smith: Learning about a sacred book

Doktrin ak Alyans 2

Papa nou ki nan Syèl la vle fanmi yo sele nan tanp lan.

  • Petèt ou ak timoun ou yo t ap kontan admire kèk foto sou fanmi ou, ki ka menm enkli yon foto sou fanmi ou nan yon tanp (oswa gade Liv Imaj Levanjil la, no. 120). Apresa nou ta ka li Doktrin ak Alyans 2 epi pataje youn ak lòt kisa nou santi konsènan rezon nou genyen tanp yo ak poukisa Pè Selès la vle fanmi yo rete ansanm pou tout tan. Anvizaje chante ansanm “Ensemble à tout jamais” (Chants pour les enfants, 98). Kisa chante sa a di nou ka fè pou nou ka ansanm avèk fanmi nou pou tout tan?

Young Couple Going to the Temple, English
Tanp Palmyra Nouyòk

Tanp Palmyra Nouyòk

Doktrin ak Alyans 2

Aprann sou zansèt mwen yo kapab pote lajwa pou mwen.

  • Timoun yo ka vin gen antouzyas epi santi lajwa nan istwa familyal. Pou ede yo, ou ka pataje istwa oswa foto sou zansèt ou yo. Pale avèk timoun yo konsènan kijan lavi a te ye pou zansèt ou yo lè yo te timoun. Timoun ou yo ka byen renmen kèk nan aktivite sou istwa familyal yo nan FamilySearch.org/discovery.

Pou plis ide, gade piblikasyon pou mwa sa a pou revi Zanmi an.

anj Mowoni ap montre Joseph Smith kote plak annò yo te kache

Joseph Resevwa Plak yo, pa Gary E. Smith

paj aktivite pou timoun