Vini, Suiv Mwen
9–15 Novanm. “Pa gen Okenn Lòt Bondye Ki Ka Delivre”: Danyèl 1–7


“9–15 Novanm. “Pa gen Okenn Lòt Bondye Ki Ka Delivre”: Danyèl 1–7,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: Ansyen Testaman 2026 (2026)

“9–15 Novanm. ’Pa Gen Okenn Lòt Bondye Ki Ka Delivre,’” Vini, Suiv mwen: Ansyen Testaman 2026

Nebuchadnezzar k ap koute Daniel atantivman.

Danyèl Entèprete Rèv Nebikadneza a, pa Grant Romney Clawson

Danyèl 1–6: “Pa Gen Okenn Lòt Bondye Ki Ka Delivre”

Danyèl 1–7

Pwobableman pèsonn pa p menase w pou jete w nan yon founo toulimen oswa yon kav lyon akoz lafwa ou nan Jezikri. Men pèsonn nan nou pa travèse lavi mòtèl sa a san yon eprèv lafwa. Donk, nou tout ka benefisye de egzanp sou moun tankou Danyèl, Chadrach, Michak, ak Abed-nego, ke Anpi Babilonyen puisan an te mennen prizonye kòm jèn gason an (gade 2 Wa 24:10–16). Jèn moun sa yo te antoure pa yon kilti etranje ki te gen valè diferan, epi yo te fè fas ak gwo tantasyon pou yo te abandone kwayans ak tradisyon jis yo. Men yo te rete fidèl nan alyans yo. Kijan yo te fè sa? Nan fè ti bagay senp ak piti sa yo ke Bondye mande nou tout la—priye, jene, chwazi bon zanmi, fè Li konfyans, epi rete yon limyè pou lòt moun. Tankou Joseph nan Ejip ak Estè nan Pès, Danyèl ak zanmi l yo nan Babilòn te kenbe lafwa yo nan Bondye, epi Bondye te akonpli mirak ki toujou kontinye enspire kwayan yo jis jodia.

Pou yon koudèy sou liv Danyèl la, gade “Danyèl” nan Diksyonè Bib la.

senbòl etid

Ide pou Aprantisaj nan Fwaye a ak nan Legliz la

Danyèl 1; 36

senbòl seminè
Mwen ka fè Senyè a konfyans lè lafwa mwen ap pase eprèv.

Nan yon sans, nou tout ap viv nan Babilòn. Nou souvan fè fas ak tantasyon pou fè konpwomi sou prensip nou yo epi vire do bay lafwa nan Kris la. Pandan w ap li Danyèl1, 3, ak 6, note fason Danyèl, Chadrach, Michak, ak Abed-nego t ap sibi presyon pou yo te fè bagay yo te konnen ki pa t bon. Kijan yo te reyaji devan sitiyasyon sa yo? (gade Danyèl 1:10–13; 3:15–18; 6:10). Ki rezilta lafwa yo a te pote? Kisa w aprann apati eksperyans sa yo ki ka ede w fè Senyè a konfyans lè w ap fè fas ak opozisyon? Konsidere kesyon sa yo tou:

  • Kilè w konn santi w anba presyon pou w fè yon bagay ou te konnen ki mal? Kijan Senyè a te beni ou paske w kenbe kòmandman Li yo?

  • Men e si lafwa w pa mennen nan mirak w ap chèche yo? (pa egzanp, gade Alma 14:8–13). Baze sou sa w li nan Danyèl 3:13–18 yo, kijan w panse Chadrach, Michak, ak Abed-nego t ap reponn kesyon sa a? Kijan egzanp yo a ka afekte fason ou apwoche eprèv yo?

  • Kijan chwa jis ou yo ka mennen lòt moun nan pi gwo lafwa nan Senyè a? (gade Danyèl 2:47; 3:28–29). Medite sou efè ke chwa nou yo ka genyen sou lòt moun.

Gade tou Dieter F. Uchtdorf, “Ou Pa Bezwen Pè, Sèlman Kwè,” Liahona, Nov. 2015, 76–79.

Eseye enplike tout moun. Sovè a “envite … tout moun pou vin jwenn li epi patisipe nan bonte li” (2 Nefi 26:33). Si w ap anseye fanmi ou oswa yon klas, medite sou fason ou ka bay tout moun yon opòtinite pou yo patisipe nan kèk fason. Pa egzanp, ou ka bay chak moun yon pasaj ekriti, yon seksyon yon mesaj konferans, oswa yon vèsè ki soti nan yon kantik pou yo medite ak fè kòmantè sou yo. Pa fè presyon sou pèsonn pou yo patisipe, men ba yo opòtinite.

Chadrach, Michak, Abed-nego, ak yon katriyèm figi nan yon founèz

Chadrak, Michak, ak Abèdnego nan Founèz Dife a, pa William Maughan

Danyèl 2

Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo se wayòm Bondye sou tè a.

Atravè revelasyon, Danyèl te wè ke rèv Nebuchadneza a te predi wayòm mond lan ki t ap vini yo, ansanm ak fiti wayòm Bondye a ki t ap vini an, ki “pa p janm detwi a” (Danyèl 2:44). Èldè D. Todd Christofferson te anseye, “Legliz la se wayòm dènye jou a ke yo te pwofetize a, “ki pa kreye pa lòm, men ki etabli pa Bondye nan syèl la, e l ap woule desann tankou yon wòch ‘ki detache soti nan mòn nan san okenn men pa voye l’ pou ranpli tè a (“Rezondèt Legliz la,” Liahona, Nov. 2015, 111). Panse sou wayòm Bondye a nan dènye jou yo pandan w ap li deskripsyon sou wòch la nan Danyèl 2:34–35, 44–45 yo Ki wòl ou jwe nan ede pwofesi sa a akonpli?

Gade tou “Peuples du Monde, Ecoutez Donc!,” Cantiques, no. 170; “Bondye Te Ba Yo Konesans” (videyo), ChurchofJesusChrist.org.

13:49

God Gave Them Knowledge

Danyèl 2:1–30

Resevwa revelasyon mande preparasyon espirityèl.

Pandan w ap repase Danyèl 2:1–15, konsidere kijan ou t ap santi w si w te twouve w nan pozisyon Danyèl la. Kisa Danyèl te fè? (gade Dànyèl 2:16–18). Kisa ou aprann nan Danyèl 1:17 konsènan fason Bondye te prepare Danyèl? Kisa ou ka aprann nan pawòl ak aksyon Danyèl yo apre l te fin resevwa èd Senyè a? (gade Danyèl 2:20–30).

Danyèl 7:13–14

Jezikri se Pitit Gason Papa Etènèl la.

Pandan ministè tèrès Sovè a, anpil Juif te konsidere tit “Pitit Lòm” nan ki nan Danyèl 7:13 la pou fè referans ak Mesi ki t ap vini an. Kisa w aprann konsènan Mesi a nan Dànyèl 7:13–14? (gade tou Moyiz 6:57).

Sovè a te souvan fè referans a tèt li kòm “Pitit Lòm nan.” Konsidere revize kèk egzanp: Matye 25:31; Mak 9:31; 10:45. Kisa L ap anseye konsènan Limenm nan vèsè sa yo? Nan Mak 14:61–64, Jezi te itilize tit sa a nan dènye jou lavi mòtèl Li. Remake reyaksyon moun ki te tande deklarasyon Li a. Kjan pwofesi Danyèl la konsènan Pitit lòm nan te afekte santiman w konsènan sa k te rive Li nan Mak 15 la?

Menm jan yo te rayi Jezi poutèt deklarasyon ke Li sete “Pitit Lòm nan,” ou gendwa fè fas a pèsekisyon tou paske w ap deklare laverite. Konpare pwofesi ki nan Danèl 7:13–14 la avèk pwomès ki nan Doktrin ak Alyans 121:29, 46 yo.

Gade tou Doktrin ak Alyans 49:6; Gid Ekriti yo: “Pitit Lòm nan”, Bibliyotèk Levanjil la.

senbòl seksyon timoun yo

Ide pou Anseye Timoun yo

Danyèl 1; 36

Jezi ap ede m fè sa ki byen menm lè sa difisil.

  • Pou ede pitit ou yo aprann nan istwa enspire yo ki nan liv Danyèl la, ou ta ka chèche foto sou evenman ki nan Danyèl 1, 3, yo ak 6 (gade paj aktivite semèn sa a oswa Liv Ilistrasyon Levanjil la, 23, 2526). Apresa ou ta ka mete foto yo fas anba epi envite yon timoun pou vire youn epi pale konsènan istwa a li reprezante a. (Pou èd, gade “Danyèl ak Zanmi Li yo,” “Chadrak, Michak, ak Abèd-Nego,” epi “Danyèl nan Kav Lyon yo” nan Istwa Ansyen Testaman yo, 154–56, 160–62, 163–65.)

    1:39

    Daniel and His Friends

    1:39

    Shadrach, Meshach, and Abed-nego

    1:45

    Daniel and the Lions’ Den

  • Ede timoun ou yo panse a sitiyasyon kote yo gendwa sibi presyon pou yo fè yon move chwa, tankou Danyèl ak zanmi l yo te jwenn nan Danyèl 1, 3 ak 6 yo. Pataje youn ak lòt kijan nou te beni paske nou te fè bon chwa a menm lè li te difisil. Chante ansanm yon chan ki an rapò avèk sijè sa a, tankou “Bien choisirCantiques, no.154).

jèn gason ki ap refize manje vyann

Mete konfyans nan Pawòl Sajès la

Danyèl 1:1–17

Pè Selès la vle m pran swen kò mwen.

  • Lekti istwa sou Danyèl ak zanmi l yo ki ap refize vyann ak diven wa a ka enspire yon konvèsasyon sou lwa sante Papa nou ki nan Syèl la ba nou jodi a (gade Doktrin ak Alyans 89). Petèt ou ta ka chèche jwenn benediksyon Danyèl ak zanmi l yo te resevwa yo epi konpare yo avèk benediksyon yo te pwomèt nan Pawòl Sajès la (gade Danyèl 1:15–17 ak Doktrin ak Alyans 89:18–21).

Danyèl 2

Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo se wayòm Bondye a sou tè a.

  • Pandan w ap li Danyèl 2:31–35, 44–45 avèk timoun ou yo, ou ka envite yo pou yo desinen yon foto sou rèv Nebuchadnezzar la. Ede yo konprann ke wòch nan rèv la reprezante Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo. Kisa nou aprann konsènan Legliz la nan rèv sa a? Tmoun ou yo ta ka site kèk bagay Pè Selès la te fè pou etabli Legliz Li a nan dènye jou yo. Si yo bezwen èd, ou ta ka montre yo foto sou evenman nan Retablisman Legliz la (gade Liv Ilistrasyon Levanjil la, nos. 90–95).

Danyèl 6

Pè Selès la vle pou m priye souvan.

  • Poukisa priye Papa nou ki nan Syèl la te tèlman enpòtan pou Danyèl? Petèt ou menm ak timoun ou yo te ka pale konsènan kesyon sa a pandan n ap li Danyèl 6 ansanm. Apresa nou ta ka di youn ak lòt poukisa lapriyè enpòtan pou ou. Timoun ou yo ka pran plezi nan desinen foto tèt yo k ap priye nan diferan sitiyasyon. Yo te kapab itilize desen yo pou anseye youn lòt ke nou ka priye Papa nou ki nan Syèl la kèlkeswa kote nou ye oswa sa nou bezwen.

Pou plis, gade piblikasyon revi Zanmi mwa sa a.

Danyèl ki kanpe devan yon gwoup lyon

Danyèl nan Kav Lyon an, pa Clark Kelley Price

Paj aktivite Primè: Bondye ap beni mwen lè m chwazi pou m suiv Jezikri.