“6–12 Janvye: ‘Koute, Nou Menm Pèp’: Doktrin ak Alyans 1,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: Doktrin ak Alyans 2025 (2025)
“Doktrin ak Alyans 1,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: 2025
6– 12 Janvye: “Koute, Nou Menm Pèp”
Doktrin ak Alyans 1
An Novanm 1831, Legliz retabli Jezikri a te apèn gen ennan edmi. Malgre li t ap grandi, li te toujou yon ti gwoup kwayan ki pat trè koni ki t ap viv nan yon seri de ti vil ki pa t tèlman peple, se yon pwofèt ki te nan mitan trantèn li ki t ap dirije yo. Men Bondye te konsidere kwayan sa yo kòm sèvitè l ak mesaje l, epi li te vle pou revelasyon l te ba yo yo te pibiliye pou mond lan.
Doktrin ak Alyans seksyon 1 an se prefas Senyè a, oswa entwodiksyon, pou revelasyon sa yo. Li montre klèman ke menm si kantite manm nan Legliz la te piti, pa t gen anyen ki te piti nan mesaj Bondye te vle pou Sen L yo pataje a. Se yon “vwa avètisman” pou tout “abitan tè a,” pou anseye yo pou yo repanti epi pou yo etabli “alyans etènèl” Bondye a(vèsè 4, 8, 22). Sèvitè yo ki ap pote mesaj sa a se moun “fèb ak senp.” Men sèvitè enb yo se egzakteman moun Bondye aple pou —lè sa a ak kounyea—fè Legliz Li a “soti nan tenèb ak fènwa” (vèsè 23, 30).
Ide pou Aprantisaj nan Fwaye a ak nan Legliz la
“Koute, Nou Menm Pèp”
Yon prefas sèvi pou entwodui yon liv. Li prezante tèm ak objektif liv la epi li ede lektè yo prepare yo pou yo li. Pandan w ap li seksyon 1 an—ki se “prefas” Senyè a pou Doktrin ak Alyans yo (vèsè 6)—chèche tèm ak objektif Senyè a te bay pou revelasyon L yo. Kisa w aprann ki ap ede w nan etid ou sou Doktrin ak Alyans la ane sa a? Pa egzanp, ou ta kapab medite sou kisa “tande vwa Senyè a” nan revelasyon sa yo (vèsè 14) oubyen “sonde kòmandman sa yo” vle di (vèsè 37).
Gade tou entwodiksyon pou Doktrin ak Alyans yo tou.
Doktrin ak Alyans 1: 4– 6, 4-23, 37-39
Senyè a pale atravè sèvitè L yo, enkli pwofèt dènye jou yo.
Seksyon 1 an kòmanse epi l fini avèk deklarasyon Bondye ki di ke l pale palentèmedyè sèvitè Li chwazi yo (gade nan vèsè 4–6, 23–24, 38). Ekri sa w aprann nan revelasyon sa a sou:
-
Senyè a ak vwa L.
-
Poukisa nou bezwen pwofèt na epòp pa nou an.
Kisa w santi w enspire pou w fè kòm rezilta etid ou sou sa w jwenn yo?
Kilè w te tande vwa Senyè a atravè vwa sèvitè l yo? (gade nan vèsè 38).
Ou ta ka imajine tou ke yon zanmi ki pa konn anyen osijè pwofèt vivan ap li seksyon 1 an avèk ou. Ki kesyon zanmi w lan ta ka genyen? Ki vèsè ou ta vle diskite avèk li pou ede l konprann kijan w santi w osijè pwofèt nan epòk nou an.
Sa ta ka enterese w si w ta konnen ke lè yon konsèy ansyen te reyini an 1831 pou yo te pale sou piblikasyon revelasyon Joseph Smith yo, gen kèk moun ki te opoze a ide a. Yo te anbarase pa feblès Joseph nan zafè ekri, epi yo te pè pou piblikasyon revelasyon yo pa t lakoz plis pwoblèm pou Sen yo (gade Les saints, 1:140–43). Si w sete yon manm konsèy sa a, kijan w t ap adrese preyokipasyon sa yo? Ki ede w jwenn nan seksyon 1 an ki ta ka ede? (gade, paregzanp, vèsè 6, 24, 38).
Panse pou w enkli yon kantik tankou “Viens écouter la voix d un prophète” (Cantiques, no. 11) nan etid ou ak adorasyon w la. Chèche ekspresyon nan kantik la ki anseye menm prensip ke vèsè nan seksyon 1 yo anseye a.
Gade Sijè ak Kesyon tou, “Pwofèt,” Bibliyotèk Levanjil la.
Senyè a pale avèk nou atravè sèvitè Li, pwofèt yo.
Doktrin ak Alyans 1:12–30, 34–36
Retablisman an ede m fè fas a pwoblèm dènye jou yo.
Nan Doktrin ak Alyans seksyon 1, Senyè a eksplike poukisa Li retabli levanjil Li a. Gade ki kantite rezon ou ka mete sou lis ou a pandan w ap li vèsè 12–23. Daprè eksperyans pa w, kijan objektif Senyè a pou Retablisman an akonpli?
Senyè a te konnen ke epòk nou an tap gen gwo difikilte (gade nan vèsè 17). Kisa w jwenn nan vèsè 17–30, 34–36 ki ede w santi lapè ak konfyans malgre difikilte sa yo?
Gade tou Russell M. Nelson, “Anbrase Lavni An Avèk Lafwa,” Lyawona, Nov. 2020, 73–76.
Senyè a itilize “moun ki fèb yo ak moun ki senp yo” pou l akonpli travay Li a.
Pandan w ap li Doktrin ak Alyans 1:19–28, ou ta gen dwa medite sou kisa sa vle di pou w se yon sèvitè Senyè a. Ki karakteristik Senyè a vle pou sèvitè L yo genyen? Kisa Senyè a ap akonpli atravè sèvitè L yo? Kijan pwofesi ki nan vèsè sa yo akonpli toupatou nan mond lan ak nan vi w?
Chèche Jezikri. Bi ekriti yo se pou rann temwayaj konsènan Sovè a ak levanjil li a. Pandan w ap li Doktrin ak Alyans 1an, anvizaje make oubyen note vèsè ki anseye w yon bagay konsènan Jezikri.
Pou plis ide, gade piblikasyon mwa sa a nan revi Lyawona a ak Pou fòs jèn yo.
Ide pou Anseye Timoun yo
Atravè pwofèt li yo, Senyè avèti nou sou danje espirityèl.
-
Pou kòmanse yon diskisyon sou avètisman Senyè a bay yo, ou ta ka pale de avètisman nou resevwa nan men lòt moun apwopo danje nou pa ka wè yo. Kèk egzanp ta ka enkli yon planche ki glise, yon tanpèt k ap vini, oubyen yon machin k ap apwoche. Petèt oumenm ak pitit ou yo ta ka gade kèk egzanp sou siy avètisman yo epi konpare avètisman sa yo avèk avètisman Senyè a ba nou yo. Daprè Doktrin ak Alyans 1:4, 37–39, kijan Senyè a avèti nou? Sou kisa l te ba nou avètisman resamman? Petèt ou ta kapab gade oswa li kèk pati nan mesaj dènye konferans jeneral yo epi chèche egzanp “vwa avètisman” Bondye.
-
Chante yon kantik sou pwofèt ansanm, tankou dènye vèse “Suis les prophètes la (Chants pour les enfant,, 58). Pataje temwayaj ou ke pwofèt la pale pawòl Bondye.
Retablisman an ede m fè fas a pwoblèm dènye jou yo.
-
Pou ankouraje yon diskisyon sou Doktrin ak Alyans 1:17, oumenm avèk timoun ou yo ta ka imajine ke n ap prepare pou yon vwyajaj. Kisa w tap mete nan valiz ou? Si w te konnen alavans ke lapli ta pral tonbe oubyen ke machin ou an oswa bis la ta pral gen yon kawoutchou plat, kijan sa t ap afekte fason w t ap prepare w pou vwayaj la? Li ansanm vèsè 17, epi pale de sa Senyè a te konnen ki tap rive nou. Kijan Li te prepare L pou sa? (Si nesesè, eksplike yo ke yon “kalamite” se yon dezas oubyen yon bagay terib.) Kijan kòmandman Bondye yo ede nou jere pwoblèm epòk nou an?
Senyè a te aple Joseph Smith pou l te yon pwofèt.
-
Pou aprann sou wòl Joseph Smith nan retablisman levanjil Sovè a, oumenm avèk timoun yo ta ka gade foto Sovè a ak yon foto Joseph Smith (gade foto ki nan plan leson sa a) epi pale de sa Sovè a te ba nou atravè Joseph Smith. Timoun ou yo ta kapab chèche egzanp nan Doktrin ak Alyans 1:17, 29. Di yo kisa w santi apwopo Joseph Smith, epi temwaye ke Bondye “te aple sèvitè l Joseph Smith, Jun., epi l te pale avèk li depi nan syèl la” (vèsè 17).
© 1998 David Lindsley
Legliz Jezikri Pou Sen Dènye Jou yo se “legliz vrè ak vivan” Senyè a.
-
Kisa sa vle di lè nou di ke Legliz la “vrè e vivan”? Pou fè timoun ou yo reflechi vivan ak bagay ki pa vivan—tankou yon plant vivan ak yon plant ki mouri. Kijan nou fè konnen ke yon bagay vivan? Apre sa, ou ta ka li Doktrin ak Alyans 1:30 epi pale sou kisa sa vle di pou Legliz la “vrè ak vivan.”
Pou plis ide, gade nimewo magazin Zanmi an. pou mwa sa a.