“Itilize Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: Doktrin ak Alyans 2025 (2025)
“Itilize Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: 2025
Itilize Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz la
Pou Kimoun Resous Sa a Ye?
Resous sa a se pou nenpòt moun ki vle aprann nan Doktrin ak Alyans—endividyèlman, antanke fanmi, ak nan klas nan Legliz la. Si w pa t konn etidye levanjil la regilyèman otrefwa, resous sa a ka ede w kòmanse fè sa. Si w deja gen yon bon abitid etid ekriti, resous sa a ka ede w fè plis eksperyans siyifikatif.
Moun ak Fanmi nan Fwaye
Kote ideyal pou aprann levanjil la se fwaye a. Enstriktè w yo nan legliz la ka sipòte w, e ou ka jwenn ankourajman nan men lòt manm pawas la. Men, pou siviv espirityèlman, nou chak bezwen nouriti chak jou ki soti nan “bon pawòl Bondye a” (Mowoni 6:4; gade tou Russell M. Nelson, “Diskou Ouvèti,” Lyawona, Nov. 2018, 6–8).
Itilize resous sa a nenpòt jan ki itil pou ou. Plan leson yo souliyen kèk verite etènèl nou jwenn nan Doktrin ak Alyans yo. Yo sigjere tou ide ak aktivite pou ede w etidye ekriti yo endividyèlman, avèk manm fanmi w, oubyen avèk zanmi. Pandan w ap etidye, suiv direksyon Lespri a pou jwenn verite etènèl ki enpòtan pou ou. Chèche mesaj Bondye voye pou ou yo, epi suiv enspirasyon ou resevwa yo.
Enstriktè ak Moun ki ap Aprann nan Legliz la
Si w anseye yon klas Primè, yon klas Lekòldidimanch pou jèn oubyen pou adilt, yon kowòm Prètriz Aawon, oubyen yon klas Jènfi, nou ankouraje w pou w itilize plan leson yo ki nan resous sa a pandan w ap prepare w pou w anseye. Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz la se kourikoulòm pou klas Dimanch ou an. Ide pou aprantisaj yo nan resous sa a fèt pou moun aprann lakay yo ak nan legliz la. Lè w ap prepare w pou w anseye, kòmanse pa fè pwòp eksperyans pa w nan ekriti yo. Preparasyon ki pi enpòtan pou ou a ap rive lè w fouye ekriti yo ak lè w chèche enspirasyon pèsonèl nan men Sentespri a. Ou ka etidye tou avèk bezwen moun w ap anseye yo nan lespri w. Chèche verite etènèl yo. Vini, Suiv Mwen ka ede w idantifye kèk nan verite sa yo ak aprann kijan ekriti yo ka aplike nan lavi w.
Kenbe nan tèt ou ke aprann levanjil la, pi byen posib, se yon bagay ki santre sou fwaye e ki resevwa sipò Legliz la. Nou ta kapab di responsablite prensipal ou se pou w sipòte moun w ap anseye yo nan efò yo pou yo aprann ak viv levanjil la nan fwaye yo. Pa bay tèt ou pwoblèm konsènan genyen yon kontni inik pou mete aladispozisyon yo nan klas la. Ba yo opòtinite pou yo pataje eksperyans yo, panse yo ak kesyon yo sou pasaj ekriti yo li lakay yo. Envite yo pou yo pataje verite etènèl yo jwenn yo. Sa pi enpòtan pase kouvri yon sèten kantite materyèl.
Klas Lekòldidimanch Jèn ak Adilt
Youn nan rezon prensipal ki fè nou rasanble nan klas Lekòldidimanch se pou nou youn ankouraje ak sipòte lòt pandan n ap fè efò pou nou suiv Jezikri. Youn nan fason senp pou fè sa se poze yon kesyon tankou “Kisa Sentespri a te anseye w semèn sa a pandan w t ap etidye ekriti yo avèk Vini, Suiv Mwen?” Repons kesyon sa a ta kapab mennen nan diskisyon siyifikatif ki bati lafwa nan Jezikri ak nan levanjil Li a.
Apre sa ou ta kapab envite diskisyon ki baze sou sigjesyon etid yo nan Vini, Suiv Mwen. Pa egzanp, yon ide etid ka sigjere pou w chèche nan Doktrin ak Alyans 19:15–20, pou wè kijan Sovè a dekri soufrans Li yo. Ou ta gen dwa mande manm klas la pou yo di kijan yo santi yo pandan y ap li deskripsyon L lan epi pale de kijan sa afekte fason yo panse de Li. Oswa ou ta kapab pase kèk tan ap etidye vèsè sa yo kòm yon klas.
Kowòm Prètriz Aawon ak Klas Jènfi
Lè kowòm Prètriz Aawon ak klas Jènfi yo rankontre lè Dimanch, objektif yo yon ti jan diferan de yon klas Lekòldidimanch. Anplis pou youn ede lòt aprann levanjil Jezikri a, gwoup sa yo reyini tou pou yo pale ansanm sou akonplisman travay sali ak egzaltasyon an (gade Manyèl Jeneral: Sèvi nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo, 1.2), jan prezidans klas yo oswa prezidans kowòm yo dirije yo.
Pou rezon sa a, chak reyinyon kowòm oswa klas ta dwe kòmanse avèk yon manm prezidans kowòm oswa klas la k ap dirije yon diskisyon sou efò yo. Pa egzanp, yo ta ka fè konsèy ansanm sou efò yo pou viv levanjil la, pou sèvi moun ki nan bezwen, pou pataje levanjil la, oubyen pou patisipe nan travay tanp ak istwa familyal.
Apre tan sa a pou fè konsèy ansanm nan, yon enstriktè dirije klas la oswa kowòm nan pandan y ap aprann levanjil la ansanm. Dirijan adilt oswa manm klas la oswa kowòm lan ka resevwa responsablite pou yo anseye. Prezidans klas la oswa kowòm nan bay responsablite sa yo an konsiltasyon avèk dirijan adilt yo.
Moun yo bay responsablite pou anseye yo dwe prepare yo nan itilize sigjesyon aprantisaj yo bay nan plan leson chak semèn ki nan Vini, Suiv Mwen an. Nan chak plan leson, senbòl sa a endike yon aktivite ki espesyalman aplike pou jèn yo e ki koresponn avèk sa y ap aprann nan seminè. Sepandan, nenpòt nan sijesyon yo nan deklarasyon an ta kapab sèvi kòm yon aktivite aprantisaj pou jèn yo.
Pou yon modèl ajanda pou reyinyon kowòm ak reyinyon klas yo, gade nan apendis D.
Primè
Preparasyon w pou anseye Primè a kòmanse pandan w ap etidye Liv Mòmon an pèsonèlman ak lè w etidye l avèk fanmi w. Pandan w ap fè sa, rete ouvè a enpresyon ak ide espirityèl ki soti nan Sentespri a konsènan timoun yo nan klas Primè w la. Se pou w priye. Lespri a kapab enspire w ide pou ede yo aprann levanjil Jezikri a.
Pandan w ap prepare w pou anseye a, ou ta kapab jwenn lòt enspirasyon nan eksplore ide pou ansèyman yo bay yo nan resous sa a. Chak plan leson ki nan Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz la gen yon seksyon ki rele “Ide pou Anseye Timoun yo.” Panse a ide sa yo kòm sijesyon ki kapab fasilite enspirasyon ou. Ou konnen timoun yo nan klas Primè w la—epi w ap vin aprann konnen yo pi byen toujou pandan w ap entèraji avèk yo nan klas la. Bondye konnen yo tou, epi Li ap enspire w pou w jwenn pi bon mwayen pou anseye yo ak beni yo.
Li posib ke timoun ki nan klas ou a deja fè kèk nan aktivite ki nan Vini, Suiv Mwen an avèk fanmi yo. Sa OK. Repetisyon se yon bon bagay. Anvizaje envite timoun yo pou youn pataje sa yo te aprann lakay yo avèk lòt. Ou dwe planifye fason pou timoun yo patisipe tou menm si yo p ap aprann lakay yo. Timoun aprann verite levanjil pi efikasman lè yo anseye yo verite sa yo atravè divès aktivite. Si w twouve ke yon aktivite aprantisaj efikas pou timoun yo, anvizaje repete l, sitou si w ap anseye timoun ki pi piti yo.
Nan mwa ki gen senk Dimanch yo, enstriktè Primè yo gen opsyon pou yo ranplase plan leson Vini, Suiv Mwen ki prevwa pou senkyèm Dimanch lan avèk youn oswa plis aktivite aprantisaj yo ki nan “Apendis B: Pou Primè—Prepare Timoun yo pou Tout Yon Lavi sou Chemen Alyans Bondye a.”