“30 Desanm–5 Janbye: ‘Retablisman Pwomiz la Kontinye Avanse’: Retablisman Plenitid Levanjil Jezikri a,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: Doktrin ak Alyans 2025 (2025)
“Retablisman Plenitid Levanjil Jezikri a,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: 2025
30 Desanm–5 Janvye: “Retablisman Pwomiz la Kontinye Avanse”
Retablisman Plenitid Levanjil Jezikri a
Kijan ou komemore 200tyèm anivèsè yon evenman ki te chanje mond lan? Sa se kesyon Premye Prezidans la ak Kolèj Douz Apot yo te medite sou li pandan Avril 2020 t ap apwoche, pou make 200 ane depi Premye VIzyon Joseph Smith la. Prezidan Russell M. Nelson te sonje, “Nou t ap mande n si n ta dwe erije yon moniman. Men, lè nou te reflechi sou enpak istorik ak entènasyonal unique Premye Vizyon sa a, nou te santi nou pouse pou n kreye non pa yon moniman an granit oubyen an wòch men an pawò … , non pa grave sou “tab an wòch” men okontrè ki ap plante nan “tab lachè” kè nou [2 Korentyen 3:3]” (“Koute Li,” Lyawona, Me 2020, 90).
Moniman an pawòl yo te kreye a te rele “Retablisman Plenitid Levanjil Jezikri a: Yon Pwoklamasyon Bisantnè pou Mond la.” Se yon moniman pa jis pou Premye Vizyon an men tou pou tout bagay Jezikri te fè—epi toujou ap fè—depi lèsa. Retablisman levanjil Li a te kòmanse lè yon moun te tounen kote Bondye epi koute Li. Li kontinye menm fason sa a: yon kè, yon eksperyans sakre alafwa—ki enkli pa w la.
Ide pou Aprantisaj nan Fwaye a ak nan Legliz la
“Bondye renmen pitit Li yo nan tout nasyon nan mond lan.”
Nan opinyon w. poukisa yon pwoklamasyon konsènan Retablisman an te kòmanse avèk yon deklarasyon konsènan lanmou Bondye? Pandan w ap etidye pwoklamasyon an, chèche jwenn ekspresyon lanmou Bondye yo pou “pitit Li yo nan chak nasyon nan mond lan.” Kijan Retablisman levanjil la te ede ou santi lanmou Li?
Gade tou Gerrit W. Gong, “Tout nasyon, Fanmi, ak Lang yo,” Lyawona, Nov. 2020, 38–41.
Retablisman an te kòmanse avèk yon repons pou yon kesyon.
Nou t aka di ke Sovè a te kòmanse Retablisman levanjil Li a nan bay repons pou yon kesyon. Ki mesaj ou santi Pwoklamasyon retablisman an genyen pou yon moun ki gen kesyon konsènan Bondye, levanjil la, oswa “sali pou nanm li [gason oswa] fi”? Ou gendwa etidye tou Istwa—Joseph Smith 1:5–20 pou wè kisa ou ka aprann apati Jiseph Smith konsènan jwenn repons pou kesyon levanjil yo.
Gade Sijè ak Kesyon yo, “Chèche Repons,” Bibliyotèk Levanjil la.
Detay soti nan The Desires of My Heart, pa Walter Rane.
Jezikri te retabli Legliz Li a.
Kisa ou konnen konsènan “Legliz Nouvo Testaman Kris la,” ke Sovè a te retabli atravè Joseph Smith? Konsidere etidye ekriti sa yo ak lis kèk karakteristik Leglis Li a.
-
Matye 16:15–19
-
Mak 16:15–18
-
Lik 6:12–13
-
Travay 4:34–35
-
1 Korentyen 15:29
-
Efezwen 4:11–15
Apresa, ou ta ka matche ekriti ki pi wo yo avèk sa yo ki pi ba a, ki dekri kijan Jezikri te retabli karakteristik sa yo sou Leglis Li a atravè Joseph Smith:
Poukisa ou rekonesan pou Retablisman levanjil Jezikri a?
Eldè Jeffrey R. Holland ak madanm li yon fwa te eseye imajine kijan yo t ap santi yo si yo t ap viv avan Legliz la te retabli. “Kisa nou swete nou te genyen?” yo te mande tèt yo. Li konsènan eksperyans yo nan “Yon Esperans Pafètman Klè” (Lyawona, Me 2020, 81–82). Kijan Retablisman levanjil la te ede satisfè esperans espirityèl ou yo?
Gade tou Sijè ak Kesyon yo, “Apostazi ak Retablisman Levanjil la,” Libreri Levanjil la.
“Retablisman Pwomiz la kontinye avanse.”
Eske ou te janm panse a tèt ou kòm yon eleman nan Retablisman levajil la? Konsidere pawòl sa yo ki soti de Prezidan Dieter F. Uchtdorf: “Pafwa nou panse a Retablisman levanjil la kòm yon bagay ki te fini, deja dèyè do nou. … An reyalite, Retablisman an se yon pwosesis k ap kontinye; n ap viv li kounya menm” (“Èske dòmi pran ou pandan Retablisman an??,” Lyawona, Me 2014, 59).
Pandan w ap prepare pou etidye kijan levanjil late retabli nan ane 1800 yo, ou gendwa kòmanse pa medite kijan li te retabli nan lavi ou. Li Pwoklamasyon retablisman an avèk kesyon tankou sa yo nan espri w: Kijan mwen te vin konnen ke sa se verite? Kijan m ap patisipe nan Retablisman an jodia?
“Syèl yo louvri.”
Kisa fraz “syèl yo louvri” a vledi pou ou? Ki evidans ou wè—nan Pwoklamasyon sou Retablisman an, nan Legliz la jodia, nan ekriti yo, ak nan lavi ou—ke syèl yo vrèman louvri?
Ou gendwa enkli tou “Le Jour Parait” (Cantiques, no. 1) kòm yon eleman nan etid ou. Kisa w jwenn nan kantik sa a ki ajoute sou konpreyansyon w sou fraz “syèl yo louvri” la?
Gade tou Quentin L. Cook, “Benediksyon Revelasyon Kontinyèl pou Pwofèt yo ak Revelasyon Pèsonèl pou Gide Lavi Nou,” Lyawona, Me 2020, 96–100.
Aprann ansanm. Prezidan Nelson te envite nou pou “etidye [Pwoklamasyon retablisman an] an prive epi avèk manm fanmi [nou] ak zanmi” (“Koute Li,” 92). Konsidere kijannou ta kapab enkli lòt moun nan etid ou an.
Pou plis ide, gade piblikasyon mwa sa a nan revi Lyawona a ak Pou fòs jèn yo.
Ide pou Anseye Timoun yo
“Nou pwoklame solanèlman.”
-
Lè w ap li pati yo nan Pwoklamasyon retablisman an avèk timoun ou yo (oswa gade videyo sou Prezidan Nelson k ap li l), ede yo jwenn fraz ki kòmanse avèk fraz tankou “nou pwoklame,” “mou deklare,” oswa “nou temwaye.” Ki verite pwofèt ak apot nou yo ap deklare? Petèt oumenm ak timoun ou yo ta kapab pataje pwòp temwayaj nou sou kèk nan menm verite sa yo.
6:0The Restoration of the Fulness of the Gospel of Jesus Christ
“Joseph Smith … te gen kesyon.”
-
Li t aka enteresan pou timoun ou yo eksplore kèk nan kesyon Joseph Smith te genyen yo ki te mennen nan Retablisman levanjil Sovè a. Ede yo jwenn kèk egzanp nan Istwa—Joseph Smith 1:10, 29, 68. Kijan nou beni jodia paske Bondye te reponn kesyon Joseph Smith yo?
-
Ou gendwa tou bay timoun ou yo yon chans pou pale konsènan kesyon yo genyen yo. Kisa nou aprann apati Joseph Smith konsènan fason pou jwenn repons yo? (gade Istwa—Joseph Smith 1:8–17; gade tou vèsè 3 ak 4 nan “Voici mon Fils bien-aimé,” Chants pour les enfants, 76).
“Mesaje selès te vini pou enstwi Joseph.”
-
Kiyès ki se “mesaje selès yo [ki] te vini pou entwi Joseph”? Timoun ou yo gendwa kontan chèche jwenn foto sou yo nan Liv Ilistrasyon Levanjil (gade nos. 91, 93, 94, 95). Kijan chak nan mesaje sa yo te ede “re-etabli Levanjil Jezikri a”? Ekriti yo te sigjere nan paj aktivite a nan semèn sa a ka ede timoun ou yo reponn kesyon sa a.
Jezikri te retabli Legliz Li a.
-
Kijan w ka ede timoun yo konprann kisa sa vledi pou Legliz Sovè a te gen pou retabli? Petèt yo te ka bati yon senp tou avèk blòk oswa kèp epi “retabli,” oswa rebati, li. Oswa, si timoun ou yo te janm gen pou ranplase yon bagay paske li te pèdi oswa domaje, ou ta ka konpare eksperyans sa a ak Sovè ki retabli Legliz Li a. Ede yo jwenn bagay espesifik yo ki mansyone nan Pwoklamasyon retablisman an ke Sovè a te retabli a.
“Syèl yo louvri.”
-
Pou ilistre kisa fraz “syèl yo louvri” a vledi, petèt ou ta ka pataje yon mesaj avèk timoun ou yo, dabò dèyè yon pòt fèmen epi apresa atravè yon pòt ki louvri. Kite yo chak pran tan youn apre lòt pou yon mesaj tou. Ki mesaj Jezikri genyen pou nou? Ki eksperyans ki te ede nou konnen ke syèl yo louvri pou nou?
Pou plis ide, gade piblikasyon pou mwa sa a pou revi Zanmi an.