“23–29 Mas. ‘Mwen sonje Alyans Mwen an‘: Egzòd 1–6,“ Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: Ansyen Testaman 2026 (2026)
“23–29 Mas. ‘Mwen Sonje Alyans Mwen an,“ Vini, Suiv Mwen: 2026
Moyiz ak Touf Bwa ki ap Boule a, pa Jerry Thompson
23—29 Mas “Mwen Sonje Alyans Mwen an”
Egzòd 1–6
Envitasyon pou l t al viv an Ejip la te sove fanmi Jakòb. Men, apre plizyè santèn ane, desandan l yo te tonbe nan esklavaj epi yo te teworize pa yon nouvo Farawon “ki pa t konnen Joseph” (Egzòd 1:8). Se t ap tou natirèl pou Izrayelit yo ta mande tèt yo poukisa Bondye te kite bagay sa a rive yomenm, pèp alyans Li a. Èske Li te sonje alyans Li te fè avèk yo a? Èske yo te toujou pèp Li a? Èske Li te ka wè kijan yo t ap soufri?
Gendwa gen moman kote ou te santi tankou w ta poze menm kesyon yo. Ou ta ka mande tèt ou, èske Bondye konnen kisa m ap pase? Èske Li ka tande siplikasyon m pou èd yo? Istwa delivrans Izrayèl anba Ejip la reponn kesyon sa yo byen klè: Bondye pa bliye pèp Li a. Li sonje alyans Li yo avèk nou epi L ap akonpli yo nan pwòp tan ak pwòp fason ak tan pa Li. Li te deklare: “M ap rachte ou avèk bra m ouvri.” “Mwen se Senyè Bondye w la, ki mennen w soti anba fado [w] yo” (Egzòd 6:6–7).
Pou yon koudèy jeneral sou liv Egzòd la, gade “liv, Egzòd” nan Diksyonè Bib la.
Ide pou Aprantisaj nan Fwaye a ak nan Legliz la
Egzòd 1–2
Bondye kapab travay atravè mwen pou akonpli objektif Li yo.
Kisa ki enpresyone w konsènan fi yo ki dekri nan Egzòd 1–2a? Kijan yo te ede akonpli plan Bondye pou pèp Li a? Kisa efò yo anseye nou konsènan sèvis nan travay Bondye a?
Egzòd 1–3
Jezikri se Liberatè mwen.
Anvan ou kòmanse li Egzòd, ou ta ka panse konsènan yon difikilte w ap pase—yon bagay ou espere Senyè a pral delivre ou anba l. Ki mo ak fraz nan Egzòd 1-3 ki sonnen menmjan ak kaptivite spirityèl oswa lòt bagay yo nou rankontre jodi a? Remake tou kijan timoun Izrayèl yo te chèche delivrans ak kijan Senyè a te reponn (gade, pa egzanp, Egzòd 2:23–25; 3:7–8). Kijan Senyè a “te desann pou delivre“ ou?
Atravè tout liv Egzòd la, ou ka note tou kèk resanblans ant Moyiz ak Jezikri (gade Detewonòm 18:18–19; 1 Nefi 22:20–21). Pa egzanp, ki resanblans ou wè ant Egzòd 1:22; 2:1–10 ak Matye 2:13–16? Oubyen ant Egzòd 24:18 ak Matye 4:1–2? Kisa w santi Senyè a vle w konprann konsènan Limenm ak pouvwa Li?
Chèche senbòl yo ki temwaye de Jezikri “Ou ka … jwenn paralèl avèk lavi Sovè a nan lavi pwofèt yo ak lòt gason ak fi ki fidèl yo nan ekriti yo. [Fè sa] ap revele verite konsènan Sovè a nan kote ou ta ka otreman neglije“ (Gade Ansèyman nan Fason Sovè a,7; gade tou Oze 12:10).
Lafwa nan Dlo Edge la, pa Anne Marie Oborn
Egzòd 3:1–6
Mwen ka montre reverans pou bagay ak kote ki sakre yo.
Èske w ka reflechi sou yon moman lè yon bagay te ranpli w ak etònman ak admirasyon? Kijan w te reyaji? Ki jan w t ap dekri emosyon w te santi yo?
Avèk sa nan tèt ou, li Egzòd 3:1–6. Kisa ki enpresyone w konsènnan eksperyans enspiran Moyiz la? Kisa Moyiz te fè pou l montre reverans pou Bondye? Ki koneksyon ou wè ant aksyon l yo ak reverans li pou bagay sakre yo?
Lèkti vèsè sa yo ka pouse w reflechi konsènan bagay ki sen ak kote ki sen yo nan lavi w. Poukisa yo enpòtan pou nou? Kijan w trete yo diferaman de bagay ki komen? Pou gide meditasyon w lan, ou ta ka al gade nan seksyon an ki rele “Sonje Pwomès yo“ nan mesaj Èldè David A. Bednar “Depase Pwomès Gran ak Presye yo“ (Lyawona, Nov. 2017, 91–93). Ou ta ka chante oswa koute yon kantik ki enspire admirasyon tou, tankou “Merveilleux l‘Amour“ (Cantiques, no 117) epi reflechi sou kisa nan levanjil la ki emèveye ou.
Natirèlman, menm lè nou te gen bèl eksperyans espirityèl, gen yon danje pou vin twò neglijan konsènan bagay sakre yo. Kijan w ka evite sa a? Me de mesaj ki adrese pwoblèm sa a; chwazi youn, epi chèche deklarasyon yo ki ede ou: Ulisses Soares, “Emèveye pou Kris ak Levanjil li a“ (Laywona, Me 2022, 115–17); Gérald Caussé, “Èske sa Toujou Mèvèye pou Ou?“ Liahona, Me 2015, 98–100).
Gade tou Doktrin ak Alyans 6:10–12; 63:64.
Egzòd 3–4
Bondye bay moun Li aple yo pouvwa pou fè travay Li.
Jodia, nou rekonèt Moyiz kòm yon gran pwofèt ak dirijan. Men, Moyiz pa t wè tèt li konsa lè Senyè a te aple l premye fwa a. Lè n ap li Egzòd 3–4, fè lis enkyetid Moyiz yo ak kijan Senyè a te reponn chak. Kisa w jwenn nan chapit sa yo ki ta ka enspire w lè w santi w pa alawotè? Kilè ou te wè Bondye abilite ou oswa lòt moun pou fè travay Li?
Gade tou “Legliz la Ban Nou Opòtinite pou Ede nan Travay Bondye a“ nan “Òganizasyon Legliz la“ nan Sijè ak Kesyon, Bibliyotèk Levanjil la.
Egzòd 5–6
Objektif Senyè a ap akonpli nan pwòp tan pa Li.
Li ka dekourajan lè efò sensè nou yo pou fè byen pa sanble ap travay—lè nou ap eseye fè volonte Senyè a men nou pa wè rezilta nou te espere yo. Pou aprann konsènan yon eksperyans konsa Moyiz te fè, li Egzòd 5:4–9, 20–23. Kijan Senyè a te ede Moyiz simonte santiman dekourajman l yo? (gade Egzòd 6:1–13 Kijan Senyè a konn ede w pèsiste nan fè volonte Li?
Gade tou Jeffrey R. Holland, “Apiye sou Seyè a,“ Liahona, Nov. 2020, 115–17.
Pou plis ide, gade piblikasyon revi Lyawona mwa sa a ak Pou fòs jèn yo.
Ide pou Anseye Timoun yo
Paske Dimanch sa a se senkyèm Dimanch nan mwa a, nou ankouraje enstrikè Primè yo pou itilize aktivite aprantisaj yo nan “Apendis B: Prepare Timoun yo pou Tout yon Lavi sou Chemen Alyans Bondye a.”
Egzòd 1–2
Bondye kapab travay atravè mwen pou akonpli objektif Li yo.
-
Moyiz te gen yon gwo wòl nan libere Izrayèl anba esklavaj. Men li pa t ap kapab akonpli sa si manman l, sè l la, pitit fi Farawon an, ak lòt fi fidèl pa t pwoteje l ak pran swen li. Ede timoun ou yo aprann konsènan fi sa yo nan Egzòd 1:15–20; Egzòd 2:2–10 (gade tou Kantite 26:59); ak Egzòd 2:16–21. Ou ta ka itilize tou paj aktivite semèn sa a ak “Ti Bebe Moyiz“ (nan Istwa Ansyen Testaman, 61–63) pou rakonte istwa yo. Kijan fi sa yo te ede akonpli plan Bondye a? Pale youn ak lòt konsènan lòt moun ou admire ki ede nan travay Bondye a, ki enkli ti fason ki senp. Kijan nou ka suiv egzanp yo?
1:36Baby Moses
Egzòd 3:1-5.
Mwen ka trete kote ki sen avèk reverans.
-
Apre nou fin li Egzòd 3:1–5 ansanm, mande timoun ou yo pou yo rezime vèsè sa yo nan pwòp mo pa yo (gade tou “Moyiz Pwofèt la“ nan Istwa Ansyen Testaman an, 64–66). Kijan Moyiz te montre reverans nan prezans Senyè a? Poukisa Senyè a vle pou nou montre reverans? Ou ka mande timoun ou yo pou ede w jwenn (oswa desine) foto kote sakre oswa aktivite kote nou ta dwe reveran. Kisa nou ka fè pou fè fwaye nou vin yon andwa sakre?
1:26Moses the Prophet
-
Chante ansanm yon kantik konsènan reverans, tankou “Le Recueillement est l‘Amour” (Chants pour les enfants,12). Pandan w ap fè sa, timoun ou yo ka jwenn mo oswa fraz yo ki esplike kisa sa vledi pou rete reveran. Si nou ta pral mennen yon zanmi legliz pou premye fwa, kijan nou t ap esplike kisa sa vledi pou rete reveran?
Moyiz ak Arawon Pale avèk Moun yo, pa James J. Tissot
Egzòd 3–4
Lè Senyè a mande m pou m fè yon bagay, L ap ede m fè l.
-
Pandan w ap itilize istwa a nan Egzòd 3; 4:1–17, fè chak timoun youn apre lòt pretann li se Moyiz. Li ta ka amizan pou yo enkli objè oswa akseswa senp, tankou yon flach ak yon plant yo reprezante ti touf bwa k ap boule a. Ede pitit ou yo dekouvri kijan Moyiz te santi l konsènan asiyasyon Senyè a te ba li (gade Egzòd 3:11; 4:1, 10). Petèt nou ta ka pataje youn ak lòt moman kote nou te gen menm santiman sa yo. Ki konsèy timoun yo ta pataje avèk Moyiz pou ede li? Ede yo dekouvri kijan Senyè a te ankouraje Moyiz nan Egzòd 3:12; 4:2–9, 11–12. Di timoun yo kijan Sovè a te ede w akonpli yon apèl, suiv yon enspirasyon, oswa fè yon lòt bagay ki te difisil pou ou.
Pou plis ide, gade piblikasyon pou mwa sa a sou revi Zanmi an.