Vini, Suiv Mwen
3–9 Out. “Se pou Tan Sa a Menm … Ou La a Jounen Jodia”: Estè


“3–9 Out. Se pou Tan Sa a Menm … Ou La a Jounen Jodia’” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: AnsyenTestaman 2026 (2026)

“3–9 Out. ‘Se pou Tan Sa a Menm … Ou La a Jounen Jodia’” Vini, Suiv Mwen— Ansyen Testaman 2026

Estè ki ajenou devan wa a

Rèn Estè sove pèp Jewova a, Sam Lawlor

3–9 Out: Estè: “Se pou Tan Sa a Menm … Ou La a Jounen Jodia”

Estè

Anpil evenman ki nan liv Estè a ta ka sanble chans oubyen aza. Ki lòt fason ou ta ka eksplike ki jan yon jèn tifi òfelen Juif te fè rive vin rèn peyi Pès la jis nan bon moman pou l te sove pèp li a pou yo pa t tiye yo? Ki chans ki te genyen pou kouzen Estè a, Madoche, ta rive tande yon konplo pou yo asasinen wa a? Èske bagay sa yo sete aza, oubyen yo te fè pati yon plan diven? Èldè Ronald A. Rasband te note: “Sa ki kapab sanble yon senp chans se, anfèt, sou sipèvizyon yon Papa eman ki nan Syèl la. … Senyè a nan tout ti detay nan lavi nou” (“Pa dekrè divin,” Liahona, Nov. 2017, 56). Nou gen dwa pa toujou rekonèt enfliyans Senyè a nan “ti detay sa yo.” Men nou aprann nan eksperyans Estè a ke Li kapab gide chemen nou epi prepare nou “pou yon tan konsa” (Estè 4:14) kote nou ka vin enstriman nan men Li pou ranpli objektif Li.

Pou yon koudèy jeneral sou liv Estè a, gade nan “Estè a, liv” nan Diksyonè Bib la.

senbòl etid

Ide pou Aprantisaj Lakay ak nan Legliz

Estè

senbòl seminè
Senyè a plase nou nan sitiyasyon kote nou kapab beni lòt moun.

Prezidan Dieter F. Uchtdorf te anseye ke nou chak “kanpe nan yon kote inik e li gen yon travay enpòtan ke sèlman [nou] ka fè. … Senyè a te ba ou responsablite ou pou yon rezon. Ka gen moun ak kè ke se sèlman oumenm ki ka touche yo. Petèt pa gen okenn lòt moun ki te kapab fè l menm jan an’ (“Edifye Kote w Kanpe a,” Liahona, Nov. 2008, 56).

Pandan w ap li istwa Estè a, medite sou fason deklarasyon sa a aplike a limenm. Chèche fason Senyè a te rann posib pou l te sove Juif yo (gade, paregzanp, Estè 2:21–23; 3:10–14; 4:14–16). Apresa reflechi sou fason li te ban nou opòtinite pou n beni lòt moun. Nan ki sikonstans oubyen relasyon ou santi Li te gide ou “pou tan sa a”? (Estè 4:14). Si w gen yon benediksyon patriyakal, konsidere li l pou w ka aprann plis apwopo travay Senyè a genyen pou w fè. Kisa w ka fè pou w akonpli travay sa a?

Gade (videyo) “For Such a Time as This (Pou yon Tan Konsa”, ChurchofJesusChrist.org.

13:44

For Such a Time as This

Nou aprann plis ak aksyon pase lè nou koute. Èldè David A. Bednar te konseye enstriktè yo: “Entansyon nou pa dwe ‘Kisa pou m di yo?’ Olyesa, kesyon nou dwe poze tèt nou se ‘Kisa m ka envite yo pou yo fè? Ki kesyon enspire m ka poze, pou ke, si yo dispoze reponn, sa ap kòmanse envite Sentespri a nan lavi yo?’” (nan Anseye nan Fason Sovè a, 7 Fev,25). Si w ap anseye fanmi w oswa yon klas sou Estè, ki sa w ka mande yo pou yo fè k ap ede yo aprann?

Madoche k ap gade Aman monte yon chwal nan lari yo

“Lè Aman te wè Madoche te derefize ni mete ajenou … li ofiske” (Estè 3:5).

Estè 3; 5:9–147

Ogèy ak kolè ka kondui nan defèt.

Nan liv Estè a, nou aprann sou fidelite Estè ak Madoche osibyen ke ògèy ak kolè Aman. Pandan w ap li Estè 3; 5:9–14la, panse pou w note santiman, pawòl ak aksyon Aman yo. Kisa yo revele sou li ak sou motivasyon li? Ki konsekans li te rankontre? (gade Estè 7). Li apwopo Aman ka pouse w evalye ki sa ki motive santiman ak aksyon ou. Èske w enspire pou w fè kèk chanjman? Kijan w ka vire al jwenn Pè Selès la pou èd?

Gade tou Pwovèb 16:32; Alma 5:28.

Estè 3–4; 5:2–3; 8:11–12

Jèn montre ke mwen mete konfyans mwen epi m konte sou Senyè a.

Remake pou ki rezon Estè ak rès Juif yo te deside fè yon jèn (gade Estè 3:13; 4:1–3, 10–17). Kijan jene te yon benediksyon pou yo? (gade Estè 5:2–3; 8:11–12). Poukisa Senyè a mande nou pou n jene? (gade Sujets et questions, “Jeûne et offrandes de jeûne,” Libreri Levanjil). Konsidere ki jan ou kapab fè jene vin yon pi gran benediksyon nan lavi ou.

Gade tou Ezayi 58:6–12; Fasting: Young Single Adult Ward, Amanda [Jene: Pawas Jèn Adilt Selibatè, Amanda]” (videyo), ChurchofJesusChrist.org

2:41

Fasting: Young Single Adult Ward, Amanda

Estè 3:1–11; 4:10–17; 5:1–4; 9:17–19

Fè sa ki byen souvan mande gwo kouraj.

Lè Madoche ak Estè t ap defann kwayans yo ak pèp yo a, yo te mete lavi yo an danje. Chwa nou yo ka gendwa gen mwens konsekans grav, men fè sa ki dwat ka toujou mande kouraj. Kisa w aprann nan Estè 3:1–4; 4:10–17 la sou gen kouraj pou w fè sa ki byen? Remake konsekans diferan Madoche ak Estè te sibi apre yo te fin montre kouraj la (gade Estè 3:5–11; 5:1–4). Ki sa Estè ak Madoche te bezwen konnen sou Bondye pou yo fè chwa yo te fè yo?

Reflechi sou sitiyasyon kote ou bezwen gen kouraj pou w kanpe pou sa ki bon. Kisa ou aprann nan men Estè ak Madoche ki ka ede w jwenn kouraj nan Senyè a?

Kouraj Estè a te mennen nan “yon jou kontantman” (gade Estè 9:17–19). Ki jan kouraj Kris la ba ou “yon jou kontantman”?

Gade tou “Kouraj,” “Dare to Stand Alone [Gen Kouraj pou w Kanpe Poukont Ou]” (videyo), Libreri Levanjil; “Vas-tu faiblir, ô jeunesse,” Cantiques, no. 164.

3:19

Courage

4:20

Dare to Stand Alone

Pou plis ide, gade piblikasyon mwa sa a nan revi Lyawona a ak revi Pou fòs jèn yo.

senbòl seksyon timoun yo

Ide pou Anseye Timoun yo

Estè 2:5–7

M ka sèvi fanmi mwem.

  • Ou ka santi ou enspire pou w itilize Esther 2:7 pou w anseye pitit ou ede manm fanmi yo ki nan bezwen, jan Madoche te fè pou Estè. Ou ta ka li vèsè a ansanm oswa rezime li nan pwòp mo pa ou. Apre sa, oumenm ak pitit ou te ka reflechi sou manm fanmi w ki ka bezwen èd ou. Fè yon plan pou ede yo.

Estè 3:1–11; 4:10–17

Senyè a ka ede m vin vanyan.

  • Egzanp Estè ak Madoche la ka ede pitit ou konprann yon moun vanyan vle di yon moun ki fè sa ki dwat menm lè li pè. Konsidere ekri fraz Madoche te vanyan lè li te … ak Estè te vanyan lè li te …. Pandan w ap aprann istwa Estè an ansanm, pitit ou te ka sijere fason pou yo fini fraz yo. Ou te gendwa li Estè 3:1–11; 4:10–17 oswa “Rèn Estè” (nan Istwa Ansyen Testaman,166–70) oswa gade foto ki nan deklarasyon sa a. Apre sa ekri M ap brav lè mwen …, epi envite timoun ou yo pou yo ekri yon lis bagay Pè Selès la vle pou yo fè, ki mande kouraj. Yon chante sou kouraj, tankou “Fais donc le bien” (Chants pour les enfants, 80), te kapab ede.

    2:45

    Queen Esther

  • Ou te gendwa aprann tou sou moman kote Jezikri te montre Li te vanyan—pa egzanp, lè L t ap soufri pou peche nou yo nan Jetsemane ak sou kwa a (gade nan Matye 26:36–39; 27:33–35). Mande pitit ou pou yo pataje yon tan kote yo te brav, epi pataje pwòp eksperyans pa w tou.

Estè 4:1–3, 10–17

Jèn pote benediksyon Senyè a.

  • Lekti Estè 4:1–3, 10–17 te kapab ede w anseye pitit ou yo sou jèn. Poukisa Estè ak Juif yo te jene? Di pitit ou poukisa ou jene. Ou ta gendwa mande yo tou ki jan yo t a esplike yon zanmi ki poko janm jene kisa yon jèn ye. Kijan nou ka ede zanmi nou yo konprann benediksyon ki soti nan jèn yo?

  • Ankouraje pitit ou pou yo reflechi sou yon bagay ki fè yo gendwa bezwen èd Senyè a. Sijere yo pou yo fè l yon pati nan jèn pwochen dimanch jèn la.

Rèn Estè kanpe bò kot wa a

Paske Estè te vanyan, li te rive sove pèp Senyè a.

Estè 4:14

Mwen ka vin yon enstriman nan men Bondye.

  • Ede pitit ou konprann ke lè Estè te pè, Madoche te ankouraje li lè l te eksplike l ke Senyè a te ede l vin rèn “pou move pa sa a” (Estè 4:14). Ki sa Madoche te vle di lè sa a? Pale youn ak lòt sou fason Estè te vin yon enstriman pou Senyè a. Kijan nou ka vin tounen enstriman nan men Bondye?

  • Ki jan w ka ede pitit ou konprann ki sa yon enstriman ye? Petèt ou ta ka envite yon moun vin jwe yon chante sou yon enstriman mizik oswa montre yo yon foto yon moun k ap sèvi avèk yon zouti. Ou ta gendwa pale de kisa li vle di pou yon moun yon enstriman nan men Bondye.

Pou plis ide, gade piblikasyon pou mwa sa a sou revi Zanmi an.

Rèn Estè

Larèn Estè, Minerva Teichert, ©William and Betty Stokes

Paj aktivite Primè: Senyè a ka ede m vin brav