“Ide pou Amelyore Aprantisaj nan Fwaye ak nan Legliz,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: Doktrin ak Alyans 2025 (2025)
“Ide pou Amelyore Aprantisaj nan Fwaye a ak nan Legliz la,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: 2025
Ide pou Amelyore Aprantisaj nan Fwaye ak nan Legliz
Pandan w ap etidye levanjil Sovè a nan fwaye ak nan Legliz, konsidere kesyon swivan yo:
-
Kijan w ka envite Lespri a nan etid ou?
-
Kouman ou ka konsantre sou Sovè a nan etid ou?
-
Kouman ou ka pwofite de moman aprantisaj chak jou?
-
Kouman ou ka ankouraje fanmi ak manm klas yo pou etidye ekriti yo pou kont yo?
Men kèk fason senp pou w amelyore etid ou sou pawòl Bondye a nan ekriti yo.
Priye pou enspirasyon
Ekriti yo se pawòl Bondye, se pou w mande L pou l ede w konprann yo.
Chèche Verite Konsènan Jezikri
Ekriti yo anseye nou ke tout bagay temwanye konsènan Kris la (gade nan 2 Nefi 11:4; Moyiz 6:63), konsa, konsidere pou w note oubyen make vèsè ki temwaye konsènan Sovè a, ki apwofondi amou ou pou li, epi ki anseye kijan pou w suiv Li yo. Pafwa yo deklare verite levanjil yo (ke yo souvan rele doktrin oswa prensip) klèman, epi pafwa yo anseye yo atravè yon egzanp oubyen yon istwa. Mande tèt ou: “Ki verite etènèl ki anseye nan vèsè sa yo?” Kisa vèsè sa yo anseye nou konsènan Senyè a?
Koute Lespri a
Pote atansyon a panse ak santiman w yo, menm si yo pa gen rapò avèk sa w ap li a. Enpresyon sa yo se kapab sa Pè Selès la vle pou w aprann.
Ekri enpresyon ou yo
Gen anpil fason pou w ekri enpresyon ou resevwa pandan w ap etidye yo. Paregzanp, ou ka reyalize kèk pawòl ak fraz nan ekriti yo ki enpresyone ou; ou ta ka make yo epi ekri panse ou kòm yon nòt nan ekriti yo. Ou ta kapab fè yon jounal kote w ap ekri ide, panse, ak enpresyon w resevwa yo.
Pataje sa w ap aprann avèk lòt moun
Diskite ide ou jwenn nan etid pèsonèl ou yo se yon bon fason pou w anseye lòt moun ak ede ranfòse konpreyansyon w sou sa w li yo tou. Pataje sa w ap aprann avèk manm fanmi ak zanmi yo (an pèsòn oubyen dijitalman), epi envite yo pou yo fè menm jan an.
Aplike ekriti yo nan lavi ou
Reflechi sou kijan istwa ak ansèyman w ap li yo aplike nan lavi w. Paregzanp, ou ta ka mande tèt ou, “Ki eksperyans mwen fè ki sanble avèk sa m ap li a?”
Poze kesyon pandan w ap etidye
Pandan w ap etidye ekriti yo, kesyon ka vin nan lespri w. Kesyon sa yo gen dwa gen rapò avèk sa w ap li a oubyen avèk lavi w an jeneral. Medite sou kesyon sa yo epi chèche repons pou yo pandan w ap kontinye etidye ekriti yo.
Itilize èd pou etid ekriti yo
Pou w ka gen ide adisyonèl sou vèsè w ap li yo, itilize nòt ki anba paj yo, Gid pa Sijè a, Diksyonè Bib la, Gid Ekriti yo, ak lòt èd pou etid yo.
Konsidere kontèks ekriti yo
Ou ka jwenn ide siyifikatif sou yon pasaj ekriti lè w konsidere kontèks li, ansanm avèk sikonstans oubyen pozisyon kote l sòti a. Paregzanp, paske w konn antesedan ak kwayans yon pèp yon pwofèt ap pale, sa ka ede w konprann ki objektif pawòl li yo vize. Ou ka aprann konsènan yo nan Les Saints, Révélation dans leur contexte, antèt seksyon nan Doktrin ak Alyans yo, ak lòt resous.
Etidye pawòl Pwofèt ak Apot dènye-jou yo.
Li sa pwofèt ak apot dènye jou yo anseye sou prensip w jwenn nan ekriti yo.
Aplike sa w aprann
Etid ekriti yo dwe non sèlman enspire nou men tou sa dwe fè nou chanje fason n ap viv. Koute sa Lespri a enspire w pou w fè pandan w ap li a, epi apre sa, aji daprè enspirasyon sa yo.
Itilize mizik
Nou jwenn kantik ak chante pou timoun yo toupatou Vini, Suiv Mwen. Itilize mizik ki sakre
Memorize ekriti yo
Seleksyone yon pasaj ekriti ki enpòtan pou fanmi w epi mande yo pou yo memorize li kote y ap repete l chak jou oubyen y ap jwe yon jwèt memwa.
Prezante leson objè
Chèche objè ki anrapò avèk chapit ak vèsè n ap li yo. Konsidere fason chak objè gen relasyon avèk ansèyman ki nan ekriti yo.
Desine, chèche, oubyen fè foto
Li kèk vèsè, epi apre, desine yon bagay ki gen relasyon avèk sa ou li a. Oubyen ou ta ka chèche yon foto nan Liv Ilistrasyon Levanjil la oubyen yon lòt kote nan Biblyotèk Levanjil la. Ou ta ka pran yon foto tou ki ilistre sa w te aprann nan.
Dramatize yon istwa
Lè w fin li yon istwa, envite manm fanmi yo pou yo jwe wòl istwa a. Apre sa, pale sou fason istwa a anrapò avèk sa w ap eksperimante a.
Ou dwe gen fleksiblite lakay ou
Si ou gen manm fanmi ki pa vle patisipe nan etid ekriti familyal la, chèche lòt fason pou w konekte avèk yo. Paregzanp, èske w ta ka pale de levanjil la tou natirèlman nan konvèsasyon ou oubyen pataje yon ekriti siyifikatif nan yon fason ki pa sanble w ap preche oubyen depase limit? Etid ekriti a pa oblije sanble menm bagay nan chak fanmi. Kèk timoun ka pi byen reyaji nan etid ekriti w fè avèk yo pèsonèlman. Priye epi suiv enspirasyon Lespri a.
Reyinyon konsèy enstriktè pou paran yo. Si w ta renmen èd adisyonèl nan efò ou pou anseye timoun ou yo, chèche konnen si pawas ou a gen reyinyon konsèy enstriktè pou paran yo (gade nan Manyèl Jeneral, 17.5). Reyinyon sa yo se yon opòtinite pou paran yo pran konsèy ak aprann ansanm sou fason pou amelyore ansèyman yo. Yo ka diskite prensip ki nan Anseye nan Fason Sovè a, ide nan paj sa yo pou amelyore etid ekriti familyal, ak sijesyon pou aprann ak anseye yo nou jwenn nan tout Vini, Suiv Mwen an.