“Vwa Retablisman yo: Fanmi Joseph Smith,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: Doktrin ak Alyans yo 2025 (2025)
“Fanmi Joseph Smith,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: 2025
Vwa Retablisman yo
Fanmi Joseph Smith
Nou chak afekte pwofondeman pa lavi familyal nou, e Joseph Smith pa t diferan. Konviksyon relijye ak pratik paran li yo te plante semans lafwa ki te rann Retablisman an posib. Jounal Joseph la genyen omaj sa a ekri ladan: “Mo ak langaj [pa] ase pou m ta eksprime rekonesans mwen genyen pou Bondye paske l te ban m paran ki si onorab konsa.”
Sitasyon sa yo apati manman l, Lucy Mack Smith; frè li, William Smith; ak Pwofèt la limenm te fè ba nou yon apèsi sou enfliyans relijye nan fanmi Smith.
Fanmi Joseph Smith, tablo Dan Baxter
Lucy Mack Smith
“[Apeprè]an 1802], m te tonbe malad. … M te di tèt mwen: M poko pare pou m mouri paske m pa konn chemen Kris la, epi se kòmsi te gen yon vid sonb ak solitè ant mwenmenm ak Kris la ke m pa oze eseye travèse. …
“M te gade Senyè a epi m te sipliye l pou l te epanye lavi m pou m te ka elve pitit mwen yo ak konsole kè mari m; m te rete kouche konsa tout nuit la. … M te fè alyans avèk Bondye [ke] si l te kite m viv mwen tap fè efò pou m antre nan relijyon ki tap pèmèt mwen sèvi l kòrèkteman an, keseswa l te nan Bib la oubyen nan kèlkeswa kote m t ap ka jwenn ni an, menmsi se ta nan syèl la pou l ta sòti vin jwenn mwen atravè lapriyè ak lafwa. Finalman, yon vwa te pale avèk mwen epi l te di: ‘Chèche, epi w ap jwenn; frape, epi y ap louvri pou ou. Se pou kè w rekonfòte. Ou kwè nan Bondye; kwè nan mwen tou.’ …
“Apati moman sa a, m te reprann fòs san rete. M pa t konn pale anpil osijè relijyon malgre sa te toujou nan lespri m san rete, epi, m te panse ke m ta pral fè tout dilijans mwen, osito m te kapab, pou m te chèche yon moun relijye ki te konn chemen Bondye pou anseye m sou bagay ki gen rapò avèk syèl la.”
William Smith
“Manman m, ki sete yon fi trè relijye epi ki te enterese anpil nan byennèt pitit li, isit la ak nan lòtbò vwal la, te itilize tout mwayen lanmou l kòm paran te sigjere li, pou l te fè nou angaje nou nan chèche sali nanm nou, oubyen, (jan yo te konn di lèsa a) ‘nan chèche gen yon relijyon.’ Li te ankouraje nou pou nou t al nan reyinyon yo, epi, prèske tout fanmi an te vin enterese nan sijè a, epi nou te vin kòmanse ap chèche laverite.”
“Osi lwen ke m ka sonje, nou te toujou fè priyè familyal. Mwen sonje papa m te konn gen linèt li nan pòch palto li, … epi, lè noumenm, tigason yo, nou te wè l ap chèche linèt yo, nou te konnen ke sete sinyal pou nou te prepare nou pou lapriyè, epi, si nou pa t remake sa, manman m te konn di: ‘William,’ oubyen nenpòt nan nou ki pa t wè sa a, ‘prepare w pou lapriyè.’ Apre priyè a, nou te konn chante yon kantik.”
Joseph, papa a, ak Lucy Smith te anseye fanmi yo pou yo etidye ekriti yo.
Joseph Smith
“Kounyeya m ap di ke [papa m] pa t janm te fè yon bagay ki ta ka fè moun di ke l te aji avèk mechanste ni san jenewozite nan lavi l, selon sa m sonje. M te renmen papa m ak souvni li; e souvni bèl aksyon li te konn fè yo rete grave nan lespri m; epi, anpil nan pawòl janti ak ranpli afeksyon li te konn di m yo ekri sou tablèt kè mwen. Bagay ki sakre pou mwen se panse ke m renmen anpil yo sou istwa lavi l yo, ki toujou travèse lespri m e ki te enplante nan lespri m pa pwòp obsèvasyon pa m depi lè m te fèt. … Manman m se youn nan fi ki pi nòb e pi bon pami tout fi.”