“13–19 Janvye: ‘Mwen Te Wè Yon Kolòn Limyè’: Istwa—Joseph Smith 1: 1– 26,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: Doktrin ak Alyans 2025 (2025)
“Istwa—Joseph Smith 1:1–26,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: 2025
Boskè Sakre a, tablo Greg K. Olsen
13– 19 Janvye: “Mwen Te Wè Yon Kolòn Limyè”
Istwa—Joseph Smith 1:1–26
Nou ta gen dwa di Doktrin ak Alyans se yon liv repons pou priyè: anpil nan revelasyon sakre yo ki nan liv sa a te vini kòm respons pou kesyon. Kesyon ki te kòmanse tout bagay la—yon kesyon ki te deklanche devèsman revelasyon nan dènye jou yo—se te yon tigason 14 zan ki te poze l. Yon “lagè pawòl ak batay opinyon” (Istwa—Joseph Smith 1:10) te kite Joseph Smith nan konfizyon konsènan relijyon ak relasyon li avèk Bondye. Petèt ou kapab konprann sa. Nou jwenn anpil ide kontradiktwa ak vwa ki ap pèsyade nou nan epòk nou an. Lè nou vle egzamine mesaj sa yo pou nou jwenn laverite, nou ka fè sa Joseph te fè a. Nou ka poze kesyon, etidye ekriti yo, medite, epi finalman poze Bondye kesyon. Kòm repons a priyè Joseph la, yon kolòn limyè te desann soti nan syèl la. Bondye Papa a ak Jezikri te parèt epi yo te reponn kesyon l yo. Temwayaj Joseph konsènan eksperyans mirakile sa a deklare ke nenpòt moun “ki [manke] bon konprann ta dwe mande Bondye, epi l ap resevwa” (Istwa—Joseph Smith 1:26). Nou tout ka resevwa, si se pa yon vizyon selès, omwen yon vizyon pi klè, ke limyè syèl la ka limen.
Ide pou Aprantisaj nan Fwaye a ak nan Legliz la
Joseph Smith se Pwofèt Retablisman an.
Bi istwa Joseph Smith la sete pou l fè nou “gen tout fè yo” paske souvan yo defòme verite konsènan Joseph (Istwa—Joseph Smith 1:1). Pandan w ap li Istwa—Joseph Smith 1:1–26, kisa ki ranfòse temwayaj ou konsènan apèl diven l lan?
Gade tou nan Les Saints,, 1:3–19.
Kijan m ka resevwa repons pou priyè m yo?
Èske w janm “manke sajès” oubyen santi w nan konfizyon konsènan yon desizyon w te bezwen pran? (Istwa—Joseph Smith 1:13). Eksperyans Joseph Smith te fè an 1820 an kapab sèvi kòm yon bon modèl pou pwòp revelasyon pèsonèl pa w. Pa egzanp, pandan w ap fouye nan Istwa—Joseph Smith 1:5–25, chèche eksperyans ou ka idantifye w avèk yo. Kisa w aprann konsènan:
-
Kijan Joseph te prepare l pou yon eksperyans sakre nan lapriyè? vèsè 8, 11, 14–15).
-
Wòl etid ekriti yo nan chèche revelasyon? (gade nan vèsè 11–12).
-
Kisa pou w fè lè w ap fè fas a lopozisyon? vèsè 15–16, 21–26).
-
Aksepte epi aji selon repons ou resevwa yo? (gade nan vèsè 18–25).
Envite pataj. Sonde ekriti yo envite enspirasyon ki soti nan Sentespri a. Pataje enspirasyon sa yo ka envite Sentespri a rann temwayaj bay lòt moun, epi tou a moun ki ap pataje a.
Ki lòt ide ou ka jwenn nan atik Prezidan Henry B. Eyring nan ki di “Premye Vizyon an: Yon Modèl pou Revelasyon Pèsonèl”? (Lyawona, Fev. 2020, 12–17).
Ou ta gen dwa chèche tou lòt egzanp nan ekriti yo konènan moun ki ap kominike avèk Bondye. Imaj ki nan Liv Ilistrasyon Levanjil la oswa lòt liv Vini, Suiv Mwen yo ta kapab ba w kèk ide. Eseye reponn kesyon ou te mete nan lis la anvan yo pou chak egzanp ou jwenn. Ki eksperyans ou te fè lè w t ap resevwa repons pou priyè w yo? Kisa w ka fè pou w ede lòt moun fè bon eksperyans yo tou?
Gade tou Russell M. Nelson, “Koute Li,” Lyawona, Me 2020, 88–92; Sijè ak Kesyon “Revelasyon Pèsonèl,” Bibliyotèk Levanjil la.
Joseph Smith te wè Bondye Papa a ak Pitit Gason L lan, Jezikri.
Joseph Smith te gen konfyans ke Bondye tap reponn priyè l la, men li pa t ka prevwa kijan repons sa a tap chanje lavi l—ak mond lan. Pandan w ap li sou eksperyans Joseph la,meditei sou fason Premye Vizyon an chanje lavi w.
Pa egzanp, Premye Vizyon an te revele plizyè verite sou Bondye Papa a ak Pitit Gason L lan, Jezikri, ki te diferan de sa anpil moun nan epòk Joseph la te kwè. Pandan w ap li Istwa—Joseph Smith 1:15–20, anvizaje ekri divès fason pou fini yon deklarasyon tankou sa a: “Paske Premye Vizyon an te fèt, mwen konnen ke …” ”
Kisa w santi lè w medite sou eksperyans Joseph la ak tout sa ki te soti nan li?
Gade tou (videyo) “Mande Bondye: Premye Vizyon Joseph Smith la,” Bibliyotèk Levanjil la; “Joseph Smith’s First Prayer,” Cantiques, no. 26.
Mande Bondye: Premye Vizyon Joseph Smith
Detay ki soti nan If Any of You Lack Wisdom (Si Genyen Pami Nou Ki Manke Sajès, pa Walter Rane
Poukisa gen plizyè kalite rapò sou Premye Vizyon an?
Pandan lavi l, Joseph Smith te ekri eksperyans li te fè nan Boskè Sakre a omwen kat fwa, souvan li te itilize yon sekretè. Epi tou, gen plizyè rapò segondè ki te ekri pa moun ki te tande Joseph ap pale de vizyon l lan. Malgre rapò sa yo gen kèk detay ki diferan, selon moun ki tap tande yo a ak sikonstans yo, yo di menm bagay la ofon. Epi chak rapò ajoute detay ki ede nou konprann pi byen eksperyans Joseph Smith la, menm jan chak nan kat Levanjil Nouvo Testaman an ede nou konprann ministè Sovè a pi byen.
Gade tou Sijè ak Kesyon, “Rapò sou Premye Vizyon an,” Bibliyotèk Levanjil.
Mwen ka rete fidèl a sa m konnen, menm si lòt moun rejte m.
Apre Premye Vizyon remakab li a, natirèlman, Joseph Smith te anvi pataje eksperyans li a avèk lòt moun. Opozisyon l te rankontre a te etone l. Pandan w ap li rapò Joseph la, kisa ki enspire w pou rete fidèl a temwayaj ou? Ki lòt egzanp—ki soti nan ekriti yo, nan yon zansè, oubyen moun ou konnen—ki ba w kouraj pou w rete fidèl a eksperyans espirityèl ou te fè yo?
Gade tou Gary E. Stevenson, “Nouri Temwayaj Nou epi Pataje L,” Lyawona, Nov. 2022, 111–14.
Pou plis ide, gade nimewo magazin Lyawona ak Pou Fòs Jèn yo pou mwa sa a.
Ide pou Anseye Timoun yo
Joseph Smith te prepare pou l te yon pwofèt Bondye.
-
Aprann bagay ki konsèneu jenès Joseph Smith ta kapab ede timoun ou yo konprann ni epi prepare yo pou yo aprann apati eksperyans li yo. Petèt yo ta kapab kenbe yon foto Joseph Smith epi pataje sa yo konnen osijè li. Si sa nesesè, ou ta gen dwa ajoute kèk bagay apwopo li ke w jann nan Istwa—Joseph Smith 1:3–14 (gade tou nan “Chaptit 1: Joseph Smith ak Fanmi L,” nan Istwa Doktrin ak Alyans yo, 6–8, oswa videyo ki koresponn avèk yo an nan Bibliyotèk Levanjil). Kisa Joseph Smith te viv ki te ede l prepare l pou l te vin yon pwofèt? Kisa Bondye ta kapab ap prepare nou pou nou fè?
3:22Joseph Smith's Family: A family of faith
Detay ki soti nan Joseph Smith’s First Vision (Premye Vizyon Joseph Smith lan), pa Greg Olsen
Bondye ka reponn kesyon m yo atravè ekriti yo.
-
Anvizaje montre timoun ou yo yon varyete liv, ki enkli ekriti yo. Ede yo panse a kesyon liv sa yo kapab reponn. Li ansanm nan Istwa—Joseph Smith 1:10-11 pou w ka jwenn ki kesyon Joseph Smith te genyen ak ki repons li te jwenn nan ekriti yo.
-
Timoun ou yo ta gen dwa kapab chèche mo nan vèsè 12 la ki dekri kijan lekti Jak 1:5 la te afekte Joseph. Apre sa ou ta kapab fè youn pataje avèk lòt eksperyans youn avèk lòt eksperyans kote yon pasaj ekriti te gen yon gwo enfliyans sou yo. Nou ta kapab chante yon kantik ansam sou li ekriti yo tou, tankou “Quand je lis l’Ecriture sainte” (Chants pour les enfants, 66). Kisa kantik la anseye nou sou rezon ki fè nou li ekriti yo?
Pè Selès la tande priyè mwen epi l reponn yo.
-
Pou kòmanse yon diskisyon sou fason nou kominike avèk Pè Selès la, petèt oumenm ak timoun yo ta ka youn poze lòt kesyon kote y ap itilize plizyè kalite metòd kominikasyon, tankou yon mesaj tès, yon apèl telefòn, oubyen yon nòt ki ekri alamen. Kijan nou poze Pè Selès la kesyon? Kijan nou montre L ke nou renmen L ak onore Li nan priyè nou? Li ansanm Istwa—Joseph Smith 1:16–19 epi diskite sou fason Pè Selès la te reponn priyè Joseph Smith la. Apre sa, oumenm ak timoun ou yo ta ka pataje eksperyans kote ou te mane Bondye èd epi w te resevwa yon repons.
Joseph Smith te wè Papa nou ki nan Syèl la ak Pitit Gason l lan, Jezikri.
-
Jèn timoun yo ta kapab renmen kanpe avèk bra yo louvri epi pretann ke yo se pyebwa yo nan Boskè Sakre a pandan w ap pale yo de Premye Vizyon an. Mande timoun yo pou yo balanse kòm si van ap soufle sou yo pandan w ap pale de Joseph ki ap priye a. Apre sa, mande yo pou yo kanpe trankil ak dousman lè w ap pale de Pè Selès la ak Jezi ki te parèt devan Joseph.
-
Pi gran timoun yo ta ka kontan itilize youn oubyen plis nan foto yo ki nan plan leson sa a pou rakontre sa yo konnen osijè Premye Vizyon an. Ankouraje yo pou yo refere yo a Istwa—Joseph Smith 1:14–17 epi pataje sa yo panse ak sa yo santi apwopo eksperyans Joseph la (gade tou “Chapit 2: Premye Vizyon Joseph Smith la,” nan Istwa Doktrin ak Alyans yo, 9–12,
3:23Joseph Smith's First Vision: An answer to a humble prayer
Pou plis ide, gade piblikasyon pou mwa sa a pou revi Zanmi an.