“26 Oktòb–1e Novanm. ’“M ap Fè Kriye yo Tounen Lajwa”: Jeremi 31–33; 36–39; Lamantasyon 1; 3” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: Ansyen Testaman 2026 (2026)
“26 Oktòb–1e Novanm. ’M ap Fè Kriye yo Tounen Lajwa,’” Vini, Suiv mwen: Ansyen Testaman 2026
Jeremi ki ap Lamante pou Destriksyon Jerizalèm nan, pa Rembrandt van Rijn
26 Oktòb–1e Novanm: “M Ap Fè Kriye yo Tounen Lajwa”
Jeremi 31–33; 36–39; Lamantasyon 1; 3
Lè Senyè a te premye rele Jeremi pou l te vin yon pwofèt, Li te di l ke misyon l lan se t ap “pou derasinen, epi dechouke” (Jeremi 1:10)— e nan Jerizalèm, te gen anpil mechanste ki pou te derasinen ak dechouke. Men sa sete sèlman yon pati nan misyon Jeremi—li te resevwa apèl tou pou l te “bati ak plante” (Jeremi 1:10). Kisa li ta kapab bati oubyen plante nan espas dezole yo ke rebelyon pèp alyans la te kite a? Yon lòt fason pou poze kesyon an se, kilè peche oswa advèsite kite lavi nou an destriksyon, kijan nou kapab rebati ak plante ankò? Repons lan chita nan “Branch lajistis la,” (Jeremi 33:15), Mesi yo te pwomèt la. Li pote “yon nouvo alyans” (Jeremi 31:31—yon alyans ki egzije plis ke yon angajman sipèfisyèl oubyen aparans devosyon eksteryè. Lwa Li a dwe “nan pati anndan [nou] yo,” ekri “nan kè [nou].” Se sa sa vrèman vledi pou Senyè a vin “Bondye [nou] e pou noumenm nou vin”pèp [Li] a” (Jeremi 31:33). Se yon pwosesis tout yon lavi, e n ap toujou fè erè epi gen rezon pou nou kriye tanzantan. Men lè nou fè sa, Senyè a pwomèt: “M ap Fè Kriye yo Tounen Lajwa” (Jeremi 31:13).
Pou yon apèsi sou Lamantasyon, gade “Liv Lamantasyon an” nan Gid Ekriti yo.
Ide pou Aprantisaj nan Fwaye a ak nan Legliz la
Jeremi 31; 33
Senyè a pral mennen pèp alyans Li a soti nan kaptivite.
Nan Jeremi 30–31 33 Senyè a rekonèt “lamantasyon, ak gwo soufrans” (Jeremi 31:15 ke Izrayelit yo tap epwouve pandan yo te nan kaptivite a. Sepandan, Li te ofri pawòl konsolasyon ak espwa tou. Chèche jwenn yo pandan w ap li chapit sa yo. Kisa pwomès ou jwenn ki aplike pou ou?
Jeremi 31:31–34; 32:37–42
“Y ap vin pèp mwen, epi m ap vin Bondye yo.”
Malgre Izrayelit yo te kraze alyans yo, Jeremi te pwofetize ke Senyè a t ap etabli yon alyans “nouvo” ak “etènèl” avèk yo ankò (Jeremi 31:31; 32:40). Kisa alyans sa a ye? Konsidere chèche ide nan Gid Ekriti yo: “Nouvo Alyans Etènèl la,” Bibliyotèk Levanjil.
Pandan w ap li Jeremi 31:31–34; 32:37–42, medite:
-
Kisa sa vle di pou w fè pati pèp alyans Bondye a.
-
Kisa sa vle di pou gen lwa Li a ekri nan kè ou.
-
Kisa Senyè a pwomèt lè nou fè alyans avèk Li.
-
Kijan relasyon alyans ou avèk Senyè a chanje ou.
Ki pwomès ou fè Bondye lè w patisipe nan òdonans sakre yo? Kijan L ap akonpli pwomès Li yo pou ou?
Gade tou David A. Bednar, “Rete nan Mwen, epi Mwen nan Ou; Se poutèt sa Mache avèk Mwen,” Lyawona, Me 2023, 123–26.
Jeremi 36
Ekriti yo gen pouvwa pou ekate m de malen an.
Daprè Jeremi 36:2–3, poukisa Senyè a te kòmande Jeremi pou l ekri pwofesi l yo? Lè w li Jeremi 36, note kijan moun sa yo te santi yo konsènan pwofesi sa yo:
-
Senyè a (gade vèsè 1–3, 27–31)
-
Jeremi (gade vèsè 4–7, 32)
-
Bawouk (gade vèsè 4, 8–10, 14–18)
-
Yewoudi ak Wa Jeiakim (gade vèsè 20–26)
-
Elnathan, Delaia ak Jemari (gade vèsè 25)
Medite sou fason w santi w konsènan ekriti yo. Kijan yo te ede w vire do bay mal?
Jeremi 37–39
Rete fèm nan suiv pwofèt Bondye yo.
Nan Jeremi 37:1–3, 15–21; 38:1–6, 14–28, ki prèv ou wè ki montre ke Wa Zedekia te kwè ke Jeremi sete vrè pwofèt Senyè a? Ki evidans ou wè ki montre w ke Zedekia pa t kwè? Kisa w aprann nan konparezon sa a? Pandan w ap li Jeremi 39, medite sou diferans sa t ap fè si Zedekia ak pèp li a te suiv pwofèt la epi respekte kòmandman Senyè a. (Konpare sa k te pase Zedekia avèk sa k te pase fanmi Leyi a nan 1 Nefi 1–2.)
Jeremi 38:6–13; 39:15–18
Mwen ka gen kran pou m defann sa ki dwat.
Ofisyèl wa yo te santi pwofesi Jeremi yo t ap fè sòlda yo mwens dispoze pou yo goumen, konsa, yo te lage Jeremi nan yon kacho byen sal (gade Jeremi 38:1–4). Nan Jeremi 38:6–13, kisa ki enpresyone w nan repons Ebèd-melech te bay Etyopyen an? Remake tou benediksyon Senyè a te bay Ebed-melech nan Jeremi 39:15–18.
Kijan ou ta ka suiv egzanp Ebed-melech la?
Rèl Jeremi an
Lamantasyon 1; 3
Senyè a kapab soulaje tristès nou epwouve akoz de peche.
Liv Lamantasyon an se yon koleksyon powèm ki ekri apre destriksyon Jerizalèm ak tanp li an. Poukisa w panse l enpòtan pou yo te prezève l? Konsidere kisa metafò ki nan Lamantasyon 1 ak 3 yo ede w konprann sou gwo chagren Izrayèl te santi a. Ki mesaj espwa nan Kris nou jwenn? (gade espesyalman Lamantasyon 3:20–33; gade tou nan Matye 5:4; Jak 4:8–10; Alma 36:17–20).
Prezidan M. Russell Ballard te mansyone plizyè sitiyasyon ki ka lakoz kèk moun pèdi espwa, epi li te ofri konsèy sou ki kote pou yo jwenn lespwa:
“Gen kèk nan nou ki ka twouve lavi nou chaje ak fristrasyon, desepsyon, ak lapenn. Anpil moun santi yo dekouraje pou yo fè fas ak pwoblèm ki sanble ap domine nan mond lan. Gen lòt ki ankòlè akoz manm fanmi ki detounen ale desann nan yon kouran rapid ak dechennen ki ap febli valè ak deklinen prensip moral yo. … Anpil moun reziye yo pou yo aksepte mechanste ak kriyote mond lan kòm bagay ireparab. Yo abandone lespwa. …
“… Kèk nan nou gendwa pèdi tout espwa akoz peche ak transgresyon. Yon moun ka vin tèlman plonje nan fason mond lan ke li pa wè okenn fason pou l sòti epi li pèdi tout espwa. Egzòtasyon m pou tout moun ki tonbe nan pyèj advèsè a se pou yo pa janm abandone! Malgre jan bagay yo ka sanble dezespere oswa yo ka vin dezespere, tanpri kwè mwen, ou ka toujou gen lespwa. Toujou” (“Lajwa Espwa Akonpli,” Ensign,, Nov. 1992, 31–32).
Gade tou “Vous qui souffrez, venez,” Cantiques, no. 64
Ede lò moun yo pran responsabilite pou pwòp aprantisaj yo. Pafwa sanble ke fason ki pi fasil pou anseye se jis di moun k ap aprann yo sa nou panse yo ta dwe konnen. Sepandan, fason ki pi fasil la se pa toujou pi bon fason an. Èldè David A. Bednar te anseye: “Entansyon nou pa dwe ‘Kisa pou m di yo?’ Olyesa, kesyon nou dwe poze tèt nou se ‘Kisa m ka envite yo pou yo fè? Ki kesyon enspire m ka poze ki, si yo dispoze pou reponn, ap kòmanse envite Sentespri a nan lavi yo?’” (sware avèk yon Otorite Jeneral, 7 Fev, 2020, broadcasts.ChurchofJesusChrist.org; gade tou Anseye nan Fason Sovè a, 25). Gen plizyè fason pou ede moun k ap aprann yo pran responsablite pou pwòp aprantisaj yo. Pa egzanp, nan plan leson sa a, yo envite elèv yo pou yo chèche, medite, fè lis, gade foto yo, patisipe nan leson objè, trase, ak pataje ak aplike sa yo aprann.
Ide pou Anseye Timoun yo
Jeremi 31:3
Papa nou ki nan Syèl la ak Jezi renmen m “avèk yon lanmou etènèl.”
-
Pandan w ap li Jeremi 31:3 avèk timoun ou yo, yo ta ka ede w jwenn objè (oswa foto objè yo) ki dire lontan, tankou yon pyès monnen metal, ak kèk ki pa dire, tankou yon moso fwi. Ou ta ka pale konsènan kisa “etènèl” vledi epi pataje youn ak lòt kijan ou te santi “lanmou etènèl” Papa nou ki nan Syèl la. Nou ka chante ansanm yon chan tankou “Je serai vaillant” tou (Chants pour les Enfants,162).
Jeremi 31:31–34; 32:38–41
Bondye ap ede m respekte alyans mwen yo.
-
Timoun ou yo ka kontan desinen yon kè sou yon moso papye epi apresa ekri nan kè a bagay yo aprann nan Jeremi 31:31–34 konsènan fè alyans avèk Bondye. Ou ka vle revize alyans yo fè nan batèm nan (gade Mozya 18:10, 13) epi diskite kisa sa vledi pou gen pwomès sa yo ekri nan kè yo.
Jeremi 36:1–4
Ekriti yo se pawòl Bondye.
-
Paj aktivite semèn sa a te ka ede pitit ou a aprann konsènan Jeremi, Bawouk ak wa a (gade Jeremi 36). Yo te kapab fè aksyon ki mache ansanm avèk pawòl ki nan Jeremi 36:4–10 yo, tankou ekri nan yon liv (gade vèsè 4) ak li ekriti yo pou moun yo (gade vèsè 8, 10).
-
Oumenm ak timoun ou yo te ka gade yon liv pou timoun ak yon kopi ekriti yo epi pale sou fason liv sa yo diferan. Kisa k fè ekriti yo espesyal? Sa ka enspiran pou youn pataje ak lòt kèk pasaj ekriti ki espesyal pou nou.
Jeremi 38:6–13
M ka defann sa ki dwat.
-
Ou ta ka itilize foto a ki nan fen plan leson an pou ede timoun ou yo vizyalize istwa Ebèd-melech la nan Jeremi 38:6–13. Petèt ou ta ka ede yo jwenn yon vèsè kote Ebed-melech te fè yon bagay brav pou te ede pwofèt Senyè a. Kisa nou ka fè pou montre ke nou konnen ke se Bondye ki aple pwofèt nou an jodia?
Lamantasyon 1:1–2, 16; 3:22–26
Sovè a rann posib pou m jwenn padon pou peche m yo.
-
To introduce Lamentations, you may want to explain to your children that because the Israelites had not repented, Jerusalem and the temple were destroyed. Nou ta ka pataje youn ak lòt kijan ou ta ka santi w si w t ap viv la nan moman sa a (gade Lamantasyon 1:1–2, 16). Kijan mesaj nan Lamantasyon 3:22–26 a ba ou espwa?
-
Nou youn ta ka pale ak lòt tou sou okazyon kote nou te santi nou tris poutèt yon move chwa nou te fè. Kisa nou jwenn nan Lamantasyon 3:22–26 la ki ede nou konprann padon Jezikri ofri a?
Pou plis ide, gade piblikasyon revi Zanmi mwa sa a.