“16–22 Novanm. ’M ap Renmen yo ak Tout Kè M’: Ose 1-6; 10–14; Joel,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: Ansyen Testaman 2026 (2026)
“16–22 Novanm. ’M ap Renmen yo ak Tout Kè M,’” Vini, Suiv mwen: Ansyen Testaman 2026
Novanm 16–22: “M ap Renmen yo ak Tout Kè M”
Oze 1–6; 10–14; Jowèl
Alyans Izrayèl avèk Senyè a te destine pou l te tèlman pwofon ak siyifikatif ke Senyè a te konpare l avèk yon maryaj. Alyans lan, tankou yon maryaj, te enkli angajman etènèl, eksperyans pataje, bati yon vi ansanm, lwayote total, e plis pase tout bagay, lanmou san rezèv. Malerezman, Izrayelit yo pa t fidèl a alyans yo a. Poutan, mesaj Senyè a te ba yo a se pa t “M ap rejte ou pou tout tan.” De preferans se te “M ap envite w tounen” (gade nan Oze 2:14–15). “M ap toujou respekte w, m ap toujou kenbe pawòl mwen avè w,” Li te deklare atravè pwofèt Oze (Oze 2:19). “M ap rale pèp la tounen vin jwenn mwen ankò. M ap renmen yo ak tout kè m” (Oze 14:4). Se menm mesaj sa a Li ban nou jodia lè nou chèche viv alyans nou yo avèk lanmou ak devosyon.
Jowèl te pataje yon mesaj menmjan an tou: “Tounen vin jwenn Senyè a, Bondye nou an. Li gen bon kè anpil, li gen pitye pou moun” (Jowèl 2:13). Lè nou li pawòl pwofèt sa yo, sa ka pouse nou medite sou pwòp relasyon pa nou avèk Senyè a—pou nou reflechi sou fason fidelite Li pou nou enspire nou pou nou fidèl anvè Li.
Pou yon koudèy sou liv Oze ak Jowèl yo, gade nan “Oze ou Jozye ak “Jowèlnan Diksyonè Bib la.
Ide pou Aprantisaj nan Fwaye a ak nan Legliz la
Oze 1–3; 14
Senyè a toujou envite m pou m retounen vin jwenn Li.
Madanm Oze a, Gomè, te enfidèl anvè li, epi Bondye te siyale evenman tris sa a pou L te anseye Izrayelit yo kijan Li te santi L konsènan yomenm ak alyans yo avèk Li. Pandan w ap li Oze 1–3 a, medite sou kijan Senyè a wè relasyon Li avèk pèp alyans Li a. Kijan fè yon alyans avèk Senyè a se tankou antre nan yon maryaj? Kijan echwe nan kenbe alyans sa a se tankou nou enfidèl anvè yon konjwen? (gade Oze 2: 5–7, 13). Kisa Oze 2:14–23 anseye nou sou lanmou ak mizèrikòd Senyè a? Kijan w montre L lanmou w ak lwayote w?
Nan Oze 14, chèche jwenn bèl pwomès Senyè a fè moun ki retounen vin jwenn Li yo. Kisa fraz “renmen yo ak tout kè m” nan vledi pou ou? (vèsè 4). Kisa metafò plant yo nan vèsè 5–8 yo anseye nou konsènan benediksyon Senyè a ba nou, enkli benediksyon repantans yo? Kòm yon pati nan etid ou, konsidere chante oswa koute yon kantik sou mizèrikòd Sovè a, tankou “Venez à Jésus” (Cantiques, no. 62).
Gomè, ki reprezante kay Izrayèl la ak alyans yo te kraze yo, te resevwa ofrann redanmsyon nan men Senyè a. Ilistrasyon pa Deb Mnannard, lisansye nan goodsalt.com
Oze 6:4–7; Jowèl 2:12–13
Devosyon pou Bondye dwe se yon bagay moun santi andedan, pa sèlman yon bagay moun eksprime sou deyò.
Moun ki te viv nan epòk Oze yo t ap ofri sakrifis bèt, men, yo te vyole kòmandman ki te pi enpòtan yo. Kisa w panse sa vledi ke Senyè a “vle mizèrikòd, e non pa sakrifis; epi konesans sou Bondye plis pase boule ofrann”? (Oze 6:6). Kisa w panse sa vledi pou jistis vin tankou yon nyaj oswa tankou lawouze? (gade Oze 6:4). Tankou kisa jistis nou ta dwe ye? (gade Ezayi 48:181 Nefi 2:9–10
Ou ta kapab li tou Matye 9:10–13; 12:1–8 pou wè kijan Sovè a te itilize Oze 6:6 pandan ministè L la. Kijan pasaj sa yo ede w konprann pawòl Oze yo?
Lè w li Jowèl 2:12–13, sa ta kapab ede w konnen ke dechire oswa rache rad se te yon siy eksteryè pou montre ke yon moun an dèy oubyen li gen remò. Kijan dechire kè nou diferan de dechire rad nou?
Jowèl 2
“M ap devèse lespri m sou tout chè.”
Ki similarite ou wè ant epòk nou an ak epòk Jowèl te predi a? (gade espesyalman Jowèl 2:1–2, 11, 18–32). Kisa ki enpresyone w konsènan benediksyon Senyè a te pwomèt nan vèsè 18–32 yo? Poukisa benediksyon sa yo ka espesyalman gen anpil valè jodi a?
Sa ta ka enteresan pou nou ta li sa Mowoni te di konsènan Jowèl 2 lè li te vizite Joseph Smith an 1823 a (gade Joseph Smith—Istwa 1:41). Kijan ou santi pwofesi ki nan Joel 2:28–32 yo ap akonpli nan epòk pa nou an? (gade Travay 2:1–21). Kisa w panse Senyè a t ap “vide Lespri [Li] sou tout moun” nan vledi? Jowèl 2:12).
Ou gendwa medite sou pawòl sa yo Prezidan Russell M. Nelson te di: “Nan jou k ap vini yo, li p ap posib pou nou siviv espirityèlman san enfliyans gidan, rekonfòtan, ak konstan Sentespri a” (“Revelasyon pou Legliz la, Revelasyon pou Lavi Nou,” Liahona, Me 2018, 96). Poukisa revelasyon esansyèl pou nou siviv espirityèlman?
Kisa nou ka fè si nou santi nou pa p resevwa devèsman sa a? Men kèk egzanp ki ta ka ede nou. Kisa moun yo nan ekriti sa yo te fè pou yo te resevwa yon devèsman Lespri Senyè a?
Pandan w ap li pawòl sa yo de Èldè David A. Bednar, medite sou kisa sa vledi pou nou santi yon devèsman Sentespri a nan lavi nou chak jou:
“Nou souvan rann li difisil pou nou resevwa revelasyon pèsonèl. Lè m di sa a, mwen vledi ke pwomès alyans la sèke pandan n ap onore alyans nou yo, nou kapab toujou gen Sentespri a kòm konpanyon konstan nou. Men nou pale konsènan li epi nou trete l kòmsi tande vwa Senyè a atravè Lespri L la se yon evenman ra. … [Lespri a] dwe avèk nou tout tan. Non pa chak milyèm segond, men si yon moun ap fè tout sa l kapab—ou pa bezwen pafè—men si oumenm avèk mwen ap fè tout sa nou kapab epi nou pa komèt peche grav, enben, nou kapab konte sou Sentespri a pou gide nou. …
“… Sanble nou kwè ke Sentespri a dramatik ak gwo ak toudenkou, lè li trankil ak toupiti epi pwogrese avèk letan” (“Diskisyon Èldè David A. Bednar” [sware avèk yon Otorite Jeneral, 7 Fevriye 2020], broadcasts.ChurchofJesusChrist.org).
Gade tou Gary E. Stevenson, “Enspirasyon Lespri a,” Liahona, Nov. 2023, 42–45; “Teritwa Lènmi” (videyo), Bibliyotèk Levanjil la.
Enemy Territory
Kreye yon anviwonman espirityèl. “Kisa ou te obsève ki kontribye pou yon anviwònman espirityèl pou aprann levanjil la? Kisa ki antrave l? … Panse sou anbyans kote w anseye [oswa aprann] pi souvan? Kijan w santi w lè w kote sa a? Kijan w ka pi efikas nan envite Lespri a pou L prezan nan kote sa a? (Ansye nan Fason Sovè a, 7).
Ide pou Anseye Timoun yo
Oze 2:19–20
Mwen ka respekte alyans mwen yo fidèlman.
-
Nan liv Oze a, Senyè a konpare alyans Li yo avèk pèp Li a nan yon maryaj. Pou aprann nan konparezon sa a, oumenm ak timoun ou yo te kapab gade foto yon lemarye ak lamarye epi pale sou kijan Papa nou ki nan Syèl la vle yon mari ak madanm trete youn lòt. Ede timoun ou yo jwenn mo nan Oze 2:19–20 la ki dekri kijan Senyè a santi l konsènan nou. Kijan nou ka montre Senyè a ke nou renmen Li epi nou ap rete fidèl anvè Li?
Oze 10:12
“Li lè pou chèche Senyè a.”
-
Oze 10:12 fè referans ak simen, rekòlte, tan, ak lapli pou envite nou chèche Senyè a. Pandan w ap li vèsè sa a, ki ide kreyatif ki vin nan lespri w ki ta ka enspire timoun yo pou yo chèche Li? Pa egzanp, petèt timoun ou yo ka desine yon revèy epi ekri fason yo ka chèche Senyè a nan diferan lè pandan jounen an. Yon chante tankou “Nenpòt lè, Nenpòt kote” (Bibliyotèk Levanjil) ta ka ede w anseye ke se toujou yon bon moman pou chèche Senyè a.
-
Oubyen pitit ou yo ta ka fè senp jès ki mache ak vèsè a, tankou pretann ke w ap plante semans, chwazi legim, oswa kanpe nan lapli. Ede timoun ou yo konpare plante yon semans ak rekòlte bon manje avèk viv byen epi resevwa benediksyon Senyè a. Apresa nou ta ka pale youn ak lòt sou benediksyon Senyè a te devèse sou ou pandan w ap eseye chèche Li.
Oze 13:4, 14
Jezikri se Sovè ak Redanmtè mwen.
-
Pou mete aksan sou verite ki nan Oze 13:4 la ki di ke pa gen lòt Sovè eksepte Jezikri a, ou ta ka montre timoun ou yo foto plizyè moun, enkli Jezi. Timoun ou yo ka yon apre lòt lonje dwèt sou moun ki gen pouvwa pou sove nou anba peche ak lanmò a. Pataje temwayaj ou sou Jezikri ak Epspyasyon Li a.
-
Timoun ou yo ta kapab chèche mo nan Oze 13:4, 14 ki dekri Jezikri. Kisa vèsè sa yo anseye nou konsènan Li? Konsidere ede timoun ou yo itilize Gid Ekriti yo pou jwenn lòt ekriti ki anseye ke Jezi se Sovè ak Redanmtè nou. Pataje yonn avèk lòt kijan ou santi w konsènan Jezikri.
Jowèl 2:28–29
Sentespri a ka gide m.
-
Petèt ou ta ka ede timoun ou yo konprann Jowèl 2:28–29 la nan kite yo vide yon likid epi apresa fè kontras li avèk yon gout oswa yon filè dlo. Kisa sa ta ka vledi pou Lespri a “vide” sou nou?
-
Pandan n ap li Jowèl 2:28–29 ansanm, ou ka envite timoun ou yo pou youn mete non lòt nan plas fraz “pitit gason nou yo” ak “pitit fi nou yo.” Apresa, ede yo jwenn ekriti tankou Jan 14:16; Mowoni 10:5; Doktrin ak Alyans 42:17 pou chèche konnen kijan Lespri a kapab ede yo.
Pou plis, gade piblikasyon revi Zanmi mwa sa a.