Vini, Suiv Mwen
2–8 Novanm. “M ap Mete Yon Nouvo Lespri andedan Nou”: Ezekyèl 1-3; 33–34; 36–37; 47


“2–8 Novanm. ’M ap Mete Yon Nouvo Lespri andedan Nou’: Ezekyèl 1-3; 33–34; 36–37; 47,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: Ansyen Testaman 2026 (2026)

“2–8 Novanm. ’M ap Mete Yon Nouvo Lespri andedan Nou,’” Vini, Suiv mwen: Ansyen Testaman 2026

yon santinèl sou tou a

2–8 Novanm: ““M ap Mete Yon Nouvo Lespri andedan Nou”

Ezekyèl 1–3; 33–34; 36–3747

Ezekyèl sete yon pwofèt an egzil. Ansanm ak lòt Izrayelit yo, yo te kaptire l e voye l Babilòn. Nan Jerizalèm, Ezekyèl ta pral tounen yon prèt k ap sèvi nan tanp lan. Nan Babilòn, li te pami “moun ki te prizonye yo,” epi li “te chita kote yo te chita” (Ezekyèl 3:15), dè santèn kilomèt de kay byenneme Bondye a epi prèske san espwa pou retounen. Epi yon jou Ezekyèl te fè yon vizyon. Li te wè “laglwa Senyè a” (Ezekyèl 1:28)—pa t retounen nan tanp lan nan Jerizalèm men la nan Babilòn nan mitan egzile yo. Li te aprann ke mechanste nan Jerizalèm nan te vin sitèlman grav ke prezans Bondye pa t la ankò (gade Ezekyèl 8–11; 33:21).

E ankò gen yon bagay ki bay espwa nan mesaj Ezekyèl la. Malgre jis nan ki pwen pèp alyans lan te tonbe a, Bondye pa t abandone yo nèt. Si pèp Bondye a te “koute pawòl Senyè a” (Ezekyèl 37:4), sa ki yon fwa te mouri yo ka reviv. Yon “kè anwòch” ka ranplase pa “yon kè nouvo” (Ezekyèl 36:26). Epi nan lavni, Senyè a t ap etabli yon nouvo tanp ak yon nouvèl Jerizalèm, “epi non vil la apati jou sa se pral, Senyè a la” (Ezekyèl 48:35).

Pou yon koudèy sou liv Ezekyèl la, gade “Ezekyèl” nan Diksyonè Bib la.

senbòl etid

Ide pou Aprantisaj nan Fwaye a ak nan Legliz la

Ezekyèl 334

Senyè a envite m pou m nouri brebi Li yo.

Nan Ezekyèl 3 ak 34, Senyè a fè referans a dirijan pèp Li yo kòm gadyen ak bèje. Pandan w ap li chapit sa yo, konsidere kisa tit sa yo sijere osijè kisa sa vledi pou vin yon dirijan.

Kiyès ki se “brebi” Senyè a vle pou nou nouri a? Kisa w jwenn nan Ezekyèl 34 ki ta ka ede yon moun prepare pou l sèvi yon misyon, elve timoun, oswa akonpli yon tach sèvis pastoral? Kijan w ka suiv egzanp Sovè a kòm bèje nou an? (gade vèsè 11–31).

Ou ka medite sou senbòl ou jwenn nan chapit sa a tou. Kisa “bon patiraj” ak “bon twoupo” ka reprezante nan vèsè 14? Ki diferans ki genyen ant yon mouton ki “pèdi” ak yonn yo “chase”? (vèsè 16). Ki lòt senbòl ou jwenn?

Gade tou Jan 21:15–17; Gerrit W. Gong, “Sèvis Pastoral,” Lyawona, Me 2023, 16–19.

Ezekyèl 33:10–19

Senyè a vle padone.

“Si peche … nou yo tonbe sou nou,” Izrayelit an kaptivite yo t ap mande, “kijan nou ta dwe viv apresa?” (Ezekyèl 33:10). An repons, Senyè a te anseye yo sou repantans ak padon. Kesyon sa yo ka ede w medite sou sa Li te anseye:

  • Kisa w panse sa vledi pou “konfye nan pwòp jistis [nou]”? (gade Ezekyèl 33:12–13).

  • Kisa ou ta di yon moun ki santi ke moun yo dekri nan Ezekyèl 33:12–19 yo pa p resevwa bon tretman? (gade tou Matye 21:28–31; Lik 18:9–14).

  • Kisa w jwenn nan vèsè sa yo ki ede w konprann kisa sa vledi pou repanti? Ki ide adisyonèl ou jwenn nan Ezekyèl 36:26–27 ak Alma 7:14–16?

Ezekyèl 37

senbòl seminè
Senyè a ap rasanble pèp Li a epi ba yo nouvo lavi.

Rasanbleman Izrayèl la reprezante nan Ezekyèl 37 atravè de senbòl. Pandan w ap li konsènan premye a—lavi k ap retabli nan zo mò yo (gade vèsè 1–14—medite sou sa li sigjere konsènan rasanbleman Izrayèl sou toude bò vwal la (gade tou Ezekyèl 36:24–30). Konsidere kesyon tankou sa yo:

  • Kisa Senyè a ap eseye akonpli atravè rasanbleman Izrayèl la?

  • Kijan L ap akonpli l?

Ou ta ka poze tèt ou menm kesyon sa yo pandan w ap li konsènan dezyèm senbòl la, nan vèsè 15–28. Dezyèm senbòl la enplike de boutbwa, ke anpil chèchè entèprete kòm plak ekriti anbwa ki atache pa yon gon. Bwa Jida a ka reprezante Bib la (paske pifò nan Bib la te ekri pa desandan Jida yo), epi bwa Joseph la ka reprezante Liv Mòmon an (paske fanmi Leyi sete desandan Joseph, moun Ejip la). Avèk sa nan lespri w, kisa vèsè sa yo anseye w konsènan wòl ekriti yo nan rasanbleman Izrayèl la?

Reflechi sou fason Bib la ak Liv Mòmon an te travay ansanm nan lavi ou—an patikilye, pou ede w vin jwenn Kris la. Ki pasaj ekriti ki espesyalman siyifikatif pou ou?

Gade tou 2 Nefi 3:11–13; 29:14; “Israel, Ton Dieu t appelle,,” Cantiques, no. 6; Sijè ak Kesyon, “Bib,” “Liv Mòmoan,” Bibliyotèk Levanjil; “Liv Mòmon an Rasanble Izrayèl ki Dispèse a” (videyo), Bibliyotèk Levanjil.

1:31

The Book of Mormon Gathers Scattered Israel

Lanmè Mòt la ki antoure pa dezè

Nan yon vizyon, Ezekyèl te wè yon rivyè ki koule soti nan tanp lan epi geri Lanmè Mòt la.

Ezekyèl 47:1–12

Mwen ka jwenn gerizon espirityèl nan kay Senyè a.

Pandan w ap li Ezekyèl 47:1–12 la, sa ta ka ede w pou w konnen ke Lanmè Mòt la sitèlman sale ke pwason ak plant pa ka viv landan l. Kisa ki enpresyone w osijè dlo yo dekri nan vèsè 1–12 yo? (gade tou Revelasyon 22:1). Kisa dlo sa yo te ka senbolize? Kisa pyebwa yo dekri nan vèsè 12 yo ta ka reprezante?

Kisa mesaj Eldè Dale G. Renlund “Istwa Familyal ak Travay Tanp: Sèlman ak Gerizon” la ajoute sou konpreyansyon ou? (gade Lyawona, Me 2018, 47–48). Medite sou fason w te jwenn lavi espirityèl ak gerizon gras ak tanp lan.

senbòl seksyon timoun yo

Ide pou Anseye Timoun yo

Ezekyèl 3:17; 33:1–5

Pwofèt yo se tankou gadyen k ap siveye pou prevni nou de danje.

  • Timoun piti yo ka kontan fè jès ki matche avèk Ezekyèl 3:17 la. Pa egzanp, yo te ka lonje dwèt sou je yo, zòrèy yo, ak bouch yo lè w ap li mo “gadyen”, “tande,” ak “bouch” yo. Yo ta ka renmen al fè yon ti mache tou—deyò oswa jis alantou sal la. Pandan y ap mache, avèti yo kont bagay ki sou wout la, tankou rivyè pou yo travèse, branch pou yo koube pou yo ka evite, oswa bèt pou yo evite (reyèl oswa pretann). Sa ka mennen nan yon konvèsasyon sou fason pwofèt Senyè a avèti nou sou danje nou pa ka wè yo.

  • Men yon lòt fason pou ilistre Ezekyèl 3:17; 33:1–5 la. Youn nan timoun ou yo te kapab pretann ke l se yon “gadyen” nan gade deyò yon fenèt epi di tout lòt moun sa k ap pase deyò a. Ou ta ka gade videyo “Gadyen sou Tou a” tou (ChurchofJesusChrist.org). Kijan pwofèt vivan an se tankou yon gadyen pou nou?

    4:17

    Watchman on the Tower

Ezekyèl kenbe de woulo

Pwofèt Ezekyèl, pa Lyle Beddes

Ezekyèl 37:15–23

Bib la ak Liv Mòmon an ede “rasanble” nou avèk Jezikri.

  • Apre w fin li Ezekyèl 37:15–23 ansanm, oumenm ak timoun ou yo te kapab chèche de bwa epi ekri sou youn Pou Jida (Bib la) ak sou lòt la Pou Jozèf (Liv Mòmon an). Yo ta ka pataje istwa oswa ekriti nan Bib la ak nan Liv Mòmon an apresa ki ede yo santi yo pi pre Sovè a epi vin tounen “pèp [Li]” (vèsè 23). Poukisa li bon pou nou gen toulède liv ekriti sa yo?

Pa eseye kouvri tout bagay. Ou gendwa pa gen posiblite pou w eksplore chak verite ki nan Ezekyèl yo avèk timoun ou yo. Nan lapriyè, konsidere sa yo bezwen konprann, epi chèche direksyon espirityèl pou w detèmine sou kisa pou w fokis. (Gade Anseye nan Fason Sovè a17.)

Ezekyèl 47:1–12

Kè nou ak fanmi nou ka jwenn gerizon nan kay Senyè a.

  • Ezekyèl 47 dekri visyon Ezekyèl la sou dlo k ap koule soti nan tanp lan epi geri Lanmè Mòt la—yon lanmè ki sitèlman sale ke pwason ak plant pa ka viv ladan. Petèt chak nan timoun ou yo ka trase youn oubyen de objè nan vizyon an, tankou yon tanp, yon rivyè, yon dezè, Lanmè Mòt la, yon pil pwason, oswa yon pyebwa ki bay fwi. Apresa, pandan w ap li vèsè 1–12 yo ansanm, yo ta kapab pataje desen yo lè objè sa a mansyone. Ki benediksyon ki te soti nan rivyè a nan vizyon sa a? Ede timoun yo wè kijan benediksyon sa yo se tankou benediksyon Sovè a ofri moun ki kenbe alyans tanp yo. Videyo “Epi Rivyè a Pral Grandi” a nan (Bibliyotèk Levanjil la) ka ede.

    3:43

    And the River Will Grow

  • Nou ka chante yon chan ansanm ki dekri benediksyon tanp, tankou “Ensemble à tout Jamais” (Chants Pour Les Enfants, 188) Kisa chante sa a anseye sou fason Senyè a beni nou nan kay sakre Li a?

Pou plis ide, gade piblikasyon revi Zanmi mwa sa a.

yon rivyè k ap koule soti nan tanp Jerizalèm nan

“Gade, dlo yo pete soti anba lento pòt kay la. … Epi chak bagay pral viv kote rivyè a koule a” (Ezekyèl 47:1, 9). Imaj ki gen lisans pa goodsalt.com

Paj aktivite Primè: Liv Mòmon an ak Bib la “rasanble” nou avèk Jezikri